Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 61

Yo mete David wa

Yo mete David wa

SAYIL kontinye ap chèche mete men sou David. Li pran 3 000 sòlda pami pi bon sòlda l yo, li pati dèyè David. Lè David aprann sa, li voye espyon al chèche konnen ki kote Sayil avèk sòlda l yo fè kan pou aswè a. David mande de nan mesye l yo : ‘ Kiyès nan nou de a ki prale nan kan Sayil la avèk mwen ? ’

Abichayi reponn : ‘ Mwen menm. ’ Abichayi se pitit yon sè David ki rele Sewouya. Pandan Sayil ak sòlda l yo ap dòmi, David ak Abichayi antre nan kan an sou pwent pye. Sayil te gen lans li ak krich dlo l bò tèt li, yo pran yo. Pèsonn pa wè yo. Pèsonn pa tande bri pye yo. Tout moun nan fon somèy.

Gade David ak Abichayi kounye a. Yo soti deyò, y al sou yon tèt mòn kote yo an sekirite. David bay chèf lame Izrayèl la yon kout rèl. Li di : ‘ Abnè, poukisa ou pa pwoteje wa a pi byen ? Gade non ! Kote lans li an ? Kote krich dlo l la ? ’

Sayil reveye. Li rekonèt vwa David. Li mande l : ‘ David, èske se ou menm ? ’ Èske w wè Sayil ak Abnè anba a ?

David reponn : ‘ Se mwen wi monwa, seyè mwen an. ’ Apre sa David mande Sayil : ‘ Poukisa w dèyè arete m ? Ki sa mwen fè ki mal ? Monwa, men lans ou a nan men mwen. Youn nan mesye w yo mèt vin pran l. ’

Sayil di : ‘ Mwen te aji mal. Mwen fè yon bagay ki ensanse. ’ Lèfini, David al fè wout li, Sayil retounen lakay li. Men David di nan kè l : ‘ Sayil ap touye m yon lè kanmenm. Fò m sove ale nan peyi Filisten yo. ’ David fè sa vre. David rive twonpe Filisten yo. Li fè yo kwè li avèk yo kounye a.

Yon tikras tan apre, Filisten yo monte al fè lagè avèk Izrayèl. Yo touye ni Sayil, ni Yonatàn nan lagè a. Sa fè David lapenn anpil. Li ekri yon bèl chante. Men sa chante a di : ‘ Sa fè m lapenn anpil, Yonatàn, frè mwen. Pou jan mwen te renmen w ! ”

Apre sa, David retounen ann Izrayèl, nan vil Ebròn. Gen moun ki chwazi fè yon pitit Sayil ki rele Ichbochèt wa. Gen moun ki vle se David ki pou wa. Te vin gen lagè ant de kan sa yo. Finalman, se patizan David yo ki genyen. David te gen 30 an lè l te vin wa. Li gouvène nan vil Ebròn pandan setan edmi. Li vin gen plizyè pitit gason lòtbò a, pami yo genyen Amnòn, Absalòm ak Adoniya.

Yon lè vin rive, David avèk mesye l yo monte al pran yon bèl vil yo rele Jerizalèm. Sewouya, sè David la, gen yon lòt pitit gason ki rele Yowab. Misye pran latèt nan batay la. Kòm rekonpans, David mete Yowab chèf lame l la. Kounye a, se nan vil Jerizalèm David ap gouvène.