Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 75

Kat jènjan nan Babilòn

Kat jènjan nan Babilòn

WA NEBOUKADNETZA pran Izrayelit ki pi enstwi yo, li mennen yo Babilòn. Apre sa, li chwazi pami yo mesye ki pi bèl gason yo, ki pi entèlijan yo. Se kat ladan yo w ap gade la a. Youn rele Danyèl. Twa lòt yo, Babilonyen yo rele yo Chadrak, Mechak ak Abednego.

Plan Neboukadnetza pou mesye yo, se ba yo fòmasyon pou yo ka vin sèvi nan palè a. Sou twazan, l ap chwazi sa ki pi entèlijan yo sèlman pou vin ede l rezoud pwoblèm. Wa a vle pou mesye yo gwo gason, pou yo an sante pandan y ap pran fòmasyon an. Donk, li pase lòd pou sèvitè l yo bay mesye yo menm bon manje ak menm bon diven li menm ak fanmi l yo jwenn.

Gade jèn tigason yo rele Danyèl la. Èske w konnen ki sal ap di Achpenaz, sèvitè an chèf Neboukadnetza a ? Danyèl ap di l li pa vle manje bon manje ki sou tab wa a. Men sa trakase Achpenaz. Li di : ‘ Se wa a ki deside sa pou nou manje ak sa pou nou bwè. Si nou pa parèt anfòm menm jan ak lòt timesye yo, li ka touye m. ’

Sa Danyèl fè, l al kote gadyen Achpenaz mete pou okipe li menm ak twa zanmi l yo. Li di l : ‘ Tanpri, fè yon tès sou nou pandan dis jou. Ban nou legim sèlman pou nou manje avèk dlo pou nou bwè. Apre sa, konpare nou avèk lòt timesye k ap manje bon manje wa a, pou w wè kiyès k ap parèt pi anfòm. ’

Gadyen an dakò. Sou dis jou, Danyèl avèk twa zanmi l yo parèt pi anfòm pase tout lòt timesye yo. Lè gadyen an wè sa, li kite yo manje legim olye yo manje manje wa a bay la.

Kou peryòd twazan an fini, yo mennen tout timesye yo bay Neboukadnetza. Lè wa a fin pale ak yo tout, li wè se Danyèl ak twa zanmi l yo ki pi entèlijan. Donk, li fè yo rete nan palè a pou yo ede l. Kèlkeswa kesyon wa a poze Danyèl, Chadrak, Mechak ak Abednego, oubyen kèlkeswa gwo pwoblèm li met devan yo, yo montre yo gen dis fwa plis konesans pase prèt yo oubyen òm saj yo.