Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki efè teknoloji genyen sou fason w panse?

Ki efè teknoloji genyen sou fason w panse?

Moun toujou ap aprann, kit se nan lekòl, nan travay oswa pou lòt rezon. Teknoloji ka ede moun aprann. Pa t janm gen yon moman konsa nan listwa kote enfòmasyon te fasil pou w jwenn konsa, san w pa menm bezwen kite lakay ou oswa leve sou chèz ou.

Sepandan, anpil moun ki sèvi anpil ak teknoloji rann yo kont:

  • yo gen difikilte pou yo konsantre pandan y ap fè lekti.

  • yo gen difikilte pou yo konsantre sou yon bagay alafwa.

  • yo vin santi yo raz byen vit lè yo poukò yo.

SA W TA DWE KONNEN

LEKTI

Souvan moun ki sèvi ak aparèy elektwonik yo pa gen pasyans pou yo li tout yon atik.

Yon lekti rapid bon si w bezwen jwenn repons pou yon kesyon byen vit. Toutfwa, li ka anpeche w byen konprann lè w bezwen analize yon sijè an pwofondè.

FÈ YON TI REFLECHI: Jis nan ki pwen ou ka li yon pòsyon tèks ki long? Ki jan lè w fè sa sa ka ede w pwogrese nan lekti? — PWOVÈB 18:15.

KONSANTRASYON

Gen moun ki fè konnen teknoloji ba yo mwayen pou yo fè de travay anmenmtan, pa egzanp, y ap ekri zanmi yo pandan y ap etidye. Men lè yo pataje konsa ant de aktivite, yo riske pa fè ni youn ni lòt kòrèkteman, sitou si toude mande konsantrasyon.

Konsantrasyon mande pou yon moun disipline tèt li, men efò yo vo lapèn. Men sa yon jèn ki rele Grace fè konnen: “Ou fè mwens erè e w gen mwens strès. M te aprann li pi bon pou m konsantre sou yon sèl bagay alafwa olye m kite m distrè nan fè plizyè bagay anmenmtan.”

FÈ YON TI REFLECHI: Èske lefètke w ap fè plizyè bagay anmenmtan sa anpeche w konprann epi sonje sa w aprann yo? — PWOVÈB 17:24.

SOLITID

Gen moun ki pa konfòtab lè yo poukont yo nan yon espas ki trankil, e yo konte sou teknoloji pou distrè yo. Men sa yon dam ki rele Olivia fè konnen: “M santi m raz menmsi se pou 15 minit si m pa gade telefòn mwen, tablèt mwen oswa m pa limen tele a.

Sepandan, moman kote yon moun poukò l se yon bon opòtinite pou fè refleksyon ki pwofon, yon etap enpòtan pou moun aprann, pa sèlman pou moun ki jèn yo men pou granmoun yo tou.

FÈ YON TI REFLECHI: Èske w ka fè yon fason pou w pi byen sèvi ak moman kote w poukò w yo? — 1 TIMOTE 4:15.

MEN SA W KA FÈ

EGZAMINE FASON W SÈVI AK TEKNOLOJI

Ki kèk fason w ta ka sèvi ak teknoloji pou w amelyore fason w reflechi? Ki kèk fason w ka sèvi ak teknoloji ki ka anpeche w sèvi ak kapasite pou konsantre e pou w aprann nan?

PRENSIP BIBLIK: “Toujou bat pou w gen sajès e pou w aprann reflechi.” — PWOVÈB 3:21.