Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 60

Abigayil ak David

Abigayil ak David

ÈSKE w konnen bèl dam sa a k ap mache vin sou David la ? Li rele Abigayil. Se yon dam ki gen lespri. Li anpeche David fè yon move bagay. Men, anvan nou pale plis sou sa, ann al wè ki sak te pase David.

Apre David fin chape poul li pou Sayil, l al kache nan yon gwòt. Frè l yo ansanm ak rès fanmi l yo vin jwenn li la. Met sou sa, gen apeprè 400 zòm antou ki vin jwenn li. David vin chèf yo. Sa David fè, l al kot wa Mowab la, li di l konsa : ‘ Tanpri, kite papa m ak manman m ret avè w jiskaske mwen wè jan sa ap ye pou mwen. ’ Annapre, David avèk mesye l yo al kache nan mòn yo.

Se apre sa David rankontre Abigayil. Mari manmzèl rele Nabal. Se yon mesye ki rich, li gen anpil tè. Li gen 3 000 mouton ak 1 000 kabrit. Misye se yon move moun. Men, madanm li se yon trè bèl moun, e li gen bon sans. Yon lè, li rive sove fanmi l. Ann wè ki jan sa te pase.

David avèk mesye l yo rann Nabal anpil sèvis. Yo pwoteje bèt li yo pou li. Yon jou, David voye mande Nabal yon sèvis. Mesye David voye yo rive kot Nabal pandan li menm ak lòt moun k ap travay avèk li yo ap tonn mouton. Kòm se jou fèt, Nabal gen anpil manje lakay li. Mesye David yo di l konsa : ‘ Nou rann ou anpil sèvis. Nou pa vòlè menm youn nan mouton w yo. Okontrè, nou voye je sou yo pou ou. Tanpri, fè nou kado yon ti manje. ’

Nabal reponn : ‘ Mwen pa gen manje pou m bay moun tankou nou. ’ Li pale di ak mesye yo, e li di yon bann move bagay sou David. Lè mesye yo retounen, yo rakonte David sa ki pase. David fache anpil. Li di mesye l yo : ‘ Pare epe nou ! ’ Menm kote a, mesye yo pran wout la pou y al touye Nabal avèk mesye l yo.

Youn nan mesye Nabal yo, ki te tande jan Nabal te pale lèd, al esplike Abigayil sa k pase a. Menm kote a, Abigayil kouri fè pwovizyon. Li chaje kèk bourik, li met deyò. Kou l wè David, li kouri desann bourik li te sou li a, l al pwostène nan pye David, li di l : ‘ Tanpri, mesye, pa gade sou sa Nabal mari m fè a. Se yon moun tèt cho. Li agi san reflechi. Men kado m pot pou ou. Tanpri, pran li, nou mande w padon pou sa k te pase a. ’

David reponn : ‘ Si m wè ou ka fè m pa al touye Nabal, pou m fè l peye mank dega l fè m nan, ou se yon dam ki prevwayan. Ou mèt tounen lakay ou .’ Annapre, lè Nabal vin mouri, Abigayil vin youn nan madanm David yo.