Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 36

Ti bèf annò a

Ti bèf annò a

O ! O ! Ki sa moun yo ap fè la a ? Apa y ap priye yon ti bèf ! Poukisa y ap fè sa ?

Kòm Moyiz te fè yon pakèt tan sou mòn nan, moun yo di konsa : ‘ Nou pa konnen ki sa k rive Moyiz. Annou fè yon dye ki pou retire nou isit la. ’

Arawon, frè Moyiz la, di konsa : ‘ Dakò, retire zanno annò nou yo pot ban mwen. ’ Lè pèp la pote zanno annò yo ba li, li fonn yo epi li fè yon ti bèf annò ak yo. Kounye a, moun yo di konsa : ‘ Men Bondye nou an ki te fè nou soti nan peyi Ejip la ! ’ Epi Izrayelit yo te fè yon gwo fèt. Yo t ap adore ti bèf annò a.

Lè Jewova wè sa, li vin ankòlè. Li di Moyiz konsa : ‘ Desann anba a vit ! Se vye bagay nèt pèp la ap fè. Yo bliye lwa mwen yo e men y ap met ajenou devan yon ti bèf annò. ’

Moyiz kouri desann. Lè l rive toupre, li wè sa Jewova di l la se sa pèp la ap fè. Y ap mache toutotou ti bèf annò a, y ap chante, y ap danse ! Moyiz sitèlman ankòlè, li lage wòch plat ki gen lwa yo atè, yo kraze an miyèt moso. Apre sa, li pran ti bèf annò a, li fonn li, li fè l tounen farin.

Se yon vye bagay nèt pèp la fè la a. Se sa k fè, Moyiz mande kèk nan mesye yo pou yo pran epe yo. Li di yo konsa : ‘ Move moun sa yo ki t ap adore ti bèf annò a dwe mouri. ’ Se konsa, mesye yo te touye 3 000 moun ! Èske sa pa montre nou bezwen pran prekosyon pou nou pa adore lòt dye apa Jewova ?