Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 9

Noye bati yon lach

Noye bati yon lach

NOYE te gen yon madanm ak twa pitit gason. Yo te rele ti mesye yo Sèm, Kam ak Jafèt. Yo chak te gen madanm pa yo. Se konsa fanmi Noye te vin gen uit moun ladan l.

Bondye te bay Noye fè yon bagay ki etranj. Li te di l bati yon gwo lach. Lach sa a te gwosè yon bato, men, li te plis sanble ak yon gwo bwat byen long. Bondye di konsa : ‘ Fè lach la an twa etaj epi mete chanm ladan l. ’ Chanm yo te pou Noye avèk fanmi l, pou bèt yo epi pou yo mete manje ak tout sa yo t ap gen bezwen.

Bondye te di Noye tou pou l byen monte lach la yon fason pou dlo pa pèse l. Lèfini Bondye di konsa : ‘ Mwen pral fè yon gwo delij dlo vini pou detwi lemonnantye. Tout moun ki pa anndan lach la ap mouri. ’

Noye ak pitit li yo obeyi Jewova e yo kòmanse bati lach la. Men, lòt moun yo te pran pase yo nan rizib. Yo te chita ap fè sa k pa bon. Nanpwen moun ki te kwè Noye lè l te di yo sa Bondye pral fè a.

Kòm lach la te gwo, sa te pran anpil tan pou yo te bati l. Finalman, apre anpil ane, yo te rive fini. Kounye a, Bondye di Noye pou l fè bèt yo rantre nan lach la. Bondye te di nan ki kalite bèt pou yo pran yon pè nan chak, ki vle di yon mal, yon femèl, epi nan ki kalite bèt pou yo pran sèt pè nan chak. Bondye te di Noye tou pou l pran tout kalite zwazo. Noye te fè egzakteman sa Bondye te di a.

Apre sa, Noye ak tout fanmi l antre anndan lach la tou. Lèfini, Bondye fèmen pòt la. Kounye a, yo ret ap tann anndan lach la. Imajine ou menm ki anndan lach la, w ap ret tann tou ansanm avèk yo. Èske delij dlo a pral vini vre jan Bondye te di a ?