Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 58

David ak Golyat

David ak Golyat

FILISTEN yo vin goumen ak Izrayelit yo ankò. Twa pi gran frè David yo nan lame Sayil la kounye a. Yon jou, Jese di David konsa : ‘ Pran enpe grenn griye ak detwa pen pote pou frè w yo. Epi, w ap pran nouvèl yo. ’

Lè David rive nan kan militè a, li kouri al chèche frè li yo kote sòlda yo an pozisyon pou batay la. Nan mitan Filisten yo, gen yon gwo jeyan ki rele Golyat. Depi 40 jou, chak maten, chak swa, li vin pran plezi ak Izrayelit yo. L ap plede di konsa : ‘ Chwazi youn nan sòlda nou yo pou goumen avè m. Si l bat mwen, si l touye m, nou menm Filisten n ap vin esklav nou. Men, si se mwen ki bat li, si m touye l, nou menm Izrayèl ap vin esklav nou. Mwen ban nou defi chwazi yon moun pou goumen avè m. ’

David mande kèk nan sòlda yo : ‘ Ki sa y ap bay moun ki touye Filisten sa a, pou wete Izrayèl anba wont sa a ? ’

Sòlda yo reponn : ‘ Sayil ap ba l anpil richès, epi l ap bay moun sa a pwòp pitit fi l pou vin madanm li. ’

Men, tout Izrayelit yo pè Golyat paske misye gwonèg anpil. Li mezire plis pase 9 pye (apeprè 3 mèt), epi li gen yon sòlda ki pote boukliye l pou li.

Gen kèk sòlda ki al di wa Sayil David vle goumen ak Golyat. Men, Sayil di David konsa : ‘ Ou pa kapab goumen ak Filisten sa a. Ou menm, se yon timoun ou ye, misye sòlda depi l piti. ’ David reponn : ‘ Mwen deja touye yon lous avèk yon lyon ki te vin pou charye mouton nan twoupo papa m nan. Filisten sa a ap pase menm jan ak yo. Jewova ap sove m anba men l. ’ Lè Sayil tande sa, li di David : ‘ Ou mèt ale, Jewova ap avè w. ’

David desann bò yon ravin dlo, li triye senk wòch byen swa. Li mete yo nan ti dyakout li. Apre sa, li pran flonn li, l al rankontre ak jeyan an. Lè Golyat wè David k ap vin sou li, li pa ka kwè sa l wè a. Li panse li pral touye David byen fasil.

Golyat di David : ‘ Avanse sou mwen pou w wè si m pap bay zwazo ak bèt yo vyann ou pou yo manje. ’ David reponn : ‘ W ap vin sou mwen avèk yon epe, avèk yon lans, avèk yon javlo nan men w. Men mwen menm, se avèk non Jewova m ap vin sou ou. Jodi a menm, Jewova ap lage w nan men m, epi m ap vide w atè. ’

Menm kote a, David kouri sou Golyat. Li pran yon wòch nan ti dyakout li a, li mete l nan flonn li a, li tire l ak tout fòs li. Wòch la vòltije al antre nan tèt Golyat dirèk. Menm kote a, li tonbe li mouri frèt ! Lè Filisten yo wè chanpyon yo a sot tonbe, yo tout pran kouri. Izrayelit yo kouri dèyè yo. Se konsa, yo genyen batay la.