Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 76

Yo detwi Jerizalèm

Yo detwi Jerizalèm

SA GEN plis pase dizan depi wa Neboukadnetza te pran Izrayelit ki pi enstwi yo mennen yo Babilòn. Gade sa k ap pase kounye a ! Y ap boule Jerizalèm rapyetè. Izrayelit yo pa touye yo, yo fè yo tounen prizonye, yo mennen yo Babilòn.

Sonje byen, pwofèt Jewova yo te deja avèti yo, si yo pa chanje, se sa ki t ap rive yo. Men, Izrayelit yo pa t vle tande pwofèt yo. Yo te chita ap adore fo dye olye pou yo adore Jewova. Yo te merite pini. Sa k fè nou konn sa, se paske pwofèt Ezekyèl fè nou konnen move bagay Izrayelit yo te konn ap fè.

Èske w konnen kiyès Ezekyèl ye ? Se youn nan jènjan wa Neboukadnetza te mennen Babilòn sa gen plis pase dizan anvan yo te detwi Jerizalèm. Se menm lè sa a yo te mennen Danyèl ak twa zanmi l yo Babilòn tou, anpalan de Chadrak, Mechak ak Abednego.

Pandan Ezekyèl toujou Babilòn, Jewova montre l vye bagay k ap pase nan tanp Jerizalèm nan. Jewova fè yon mirak pou l montre Ezekyèl sa. An reyalite, Ezekyèl toujou Babilòn, men Jewova fè l wè tout sa k ap pase nan tanp lan. Pou sa Ezekyèl wè, se pa ti sezi li sezi !

Jewova di Ezekyèl : ‘ Gade de bagay repiyan moun yo ap fè nan tanp lan. Gade jan yo fè foto koulèv ak foto lòt bèt sou tout mi yo. Gade jan Izrayelit yo ap adore yo ! ’ Ezekyèl rive wè bagay sa yo e li ekri sa k ap pase.

Jewova mande Ezekyèl : ‘ Èske w wè sa dirijan Izrayelit yo ap fè an kachèt ? ’ Ezekyèl wè sa k ap pase a. Li wè 70 mesye. Yo tout ap adore fo dye. Y ap di : ‘ Jewova pa wè nou. Li kite peyi a. ’

Apre sa, Jewova montre Ezekyèl kèk fi nan pòtay ki nan pati nò tanp lan. Yo chita la a, y ap adore yon fo dye ki rele Tamouz. Gade yon seri mesye nan pòt antre tanp Jewova a ! Yo yon valè 25 konsa. Ezekyèl wè yo. Yo mete ajenou, yo vire fas yo alès, y ap adore solèy la !

Jewova di konsa : ‘ Moun sa yo pa respekte m. Nonsèlman y ap fè sa k pa bon, men yo vin fè bagay sa yo nan tanp mwen an kareman ! ’ Se sa k fè Jewova di : ‘ Y ap wè sa m peze lè m ankòlè. Kè m pap fè m mal pou yo lè y ap peri ! ’

Sèlman anviwon twazan apre Jewova fin montre Ezekyèl bagay sa yo, Izrayelit yo revòlte kont wa Neboukadnetza. Neboukadnetza vin fè lagè ak yo. Apre ennan edmi, Babilonyen yo rive fann miray Jerizalèm yo, yo antre, yo boule vil la rapyetè. Pifò Izrayelit yo, yo touye yo oubyen y al Babilòn avèk yo kòm prizonye.

Poukisa Jewova kite yo ravaje Izrayelit yo nan eta sa a ? Se paske yo pa t koute Jewova, yo pa t obeyi lwa l yo. Sa montre jan li enpòtan pou nou toujou fè sa Jewova di.

Pou kòmanse, yo kite yon ti ponyen moun viv nan peyi Izrayèl la. Wa Neboukadnetza mete yon Juif yo rele Gedalya sou tèt yo. Men, yon ti gwoup ladan yo asasine Gedalya. Kounye a, pèp la pè pou Babilonyen yo pa vin touye yo pou sa ki pase a. Donk, yo fòse Jeremi pati avèk yo, e yo kouri y al ann Ejip.

Sa fè peyi Izrayèl la pa gen moun ladan l menm pandan 70 an. Li vid nèt. Men, Jewova pwomèt l ap fè pèp la retounen nan peyi a apre 70 an. Antretan, ki saki rive pèp Bondye a pandan yo ann egzil nan peyi Babilòn ? Se sa nou pral wè.