Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 44

Rahab kache espyon yo

Rahab kache espyon yo

MESYE sa yo nan gwo pwoblèm. Yo dwe chape poul yo vit. Si se pa sa, y ap touye yo. Se espyon Izrayelit yo ye. Fi k ap ede yo a rele Rahab. Rahab ap viv isit la, nan yon kay yo bati sou tèt miray vil Jeriko a. Annou wè sa k fè mesye yo nan pwoblèm.

Izrayelit yo tou pare pou yo janbe rivyè Jouden an dekwa pou yo antre nan peyi Kanaran. Men, anvan yo fè sa, Jozye voye de espyon sa yo nan peyi a. Li di yo konsa : ‘ Al gade pou nou wè ki jan peyi a ye, ki jan vil Jeriko ye. ’

Lè espyon yo antre nan vil Jeriko, yo ale lakay Rahab. Men, gen moun ki al di wa Jeriko a konsa : ‘ Aswè a, gen de Izrayelit ki antre vin bay peyi a kontwòl. ’ Lè wa a tande sa, li voye kèk mesye kot Rahab, yo pase Rahab lòd, yo di l : ‘ Mete mesye w gen lakay ou yo deyò ! ’ Men Rahab te kache mesye yo sou do kay li a. Li di moun yo konsa : ‘ Se vre, gen moun ki te vin isit la, men mwen pa konnen ki kote yo te soti. Yo te gentan pati depi anvan li fènwa, pòtay vil la potko fèmen. Si nou fè vit, nou kapab kenbe yo ! ’ Sa w tande a, moun yo pati dèyè mesye yo.

Kou yo fè sa yo vire, Rahab kouri ale sou do kay la. Li di espyon yo konsa : ‘ Mwen konnen Jewova ap ban nou peyi a. Nou aprann jan li te seche dlo nan lanmè Wouj la lè nou t ap soti nan peyi Ejip. Nou aprann jan nou te touye wa Siyòn ak wa Òg. Mwen aji byen avèk nou. Tanpri, pwomèt mwen n ap aji byen avèk mwen tou. Sove papa m ak manman m, ansanm ak frè m ak sè m yo. ’

Espyon yo pwomèt y ap fè sa. Men Rahab gen yon bagay pou l fè. Yo di l konsa : ‘ Pran kòd wouj sa a, mare l nan fenèt ou a. Epi, rasanble tout fanmi w avè w anndan lakay ou. Lè nou tout ap retounen pou nou vin pran vil Jeriko a, n ap wè kòd sa a nan fenèt ou a, epi nou pap touye pèsonn lakay ou. ’ Lè espyon yo retounen al jwenn Jozye, yo rakonte l tout sa ki te pase.