Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Entwodiksyon

Entwodiksyon

MEN yon liv ki gen istwa ki te pase toutbon. Istwa sa yo soti nan Bib la. Labib se pi gwo liv ki gen sou latè. Istwa sa yo di nou sa k te pase depi lè Bondye te kòmanse kreye pou rive jis jounen jodi a. Yo menm di nou sa Bondye pwomèt pou l fè alavni.

Liv sa a ban nou yon apèsi sou sa Bib la gen ladan l. Li pale nou de moun non yo site nan Bib la ansanm ak sa yo te konn fè. Li montre nou tou gwo lespwa Bondye bay pou moun viv nètale nan yon paradi sou tè a.

Gen 116 istwa nan liv la. Yo fè yo fè uit pati. Chak pati kòmanse ak yon paj ki esplike sa w pral jwenn ladan l. Yo mete istwa yo nan menm lòd ak jan evènman yo te pase. Sa ap pèmèt ou aprann ki lè evènman yo te pase youn pa rapò ak lòt.

Yo rakonte istwa yo yon fason senp. Nou menm timoun, n ap kapab li yo pou kont nou. Nou menm paran, nou pral wè jan timoun piti yo pral byen kontan mande nou li istwa yo pou yo toutan. Nou pral wè liv sa a gen anpil bagay ki enterese ni timoun, ni granmoun.

Apre chak istwa, gen pasaj biblik ki di ki kote istwa yo soti. Nou ankouraje nou li yo. Lè w fin li yon istwa, l ap bon pou w egzamine kesyon yo bay pou istwa sa a. N ap jwenn lis kesyon sa yo apre istwa 116 la. Fè efò pou w sonje repons yo.