Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 68

De tigason ki reviv

De tigason ki reviv

SI W ta mouri, epi w ta vin reviv, ki jan manman w ta santi l ? Li t ap kontan anpil, pa vre ? Men, èske yon moun ki mouri kapab reviv ? Èske sa rive deja ?

Gade mesye sa a ansanm ak madanm nan avèk tigason an. Mesye a se pwofèt Eliya. Madanm nan se yon vèv k ap viv nan vil Safat. Tigason an se pitit li. Ebyen, yon jou, tigason an vin malad. Chak jou, li vin pi mal, e finalman li mouri. Eliya di madanm nan konsa : ‘ Ban m tigason an. ’

Eliya monte avèk timoun mouri a nan chanmòt la, li mete l kouche sou yon kabann. Lèfini, li priye, li di : ‘ O Jewova, fè timoun nan reviv. ’ Epi tigason an kòmanse respire ! Menm kote a, Eliya pran l, li desann avè l, li di madanm nan konsa : ‘ Gade, men pitit ou a ! Li vivan ! ’ Se sa ki fè manman an kontan jan l kontan an.

Gen yon lòt gwo pwofèt Jewova ankò ki rele Elicha. Se kolaboratè Eliya li ye. Men, rive yon lè, Jewova sèvi avèk Elicha pou fè mirak tou. Yon jou, Elicha ale nan vil Chounèm. La, gen yon madanm ki konn rann li anpil sèvis. Madanm sa a vin gen yon pitit gason.

Yon jou maten, lè sa a timoun nan gentan vin gran, l al jwenn papa l k ap travay nan jaden. Bridsoukou, tigason an tonbe rele, li di : ‘ Men tèt mwen ap fè m mal ! ’ Yo mennen l lakay li. Kou l rive, li mouri. Ou pa bezwen mande jan sa fè manman an lapenn ! Menm kote a, li met deyò, l al chèche Elicha.

Lè Elicha rive, li ale nan chanm kote kadav la ye a. Li priye Jewova. Lèfini, li kouche sou kadav la. Kò timoun nan vin cho. Li estènen sèt fwa. Ala kontan manman an kontan lè l antre, li jwenn tigason l lan vivan !

Gen anpil anpil moun ki mouri. Sa fè fanmi yo ak zanmi yo lapenn. Nou pa gen pouvwa pou nou resisite mò. Men, Jewova gen pouvwa sa a. Nou gen pou n aprann ki jan plizyè milyon moun pral retounen viv ankò.