Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 52

Gideyòn ak 300 zòm li yo

Gideyòn ak 300 zòm li yo

ÈSKE w wè sa k ap pase la a ? Tout mesye sa yo se sòlda Izrayelit yo ye. Mesye w wè ki bese yo, se bwè y ap bwè. Mesye ki kanpe bò kote yo a se jij Gideyòn. L ap gade jan y ap bwè dlo.

Gade byen jan moun yo bese pou yo bwè dlo a. Genyen ki bese bouch yo nan dlo a nèt. Men, gen yon sòlda ki pran dlo a ak men l, konsa li kapab gade sa k ap pase bò kote l anmenmtan. Sa gen tout enpòtans li, paske Jewova te di Gideyòn se sèlman moun ki ret ap siveye pandan y ap bwè yo, pou l chwazi. Bondye di pou rès moun yo retounen lakay yo. Ann wè poukisa.

Izrayelit yo te tonbe nan gwo pwoblèm ankò. Sa rive yo paske yo pa t obeyi Jewova. Pèp Madyàn nan t ap toupizi yo, yo t ap fè yo pase mizè. Izrayelit yo te mande Jewova sekou. Jewova tande rèl yo.

Jewova di Gideyòn pou l rasanble yon lame. Gideyòn rasanble 32 000 sòlda. Men, se yon lame 135 000 moun ki pral batay ak Izrayèl. Epoutan, Jewova di Gideyòn konsa : ‘ Ou gen twòp moun avè w. ’ Poukisa Jewova di sa ?

Se paske, si Izrayèl genyen batay la, yo ka panse se yon batay yo genyen ak pwòp fòs yo. Yo ka panse yo pa bezwen Jewova pou ede yo genyen batay la. Se sa k fè, Jewova di Gideyòn konsa : ‘ Mande tout moun ki kraponnen pou yo retounen lakay yo. ’ Gideyòn fè sa vre, 22 000 moun retounen lakay yo. Rete 10 000 moun sèlman ki pou batay ak tout 135 000 sòlda sa yo.

Men, tande ! Jewova di Gideyòn konsa : ‘ Ou gen twòp moun avè w toujou. ’ Jewova di l pou l fè mesye yo bwè nan rivyè sa a, epi pou l voye tout moun ki bese bouch yo nan dlo a ale. Jewova fè Gideyòn yon pwomès, li di l : ‘ M ap ba w laviktwa avèk 300 moun ki te rete ap veye pandan yo t ap bwè a. ’

Lè a rive pou y al batay. Gideyòn fè 300 zòm li yo fè twa gwoup. Li bay chak moun yon kòn ak yon po ann ajil ki gen yon flanbo ladan l. Lè l pral minui, yo tout, yo ansèkle kan ènmi an. Epi, nan menm lè a, yo tout ansanm pran sonnen kòn, yo tout kraze po yo, epi yo tout tonbe rele, yo di : ‘ Epe Jewova a ak epe Gideyòn nan ! ’ Lè sòlda kan ènmi yo reveye, yo pa konn sa pou yo fè, yo pè. Yo tout tonbe kouri. Se konsa, Izrayelit yo genyen batay la.