Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 27

Yon move wa ap gouvène Ejip

Yon move wa ap gouvène Ejip

GADE yon seri mesye k ap fè moun yo fè travo fòse. Gade mesye sa a k ap bat youn nan travayè yo avèk yon fwèt. Travayè yo se nan fanmi Jakòb yo soti, yo rele yo Izrayelit. Mesye k ap fè yo fè travo fòse yo, se Ejipsyen yo ye. Ejipsyen yo fè Izrayelit yo tounen esklav. Ki jan sa te fè rive ?

Fanmi Jakòb la t ap viv anpè pandan anpil ane ann Ejip. Jozèf, ki te pi gwo chèf nan peyi a apre wa Farawon, te pran swen yo. Men kounye a Jozèf vin mouri. Se yon lòt Farawon, yon Farawon ki pa t renmen Izrayelit yo, ki vin wa ann Ejip.

Move Farawon sa a te fè Izrayelit yo tounen esklav. Li te mete bouwo ki mechan e ki san pitye sou tèt yo. Yo te fè Izrayelit yo travay di anpil pou yo konstwi vil pou Farawon. Men, kantite Izrayelit yo te toujou ap ogmante vin pi plis. Sa te fè Ejipsyen yo vin kraponnen paske Izrayelit yo te vin anpil e yo te gen fòs.

Èske w konnen ki sa Farawon te fè ? Li pale ak fanmsaj ki te konn ede medam izrayelit yo lè yo t ap akouche, li te di yo konsa : ‘ Depi se pitit gason Izrayelit yo fè, touye yo. ’ Men fanmsaj yo te bon moun, yo pa t touye tibebe izrayelit yo vre.

Lè Farawon wè sa, li pase tout pèp li lòd, li di l : ‘ Pran tout tibebe izrayelit yo fè, depi se tigason, touye yo. Se sèl tifi pou nou kite viv. ’ Èske lòd sa a se pa yon lòd ki tèrib ? Annou wè jan youn nan tibebe sa yo te fè sove.