Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

4YÈM PATI

Soti nan premye wa Izrayèl la pou rive nan egzil nan Babilòn

Soti nan premye wa Izrayèl la pou rive nan egzil nan Babilòn

Se Sayil ki te vin premye wa peyi Izrayèl. Men Jewova te rejte l, epi li te chwazi David pou vin wa nan plas li. Nou jwenn anpil enfòmasyon sou David. Lè l te jèn, li te batay ak yon gwo jeyan ki te rele Golyat. Annapre, li te chape poul li anba Sayil ki te jalou. Nan menm epòk sa a, yon bèl dam, ki rele Abigayil, te anpeche misye al fè yon zak ensanse.

Apre sa, nou aprann anpil bagay sou yon pitit David ki rele Salomon. Li te ranplase papa l kòm wa. Twa premye wa peyi Izrayèl yo, yo chak te fè 40 an sou pouvwa a. Apre lanmò Salomon, Izrayèl te divize an de wayòm, wayòm Nò ak wayòm Sid.

Wayòm Nò a te gen dis tribi. Apre 257 an, Asiryen yo te vin kraze l. Epitou 133 an apre sa, Babilonyen yo te vin kraze wayòm Sid la ki te gen de tribi ladan l. Lè sa a, yo te egzile Izrayelit yo nan peyi Babilòn. Se konsa, KATRIYÈM pati a pale sou sa ki te pase pandan 510 an, kote anpil evènman cho te pase.

 

NAN SEKSYON SA A

ISTWA 56

Sayil, premye wa peyi Izrayèl

Okòmansman Bondye te chwazi Sayil, men annapre li te rejte l. Istwa Sayil la aprann nou yon leson enpòtan.

ISTWA 57

Bondye chwazi David

Ki sa Bondye wè nan David pwofèt Samyèl pa wè?

ISTWA 58

David ak Golyat

David bat Golyat ak yon zam ki pi pisan lontan pase senp flonn li.

ISTWA 59

David oblije chape poul li

Okòmansman Sayil te byen renmen David, men li vin tèlman jalou David, li vle touye l. Poukisa?

ISTWA 60

Abigayil ak David

Abigayil di mari l se yon moun tèt cho, poutan Abigayil sove lavi l pou yon ti tan.

ISTWA 61

Yo mete David wa

Ni aksyon David fè ni aksyon li refize fè, montre li kalifye pou l vin wa ann Izrayèl.

ISTWA 62

Fanmi David gen anpil pwoblèm

Men, yon sèl erè li fè lage pwoblèm ni sou tèt li ni sou fanmi l pandan anpil ane.

ISTWA 63

Salomon, yon wa ki gen sajès

Èske l t ap koupe tibebe a an de vre?

ISTWA 64

Salomon bati tanp lan

Malgre Salomon te saj anpil, lòt moun te pran tèt li fè l fè sa k pa bon.

ISTWA 65

Wayòm nan divize

Yonfwa Yawobam kòmanse dirije, li fè pèp la vyole lwa Bondye a.

ISTWA 66

Jezabèl, yon move rèn

Anyen pap anpeche l jwenn sa l vle.

ISTWA 67

Yewochafat fè Jewova konfyans

Poukisa yon lame pral nan batay avèk chantè ki pa gen zam alatèt lame a?

ISTWA 68

De tigason ki reviv

Èske yon moun ki mouri ka reviv ankò? Sa te rive deja!

ISTWA 69

Yon tifi ede yon gwo chèf

Li te gen kouraj pou l pale, e kòm rezilta, gen yon mirak ki fèt.

STORY 70

Yona ak yon gwo pwason

Yona te aprann li enpòtan pou yon moun fè sa Jewova di.

ISTWA 71

Bondye pwomèt yon paradi

Premye paradi a te toupiti; sa a pral plen tout tè a.

ISTWA 72

Bondye pote wa Izkiya sekou

Nan yon sèl nuit, yon zanj touye 185 000 sòlda asiryen.

ISTWA 73

Dènye bon wa Izrayèl la

Yochiya fè yon aksyon ki brav pandan l adolesan.

ISTWA 74

Yon mesye ki pa pè moun

Jeremi te panse l twò jèn pou l pwofèt, men Bondye te konnen li te kapab.

ISTWA 75

Kat jènjan nan Babilòn

Yo te reyisi malgre yo te separe ak fanmi yo.

ISTWA 76

Yo detwi Jerizalèm

Poukisa Bondye kite Babilónyen yo, ki se ènmi Izrayèl, detwi Jerizalèm?