Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 33

Yo travèse lanmè Wouj la

Yo travèse lanmè Wouj la

GADE sa k ap pase la a ! Se Moyiz ki lonje baton l lan sou lanmè Wouj la. Moun ki sennesòf lòtbò lanmè a avèk li se Izrayelit yo. Farawon ansanm ak lame l la ap nwaye nan lanmè a. Ann wè ki jan sa fè rive.

Tankou jan nou te aprann sa, lè Bondye te fin lage dizyèm flewo a sou Ejip, Farawon te di Izrayelit yo pou yo kite peyi a. Te gen anviwon 600 000 gason izrayelit ki te kite peyi a, san konte fi ak timoun. Te gen yon pakèt lòt moun nan lòt pèp ki te vin kwè nan Jewova, yo te ale avèk Izrayelit yo tou. Yo tout, yo te ale ak mouton yo, ak kabrit yo, ak lòt betay yo te genyen.

Anvan Izrayelit yo te ale, yo te mande Ejipsyen yo rad, bagay annò ak bagay ann ajan. Dènye fleyo a te fè Ejipsyen yo pè anpil. Se poutèt sa, yo te bay Izrayelit yo tout bagay yo mande yo.

Apre detwa jou, Izrayelit yo te rive bò lanmè Wouj la. Yo te fè yon ti repoze la. Antretan, Farawon ansanm ak mesye l yo te regrèt yo te voye Izrayelit yo ale. Yo di : ‘ Apa nou kite esklav yo ale ! ’

Farawon chanje lide ankò. Li kouri rasanble cha de gè li yo ansanm ak lame li a. Li pran 600 cha espesyal, ansanm ak lòt cha ki nan peyi a, li fann dèyè Izrayelit yo.

Lè Izrayelit yo wè Farawon k ap vin dèyè yo ansanm ak tout lame li a, se pa ti pè yo te pè. Yo pa t gen kote pou yo kouri. Lanmè Wouj la te yon bò, Ejipsyen yo t ap vin sou lòt bò a. Men Jewova te mete yon nyaj ant pèp li a ak Ejipsyen yo. Konsa, Ejipsyen yo pa t kapab wè Izrayelit yo pou yo te atake yo.

Kounye a, Jewova di Moyiz lonje baton l lan sou lanmè Wouj la. Moyiz te fè sa, epi Jewova te fè yon gwo van lès soufle. Lanmè a te fann an de. Dlo a te kanpe byen dwat chak bò.

Kounye a, Izrayelit yo te mache sou tè sèk nan mitan lanmè a. Sa te pran plizyè èdtan pou plizyè milyon moun te travèse lanmè a ansanm ak tout bèt yo san yo pa t gen anyen. Finalman, Ejipsyen yo te kapab wè Izrayelit yo. Esklav yo t ap chape vre ! Sa Ejipsyen yo te fè, yo fann nan lanmè a dèyè yo.

Kou yo antre, Bondye te fè wou charyo yo dekole. Lè sa a, Ejipsyen yo te vin pè anpil. Yo te di : ‘ Jewova ap goumen pou Izrayelit yo. Ann kouri ale ! ’ Men, li te twò ta pou yo.

Se lè sa a Jewova te di Moyiz pou l lonje baton l lan sou lanmè a, tankou jan ou wè sa nan foto a. Kou Moyiz lonje baton an, dlo ki te kanpe yo retounen nan plas yo e yo kouvri Ejipsyen yo ansanm ak tout charyo yo. Tout lame a nèt te antre nan lanmè a dèyè Izrayelit yo. Se sa k fè, menm youn nan Ejipsyen yo pa t soti vivan !

Ala kontan pèp Bondye a te kontan pou jan yo wè yo te sove ! Mesye yo t ap chante yon chante pou yo di Jewova mèsi. Men ki chante yo t ap chante : ‘ Jewova ranpòte yon bèl viktwa. Li lage cheval yo ansanm ak kavalye yo nan lanmè. ’ Miryam, sè Moyiz la, te pran ti bout tanbou l. Tout lòt medam yo te suiv li avèk ti bout tanbou pa yo tou. Yo te kontan, yo t ap danse. Yo t ap chante menm chante ak mesye yo. Yo t ap di : ‘ Jewova ranpòte yon bèl viktwa. Li lage cheval yo ansanm ak kavalye yo nan lanmè. ’