Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 35

Jewova bay lwa li yo

Jewova bay lwa li yo

SA FÈ apeprè de mwa depi Izrayelit yo kite Ejip, kounye a yo rive sou mòn Sinayi, yo rele mòn sa a Orèb tou. Se menm kote sa a Jewova te pale ak Moyiz nan flanm dife ki nan touf raje a. Pèp la fè kan yo la, e yo rete la pou yon moman.

Moyiz grenpe mòn nan, antretan pèp la ret ap tann anba a. Anwo sou tèt mòn nan, Jewova di Moyiz Li vle pou Izrayelit yo obeyi L epi pou yo vin yon pèp espesyal pou Li. Lè Moyiz desann mòn nan, li di Izrayelit yo sa Jewova di. Pèp la di y ap obeyi Jewova, paske yo vle se pèp li pou yo ye.

Kounye a, Jewova fè yon bagay etranj. Li fè lafimen soti anlè tèt mòn nan. Li fè gwo kout loray gwonde. Epi li pale ak pèp la, li di : ‘ Se mwen menm ki Jewova, Bondye nou an ki te fè nou kite Ejip la. ’ Apre sa, li ba yo yon kòmandman, li di : ‘ Nou pa dwe adore lòt dye apa de mwen menm. ’

Bondye bay Izrayelit yo nèf lòt kòmandman oubyen nèf lòt lwa. Men moun yo te pè anpil. Yo di Moyiz konsa : ‘ Pale avèk nou pito, paske nou pè pou nou pa ta mouri si se Bondye k ap pale avèk nou. ’

Apre sa Jewova di Moyiz : ‘ Monte vin jwenn mwen sou mòn nan. M ap ba w de wòch plat, e se sou yo mwen ekri lwa mwen vle pou pèp la obsève. ’ Konsa, Moyiz monte al sou tèt mòn nan ankò. Li fè 40 jou ak 40 nuit sou mòn nan.

Bondye te gen yon pakèt pakèt lwa pou l bay pèp li a. Se Moyiz ki te ekri lwa sa yo. Bondye te bay Moyiz de wòch plat yo tou. Sou de wòch plat sa yo, se Bondye menm ki te ekri dis lwa li te deja di devan tout pèp la. Yo rele lwa sa yo Dis Kòmandman.

Dis Kòmandman yo se lwa ki enpòtan yo ye. Men, pakèt lòt lwa Bondye bay Izrayelit yo gen enpòtans pa yo tou. Youn nan lwa sa yo di : ‘ Ou dwe renmen Jewova, Bondye w la, avèk tout kè w, avèk tout lespri w, avèk tout nanm ou epi avèk tout fòs ou. ’ Gen yon lòt lwa tou ki di : ‘ Ou dwe renmen pwochen w menm jan ou renmen tèt ou. ’ Jezi Kris, Pitit Bondye a, di lwa sa yo se de pi gwo lwa Jewova te bay pèp Izrayèl la. Pi devan, nou gen pou nou aprann anpil bagay sou Pitit Bondye a ak sou ansèyman l yo.