Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 15

Madan Lòt vire gade dèyè

Madan Lòt vire gade dèyè

LÒT t ap viv avèk fanmi l nan peyi Kanaran, ansanm ak Abraram. Yon jou Abraram di Lòt konsa : ‘ Pa gen ase tè isit la pou tout bèt nou yo. Tanpri, annou chak fè yon bò. Si w fè bò sa a, mwen menm m a fè bò isit. ’

Lòt voye je l gade peyi a. Li wè yon zòn ki byen bèl, ki gen dlo, ki gen anpil zèb pou bèt li yo. Zòn sa a se te distri Jouden an. Se konsa, Lòt pran fanmi l ansanm ak bèt li yo, li bwote al rete nan zòn sa a. Yo tabli bitasyon yo nan yon vil yo te rele Sodòm.

Moun Sodòm yo se te move moun nèt. Sa te kontrarye Lòt, paske se yon bon moun li te ye. Sa te kontrarye Bondye tou. Finalman, Bondye te voye de zanj al avèti Lòt li pral detwi vil Sodòm ansanm ak Gomò, vil ki sou kote l la, poutèt mechanste y ap fè.

Zanj yo di Lòt konsa : ‘ Fè prese ! Pran madanm ou ak de pitit fi w yo, epi wete kò w ! ’ Lòt ansanm ak fanmi l te yon jan lan pou yo ale. Lè zanj yo wè sa, yo pran men yo, yo mennen yo deyò vil la. Apre sa, youn nan zanj yo di konsa : ‘ Kouri non pou nou ka sove lavi nou ! Pa gade dèyè. Kouri ale nan mòn yo pou nou pa mouri. ’

Lòt ak demwazèl li yo te obeyi. Yo te kouri kite Sodòm. Yo pa t menm fè yon ti kanpe pou yon moman, ni yo pa t gade dèyè. Men, madan Lòt te dezobeyi. Lè yo rive nan yon bèl distans, madan Lòt fè yon rete, epi li vire gade dèyè. Menm kote a, li tounen yon poto sèl. Èske w wè madan Lòt nan foto a ?

Nou kapab aprann yon bèl leson nan istwa sa a. Sa montre nou Bondye sove moun ki obeyi l yo, men moun ki pa obeyi l yo ap pèdi lavi yo.