Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 39

Flè pouse sou baton Arawon an

Flè pouse sou baton Arawon an

GADE jan flè ak zanmann mi pouse sou yon baton ! Se baton Arawon an. Flè ansanm ak zanmann mi sa yo pouse sou baton Arawon an nan yon sèl nuit ! Ann wè poukisa sa fèt.

Sa fè yon bon ti tan depi Izrayelit yo ap vire won nan dezè a. Gen ladan yo ki panse se pa Moyiz ki ta dwe alatèt, ni se pa Arawon ki ta dwe gran prèt la. Kora se youn nan moun ki panse konsa, san nou pa bliye Datàn, Abiram, avèk 250 chèf. Yo tout, yo vin di Moyiz konsa : ‘ Poukisa ou pran dwa chèf ou sou nou ? ’

Moyiz di Kora ansanm ak patizan l yo : ‘ Demen maten, pran veso dife, mete lansan ladan yo. Lèfini, vin devan tabènak Jewova a. Nou pral wè kiyès Jewova ap chwazi. ’

Nan demen, Kora ansanm ak 250 patizan l yo vin nan tabènak la. Gen anpil lòt ki vin ba yo sipò. Jewova ankòlè. Moyiz di konsa : ‘ Wete kò nou anba tant move moun sa yo. Pa manyen anyen ki pou yo. ’ Pèp la koute Moyiz, yo wete kò yo bò kot tant Kora, Datàn ak Abiram nan.

Kounye a, Moyiz di konsa : ‘ Sa ki pral pase la a ap fè nou wè kiyès Jewova chwazi. Tè a pral fann epi move moun sa yo pral antre ladan l. ’

Moyiz poko menm fèmen bouch li, tè a fann. Tant pa Kora a ansanm ak tout sa li posede antre anba tè. Ni Datàn, ni Abiram ansanm ak tout moun ki avèk yo antre anba tè. Tè a fèmen sou yo. Lè pèp la tande rèl moun yo etan y ap antre anba tè a, yo rele byen fò : ‘ Annou kouri wete kò nou, pou tè a pa vale nou tou ! ’

Kora ansanm ak 250 patizan l yo toujou bò tabènak la. Sa Jewova fè, li voye yon boukan dife sou yo. Yo tout kankannen nèt menm kote a. Apre sa, Jewova di Eleyaza, pitit Arawon an, pou l pran veso dife defen yo, pou l fè kouvèti avèk yo pou kouvri lotèl la. Sa ap sèvi Izrayelit yo leson pou pèsonn pa al fè sèvis prèt devan Jewova apa de Arawon ak pitit gason li yo.

Men, Jewova vle montre byen klè se Arawon avèk pitit gason l yo li chwazi kòm prèt. Li di Moyiz konsa : ‘ Fè yon chèf nan chak tribi Izrayèl pote baton l. Pou tribi Levi a, fè Arawon pote baton pa l la. Lèfini, mete tout baton yo anndan tabènak la, devan lach alyans lan. Flè ap pouse sou baton moun mwen chwazi kòm prèt la. ’

Nan demen, lè Moyiz al gade, ki sa li wè ? Li wè flè ak zanmann mi pouse sou baton Arawon an. Kounye a, èske w wè poukisa Jewova fè flè pouse sou baton Arawon an ?