Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 67

Yewochafat fè Jewova konfyans

Yewochafat fè Jewova konfyans

ÈSKE w konnen kiyès moun sa yo ye ? Ou konn sa y ap fè la a ? Yo pral nan lagè. Mesye sa yo ki ap mache devan an ap chante. Men, petèt w ap mande : ‘ Poukisa mesye k ap chante yo pa gen ni epe ni lans nan men yo pou yo batay ? ’ Ann wè sa k fè sa.

Yewochafat se wa wayòm de tribi Izrayèl la. L ap viv nan menm epòk ak wa Ahab ak Jezabèl, ki nan wayòm dis tribi Nò a. Men, Yewochafat se yon bon wa. Papa l, Aza, se te yon bon wa tou. Sa fè, pèp de tribi wayòm Sid la ap viv byen depi anpil ane.

Men, kounye a gen yon bagay ki pase ki fè pèp la pè. Gen mesaje ki vin di Yewochafat konsa : ‘ Gen yon gwo lame ki soti nan peyi Mowab, nan peyi Amòn ak sou mòn Seyi k ap vin atake w. ’ Anpil Izrayelit rasanble nan vil Jerizalèm pou mande Jewova sekou. Yo ale nan tanp lan, e la Yewochafat pran lapriyè. Li di : ‘ O Jewova, Bondye nou an, nou pa konnen sa pou nou fè. Nou san defans devan gwo lame sa a. Nou vin chèche sekou nan men w. ’

Jewova tande, epi li fè youn nan sèvitè l yo di pèp la konsa : ‘ Batay la se pa batay pa nou li ye. Se batay Bondye li ye. Nou pap gen pou nou goumen. Annik ret gade sèlman, epi n ap wè jan Jewova ap sove nou. ’

Nan demen maten, Yewochafat di pèp la konsa : ‘ Fè Jewova konfyans ! ’ Lèfini, li mete chantè yo devan sòlda yo. Etan y ap mache, y ap louwe Jewova. Ou konn sa ki pase lè yo prèske rive kote yo pral batay la ? Jewova fè sòlda ènmi yo batay youn ak lòt. Lè Izrayelit yo rive, yo jwenn tout sòlda ènmi yo mouri nèt !

Èske Yewochafat pa t byen fèt fè Jewova konfyans ? N ap byen fè tou si nou fè Jewova konfyans.