Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

6YÈM PATI

Soti lè Jezi fèt pou rive lè l mouri

Soti lè Jezi fèt pou rive lè l mouri

Bondye te voye zanj Gabriyèl bò kot yon jèn fi debyen ki rele Mari. Li te di l li pral fè yon pitit ki pral wa pou toutan. Li t ap pale de Jezi. Jezi te fèt nan yon pak bèt, e se la kèk gadyen mouton te vin vizite li. Annapre, yon etwal te dirije kèk mesye ki te soti nan Lès pou al kote timoun nan ye a. N ap aprann kiyès ki te fè yo wè etwal sa a, e ki jan Jezi te fè sove anba efò yo t ap fè pou yo touye l.

Apre sa, nou jwenn Jezi a 12 an k ap pale avèk anseyan yo nan tanp lan. Jezi te batize dizuit an apre, e li te kòmanse fè travay papa l te voye l fè sou tè a : preche Wayòm nan epi anseye moun yo. Jezi te chwazi 12 mesye, li te fè yo vin apot li pou yo ede l nan travay sa a.

Jezi te fè anpil mirak. Li te bay plizyè milye moun manje avèk sèlman kèk ti pwason ak kèk moso pen. Li te geri malad. Ata moun mouri li te resisite. Finalman, n ap aprann anpil bagay ki te rive Jezi pandan dènye jou l yo, e n ap aprann ki jan yo te touye l. Jezi te fè apeprè twazan edmi ap preche. Donk, SIZYÈM pati a di nou sa k te pase pandan yon tikras plis pase 34 an.

 

NAN SEKSYON SA A

ISTWA 84

Yon zanj vizite Mari

Li pote mesaj Bondye: Mari pral fè yon tibebe ki gen pou vin yon wa pou toutan.

ISTWA 85

Jezi fèt nan yon pak

Kòman yon moun ki gen pou l vin wa fè fèt kote yo bay bèt manje?

ISTWA 86

Yo suiv yon etwal

Kiyès ki te dirije astwològ yo pou rive jwenn Jezi? Repons lan gendwa fè w sezi.

ISTWA 87

Ti Jezi nan tanp lan

Li gen yon bagay ki fè menm granmoun ki anseye nan tanp lan sezi.

ISTWA 88

Jan batize Jezi

Jan t ap batize moun ki fè peche yo, men Jezi pa t janm peche. Poukisa Jan te batize Jezi?

ISTWA 89

Jezi netwaye tanp lan

Jezi demontre yon fòm lanmou ki fè l fache.

ISTWA 90

Rankont ak yon dam bò yon pi

Ki jan dlo Jezi ofri dam nan ka pèmèt li pa janm swaf ankò?

ISTWA 91

Jezi ap anseye sou yon mòn

Aprann sajès k ap toujou itil nou nan diskou Jezi te fè sou mòn nan.

ISTWA 92

Jezi resisite mò

Jezi sèvi ak pouvwa Bondye, li di de mo tou senp pou l resisite pitit fi Jayiris la.

ISTWA 93

Jezi bay anpil moun manje

Ki pwen enpòtan nou aprann lefètke Jezi te fè yon mirak pou l bay plizyè milye moun manje?

ISTWA 94

Li renmen timoun piti

Jezi fè apot li yo konnen gen anpil bagay yo kapab aprann sou timoun e gen anpil bagay yo ka aprann nan men yo tou.

ISTWA 95

Fason Jezi anseye

Parabòl bon Samariten an se yon egzanp ki montre metòd Jezi te konn plis itilize pou l anseye.

ISTWA 96

Jezi geri malad

Ki sa Jezi akonpli lefètke l fè tout mirak sa yo?

ISTWA 97

Jezi vini antanke Wa

Gwo foul moun yo kontan akeyi Jezi, men se pa tout moun ki kontan.

ISTWA 98

Sou mòn Olivye a

Jezi ap di kat nan apot li yo bagay ki gen pou rive nan epòk nou an.

ISTWA 99

Nan yon chanm aletaj

Poukisa Jezi te di disip li yo pou yo manje repa espesyal sa a chak ane?

ISTWA 100

Jezi nan jaden an

Poukisa Jida te trayi Jezi ak yon bo?

ISTWA 101

Yo touye Jezi

Pandan Jezi te kloure sou poto a, li te fè yon pwomès konsènan paradi a.