Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 28

Ti Moyiz manke mouri

Ti Moyiz manke mouri

GADE tibebe a k ap kriye, li kenbe dwèt madmwazèl la. Se Moyiz. E bèl demwazèl sa a, èske w konnen kiyès li ye ? Se yon prensès ann Ejip. Li se pwòp pitit fi Farawon.

Manman Moyiz te sere Moyiz jiskaske l te gen twa mwa. Li pa t vle pou Ejipsyen yo touye l. Men, li te konnen yo kapab jwenn Moyiz, se poutèt sa, li te fè yon jan pou sove lavi Moyiz.

Li pran yon pànye, li ranje l yon jan pou dlo pa antre ladan l. Apre sa, li mete Moyiz anndan pànye a. Li depoze l nan mitan wozo ki plante bò flèv Nil la. Yo di Miryam, sè Moyiz la, pou l rete nan zòn pànye a ye a, pou l wè sa k ap pase.

Yon tikras tan apre, pitit fi Farawon an vin benyen nan flèv Nil la. Sanzatann, je l tonbe sou pànye a ki nan mitan wozo yo. Li rele youn nan sèvant li yo, li di l : ‘ Al chèche pànye sa a pot pou mwen. ’ Lè prensès la ouvri pànye a, li wè se yon bèl tigason ki anndan l. Moyiz t ap kriye, kè prensès la fè l mal. Li pa t vle pou yo touye l.

Menm kote a, Miryam parèt. Èske w wè Miryam nan imaj la ? Li mande pitit fi Farawon an : ‘ Èske m mèt al rele yon fi Izrayelit ki pou ba l tete pou ou ? ’

Prensès la reponn : ‘ Tanpri, ale non. ’

Miryam kouri al di manman l sa byen vit. Lè manman Moyiz rive kot prensès la, prensès la di l konsa : ‘ Men tibebe sa a, ba l tete pou mwen, m ap peye w. ’

Se konsa manman Moyiz t ap okipe pwòp pitit li. Apre sa, lè Moyiz kòmanse gran, li mennen l bay pitit fi Farawon an. Li adopte l kòm pitit gason l. Se konsa, Moyiz te leve nan mezon Farawon.