Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 2

Yon jaden san parèy

Yon jaden san parèy

MEZANMI ! Gade jan tè a ye kounye a ! Ala bèl ! Gade zèb, gade pyebwa, gade flè, gade tout bèt yo ki la a. Èske w kapab lonje dwèt ou sou elefan an ak sou lyon yo ?

Kòman bèl jaden sa a fè egziste ? Bon, annou wè jan Bondye te prepare tè a pou nou.

Toudabò, Bondye te fè zèb pou kouvri tè a. Apre sa, li te fè tout kalite ti plant, ti pye raje ak pyebwa. Etan y ap grandi, yo fè tè a vin pi bèl. Men, plant yo fè plis pase sa piske anpil nan yo ban nou bon manje pou nou manje.

Apre sa, Bondye fè pwason ki pou naje nan dlo ak zwazo ki pou vole nan syèl. Li fè chen, chat, cheval. Li fè ni gwo bèt ni ti bèt. Ki bèt ou konn abitye wè bò lakay ou ? Èske nou pa kontan lè nou wè tout bagay sa yo Bondye fè pou nou ?

Finalman, Bondye pran yon kote sou tè a, li fè l tounen yon kote espesyal. Li te rele l jaden Edenn. Jaden sa a te anfòm nèt. Tout sa k te ladan l te byen bèl. Bondye te vle pou tout tè a vin egzakteman tankou bèl bèl jaden li te fè a.

Men, fè yon gade nan foto jaden an ankò. Bondye te wè jaden an manke yon bagay. Èske w konn ki sa ? Ann al gade pou nou wè.