Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 22

Yo mete Jozèf nan prizon

Yo mete Jozèf nan prizon

JOZÈF te gen 17 an sèlman lè yo te mennen l ann Ejip. Se la yo te vann li bay yon mesye yo rele Potifa. Potifa ap travay pou Farawon, wa Ejip la.

Jozèf travay di pou mèt li a, Potifa. Se konsa, lè Jozèf te vin pi gran, Potifa mete l responsab tout kay li. Men, poukisa Jozèf nan prizon kounye a ? Se akoz madan Potifa.

Etan Jozèf ap grandi, li te vin yon bèl gason. Madan Potifa vle pou Jozèf kouche avè l. Men Jozèf konnen se yon bagay ki trè mal e li pa t vle fè sa. Madan Potifa te fache anpil poutèt sa. Sa l fè, li tann kou mari l antre, li ba l manti sou Jozèf. Li di : ‘ Vye nonm yo bay pou Jozèf la t ap bat pou l kouche avè m ! ’ Potifa kwè madanm li, e li fache anpil kont Jozèf. Poutèt sa li fè mete l nan prizon.

Sa pa pran tan pou chèf prizon an remake Jozèf se yon bon gason. Sa l fè, li mete l chèf sou tout lòt prizonye yo. Yon jou, Farawon te vin fache kont sèvè bwason ak chèf boulanje li a, li mete yo nan prizon. Yon jou swa, yo chak fè yon rèv espesyal. Men yo pa t konprann rèv yo te fè a. Nan demen, Jozèf di yo konsa : ‘ Rakonte m rèv nou te fè a. ’ Yo rakonte Jozèf rèv yo a. Bondye ede Jozèf pou l ka eksplike yo ki sarèv yo chak te fè a vle di.

Jozèf di sèvè bwason an konsa : ‘ Yo pral lage w sou twa jou. Epi w ap retounen sèvè bwason Farawon ankò. ’ Apre sa, Jozèf kontinye pou l di : ‘ Lè w soti nan prizon an, pale Farawon de mwen, epi bat pou yo lage m tou. ’ Men, Jozèf di chèf boulanje a konsa : ‘ Farawon ap fè koupe tèt ou sou twa jou. ’

Sou twa jou vrèman, bagay yo pase jan Jozèf te di a. Farawon fè koupe tèt chèf boulanje a. Men, yo lage sèvè bwason an, epi li rekòmanse sèvi wa a ankò. Men, sèvè bwason an bliye Jozèf nèt ! Li pa pale Farawon de Jozèf, sa vle di, Jozèf toujou nan prizon.