Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 12

Lèzòm konstwi yon tou men wotè

Lèzòm konstwi yon tou men wotè

ANPIL ane te pase. Pitit Noye yo te vin gen yon pakèt timoun. Timoun yo te vin gran e yo te vin fè plis timoun toujou. Se konsa apre kèk tan, tè a te vin gen anpil moun sou li.

Youn nan moun sa yo, se te yon pitit pitit pitit Noye ki te rele Nimwòd. Nimwòd se te yon move moun. Li te konn al lachas dèyè ni moun ni bèt e l te konn touye yo. Li te fè tèt li wa pou l te kapab domine sou lòt moun. Bondye pa t renmen Nimwòd.

Nan epòk sa a, tout moun te pale yon sèl lang. Nimwòd te vle pou yo tout ret ansanm dekwa pou l te kapab kenbe yo anba dominasyon l. Ou konn ki sa l te fè ? Li di moun yo pou yo bati yon vil epi pou yo bati yon tou men wotè anndan vil la. Gade moun yo nan foto a k ap fè brik.

Konstriksyon yo t ap fè a pa t fè kè Jewova Dye kontan. Bondye te vle pou moun te deplase al viv tout kote sou tè a. Men, moun yo te di konsa : ‘ Vini ! Ann bati yon vil ansanm ak yon tou byen wo, pou pwent tèt li rive jis nan syèl la. Lè sa a, n ap vin gen gwo renome ! ’ Moun yo te vle onore tèt yo olye pou yo onore Bondye.

Donk, Bondye fè moun yo kanpe konstriksyon an. Ou konn ki jan Bondye te fè sa ? Olye tout moun ret pale yon sèl lang, bridsoukou, li fè moun yo pale plizyè lang. Sa te fè bòs yo pa ka konprann sa youn ap di lòt. Se sa ki fè yo te vin rele vil yo a Babèl, oswa Babilòn, mo ki vle di “ konfizyon ”.

Lè sa a, moun yo vin deplase kite Babèl. Gwoup moun ki pale menm lang yo te deplase al viv ansanm lòt kote sou tè a.