Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 26

Jòb fidèl anvè Bondye

Jòb fidèl anvè Bondye

ÈSKE w pa santi w gen pitye pou eta mesye sa a malad ? Li rele Jòb. Fi a se madanm li. Èske w konnen sa l ap di Jòb la a ? L ap di l : ‘ Modi Bondye epi mouri w fini ak sa ! ’ Annou wè sa k fè l te rive di yon bagay konsa. Annou wè ki rezon tou ki fè Jòb ap soufri nan eta sa a.

Jòb se te yon nonm fidèl ki te konn obeyi Jewova. Li t ap viv nan peyi Outs, ki pa lwen peyi Kanaran. Jewova te renmen Jòb anpil. Men gen yon moun ki te rayi l. Èske w konn kiyès ?

Se te Satan Ledyab. Sonje byen, Satan se move zanj ki rayi Jewova a. Li te rive fè Adan ak Èv dezobeyi Jewova. Li panse li kapab fè tout lòt moun dezobeyi Jewova tou. Men èske l te kapab fè sa vre ? Non. Fè yon ti reflechi sou anpil gason ak fanm fidèl nou te pale de yo deja. Konbyen ladan yo ou kapab site non yo ?

Apre Jakòb ak Jozèf fin mouri ann Ejip, se Jòb ki te pi fidèl devan Bondye sou tout tè a. Jewova te vle fè Satan wè li pa kapab fè tout moun vin move moun. Poutèt sa, Jewova di l : ‘ Gade pou w wè jan Jòb fidèl devan m. ’

Satan replike avèk Bondye, li di : ‘ Li fidèl paske w beni l, lèfini li gen anpil byen. Men, si w retire tout byen sa yo nan men l, l ap modi w. ’

Kounye a Jewova di konsa : ‘ Ale non, ou mèt wete tout sa li genyen. Fè l tout mechanste ou vle. Nou pral wè si l ap modi m. Sèl bagay, pinga w touye l. ’

Toudabò, Satan fè yon seri mesye vòlè betay Jòb yo ak chamo l yo, e yo touye mouton l yo. Apre sa, toule dis pitit Jòb yo mouri nan yon gwo tanpèt. Lèfini, Satan voye yon maladi tèrib sou Jòb. Se pa ti soufri Jòb soufri. Se poutèt sa madanm Jòb te di l : ‘ Modi Bondye epi mouri w fini ak sa ! ’ Men Jòb pa t fè sa. Anplis de sa te gen twa move zanmi ki te vini, yo te montre l li te konn fè sa k pa sa. Men Jòb rete fidèl.

Sa te fè Jewova kontan anpil. Apre sa, li beni Jòb, tankou jan w ap gade sa nan imaj la. Li geri Jòb anba maladi l la. Jòb fè dis bèl pitit ankò. E li vin gen de fwa lavalè betay, mouton ak chamo pase sa li te gen anvan.

Èske w ap toujou fidèl devan Jewova menm jan ak Jòb ? Si repons lan se wi, Bondye ap beni w tou. Ou pral kapab viv pou toutan lè tout tè a pral vin bèl menm jan ak jaden Edenn nan.