Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 55

Yon tigason k ap sèvi Bondye

Yon tigason k ap sèvi Bondye

ÈSKE tigason sa a pa yon bèl timoun ? Li rele Samyèl. Mesye k ap pase men nan tèt li a se Eli, gran prèt Izrayèl la. Papa l rele Èlkana. Manman l rele Ana. Yo mennen Samyèl bay Eli.

Se apèn si Samyèl gen kat ou senk an. Men, li vin viv nan tabènak la ansanm ak Eli ak lòt prèt yo. Poukisa Èlkana ak Ana bay yon timoun piti konsa pou sèvi Jewova nan tabènak la ? Ann al wè poukisa.

Sa gen kèk ane depi Ana tris anpil. Rezon an, se paske li pa t ka fè timoun. Men li pa konn sa l ta bay pou l ta gen yon timoun. Se konsa, yon jou, pandan l te al nan tabènak la, li priye Jewova, li di : ‘ O Jewova, pa bliye m ! Mwen pwomèt ou si w ban mwen yon pitit gason, m ap ba ou l pou l sèvi w tout lavi li. ’

Jewova te reponn priyè Ana. Apre kèk mwa, li te vin fè Samyèl. Ana te renmen ti pitit gason l lan anpil, li te kòmanse aprann li anpil bagay sou Jewova depi lè l te tou piti piti. Epi li di mari l konsa : ‘ Kou Samyèl kòmanse grandi, lè l pa nan tete ankò, m ap mennen l nan tabènak la pou l sèvi Jewova. ’

Se sa nou wè Èlkana ak Ana ap fè nan foto a la a. Piske papa l ak manman l te byen anseye l, li kontan pou l vin sèvi nan tant Jewova a. Chak ane, Ana ak Èlkana te vin sèvi Jewova nan tant espesyal sa a, e yo te tou pwofite vizite pitit yo a. Lè konsa, manman l toujou fè yon manto pote pou li.

Tank ane ap pase, Samyèl toujou ap sèvi Jewova nan tabènak la. Jewova renmen l, pèp la renmen l. Men, pitit gason granprèt Eli yo, anpalan de Ofni ak Fineyas, pa t bon moun. Yo t ap fè move bagay, e yo t ap fè lòt moun dezobeyi Jewova. Eli te dwe retire yo kòm prèt, men li pa t fè sa.

Ti Samyèl pa kite okenn move bagay y ap fè nan tabènak la fè l sispann sèvi Jewova. Men, piske pa gen anpil moun ki renmen Jewova toutbon, Jewova fè yon pakèt tan san l pa janm pale ak pèsonn sou tè a. Men sa k pase kou Samyèl vin kòmanse gran :

Yon jou, etan Samyèl ap dòmi nan tabènak la, li tande yon vwa ki reveye l. Li reponn : ‘ Men mwen wi ! ’ Li kouri leve, l al kot Eli, li di l : ‘ Ou te rele m, men mwen wi. ’

Eli reponn : ‘ Mwen pa t rele w, ou mèt retounen al nan kabann ou. ’ Samyèl al nan kabann li.

Vwa a rele Samyèl yon dezyèm fwa. Li leve, li kouri al kot Eli ankò. Li di l : ‘ Ou te rele m, men mwen wi. ’ Eli reponn : ‘ Non, pitit mwen, mwen pa t rele w, al kouche ankò. ’ Samyèl retounen nan kabann li.

Vwa a rele l ankò yon twazyèm fwa. Li leve, li kouri al kot Eli ankò. Li di Eli konsa : ‘ Men mwen wi, fwa sa a, ou te rele m toutbon. ’ Kounye a, Eli wè se Jewova k ap rele Samyèl. Li di l konsa : ‘ Al kouche ankò, e si w tande vwa a rele w ankò, di : “ Jewova, ou mèt pale, sèvitè w la ap tande w. ” ’

Se sa Samyèl fè vre lè Jewova vin rele l ankò. Jewova di Samyèl li pral pini Eli ak pitit li yo. Sa k te vin rive, Ofni ak Fineyas mouri nan yon batay ak Filisten yo. Lè Eli aprann sa, li sot tonbe, kou l kase, epitou li mouri. Sa Jewova te di a fèt vre.

Lè Samyèl vin gran, li vin dènye jij peyi Izrayèl. Lè l vin vyeyi, pèp la di l konsa : ‘ Chwazi yon wa ki pou gouvène nou. ’ Samyèl pa vle, paske, an reyalite, Jewova te deja yon wa pou pèp la. Men, Jewova di Samyèl li mèt fè sa pèp la di a.