Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 51

Rit ak Nawomi

Rit ak Nawomi

NAN Bib la, w ap jwenn yon liv ki rele Rit. Se istwa yon fanmi ki t ap viv nan epòk te gen jij nan peyi Izrayèl. Rit se te yon jèn dam ki moun peyi Mowab. Li pa fè pati nasyon Izrayèl la, nasyon Bondye a. Men, lè Rit tande pale de Jewova kòm vrè Bondye a, li vin renmen Jewova anpil. Nawomi se yon dam aje ki aprann Rit anpil bagay sou Jewova.

Nawomi se yon Izrayelit. Li menm, mari l, ansanm ak de pitit gason yo te genyen te al abite Mowab, paske te vin manke manje nan peyi Izrayèl. E se konsa yon jou, mari l te vin mouri. Annapre, chak pitit li yo te marye ak yon fi Mowabit. Youn rele Rit, lòt la rele Òpa. Men, sou apeprè 10 ane, pitit Nawomi yo te vin mouri. Se pa ti tris Nawomi ansanm ak de medam yo te tris. Ki sa Nawomi pral fè kounye a ?

Yon jou, Nawomi deside pou l vwayaje retounen nan peyi l al jwenn pwòp pèp li. Rit avèk Òpa vle pou yo toujou rete viv ak Nawomi. Yo al avè l. Men lè yo rive yon bon bout nan chemen an, Nawomi gade medam yo, li di yo konsa : ‘ Nou mèt retounen lakay nou, al abite ak manman nou. ’

Nawomi anbrase medam yo, li di yo orevwa. Medam yo tonbe kriye, paske yo renmen Nawomi anpil. Yo di l : ‘ Non ! Nou pral lakay pèp ou a avèk ou. ’ Men Nawomi di yo : ‘ Pitit fi mwen yo, nou mèt retounen. N ap pi alèz lakay nou. ’ Òpa retounen. Men, Rit pa retounen.

Nawomi vire gade Rit li di l konsa : ‘ Men Òpa ale, ou menm tou ou mèt ale avè l. ’ Rit reponn : ‘ Ou pa bezwen eseye fè m vire kite w ! Kite m al avè w. Mwen prale kote w prale a, m a viv kote w ap viv la. Pèp ou a va pèp mwen tou. Bondye w la va vin Bondye m tou. Kote w mouri, m a mouri dèyè w, epi y a antere m kote y ap antere w la. ’ Lè Nawomi wè jan Rit reponn li, li pa eseye fè l retounen lakay li ankò.

Finalman, de medam yo rive nan peyi Izrayèl. Yo ret abite la. Tousuit, Rit kòmanse travay nan jaden, paske yo te nan sezon rekòt òj. Gen yon mesye ki rele Bowaz ki kite Rit keyi òj nan jaden l lan. Èske w konnen kiyès ki te manman Bowaz ? Se te Rahab, moun vil Jeriko a.

Yon jou, Bowaz di Rit konsa : ‘ Mwen te tande tout bagay sou ou. Mwen tande jan w te byen aji ak Nawomi. Mwen konnen ou kite papa w ak manman w ansanm ak pwòp peyi w pou w vin viv avèk yon pèp ou pa t janm konnen. Mwen swete pou Jewova beni w ! ’

Rit reponn : ‘ Ou byen aji anvè m tou, mesye. Pou jan w pale avè m, ou fè m santi m pi alèz. ’ Bowaz renmen Rit anpil. Yo pap pran anpil tan pou yo marye. Ala kontan sa fè Nawomi kontan ! Nawomi vin pi kontan toujou lè Rit avèk Bowaz fè premye pitit gason yo a. Yo rele l Obèd. Se Obèd sa a ki te vin granpapa David. Nou gen anpil bagay pou n aprann sou David pi devan.

Rit.