Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 29

Moyiz chape poul li

Moyiz chape poul li

GADE Moyiz k ap sove kite Ejip. Èske w wè moun k ap kouri dèyè l yo ? Èske w konnen poukisa yo vle touye Moyiz ? Ann wè si nou ka dekouvri sa k fè sa.

Moyiz te grandi nan mezon Farawon, chèf peyi Ejip la. Li te vin gen anpil sajès, li te vin yon gwo moun. Moyiz te konnen li pa t Ejipsyen. Li te konnen vrè paran l yo se esklav, ras izrayelit yo te ye.

Yon jou, lè sa a Moyiz te gen 40 an, li deside al gade ki jan bagay yo ye nan mitan pèp li a. Se te yon bagay tèrib pou jan yo t ap maltrete pèp la. Li te wè yon Ejipsyen ki t ap bat yon esklav izrayelit. Moyiz gade devan, li gade dèyè, li wè pa gen pesonn k ap gade. Sa l fè, li bay Ejipsyen an yon sèl kou, epi Ejipsyen an mouri. Apre sa, Moyiz kache kò a anba sab.

Nan demen, Moyiz al gade ki jan pèp la ye ankò. Li te panse li kapab ede yo pou yo soti anba esklavaj. Men, li wè de Izrayelit k ap goumen. Moyiz di sa ki antò a konsa : ‘ Poukisa w ap bay frè w la kou ? ’

Misye reponn : ‘ Kiyès ki mete w chèf e jij sou tèt nou ? Kòmsi, ou pral touye m menm jan w te touye Ejipsyen an ? ’

Kounye a, Moyiz vin pè. Li wè yo vin konnen sa li te fè Ejipsyen an. Ata Farawon pran nouvèl la, e li voye touye Moyiz. Se poutèt sa, Moyiz oblije chape poul li, li kite Ejip.

Lè Moyiz kite Ejip, li ale byen lwen jis nan peyi Madyàn, kote li fè konesans ak fanmi Yitwo. Li marye ak youn nan pitit fi Yitwo yo ki rele Sipora. Moyiz te tounen yon gadyen mouton, li t ap okipe mouton pou Yitwo. Moyiz te fè 40 an nan peyi Madyàn. Kounye a, li vin gen 80 an. Men yon jou, pandan Moyiz te al okipe mouton Yitwo yo, te gen yon bagay estrawòdinè ki te pase. Sa te fè tout vi l chanje. Vire paj la pou w wè ki bagay estrawòdinè sa a.