Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 84

Yon zanj vizite Mari

Yon zanj vizite Mari

BÈL dam sa a rele Mari. Li se yon Izrayelit k ap viv Nazarèt. Bondye konnen li se yon moun ki debyen anpil. Se poutèt sa li voye zanj Gabriyèl vin pale avè l. Èske w konnen ki saGabriyèl vin di Mari ? Ann al wè ki sa.

Li di l : ‘ Bonjou, ou menm ki jwenn yon pakèt favè, Jewova avèk ou. ’ Mari pa t janm wè moun sa a anvan. Mari yon jan twouble, paske li pa konprann sa l ap di l la. Men tousuit, Gabriyèl fè kè l poze.

Li di l : ‘ Ou pa bezwen pè, Mari. Ou fè kè Jewova kontan anpil. Se poutèt sa li pral fè yon bagay estrawòdinè pou ou. Talè konsa ou pral fè yon tibebe. Se pou w rele l Jezi. ’

Gabriyèl kontinye pou l di : ‘ Timoun sa a ap vin yon moun enpòtan. Y ap rele l Pitit Gason Bondye Trèwo a. Jewova pral fè l wa menm jan ak David. Men, Jezi pral wa pou toutan. Wayòm li an pap janm fini ! ’

Mari mande zanj lan : ‘ Ki jan tou sa ap fè fèt ? Mwen pa menm marye. Mwen pap viv avèk okenn gason. Ki jan m ap fè gen yon tibebe ? ’

Gabriyèl reponn : ‘ Pisans Bondye ap vin sou ou. Se sa k fè y ap rele pitit la Pitit Gason Bondye. ’ Apre sa, li di Mari : ‘ Sonje fanmi w Elizabèt. Moun yo te di li twò granmoun, li pa kapab fè pitit. Men, talè konsa li pral gen yon pitit gason. Ou wè sa, nanpwen anyen Bondye pa kapab fè. ’

Menm kote a, Mari di konsa : ‘ Se esklav Jewova mwen ye ! Se pou sa fèt jan w di a. ’ Epi zanj lan ale.

Mari kouri al wè Elizabèt. Lè Elizabèt tande vwa Mari, tibebe ki anndan vant li an ponpe, tèlman l kontan. Elizabèt ranpli ak lespri Bondye sou li. Li di Mari konsa : ‘ Pami tout fi, se ou menm ki gen yon benediksyon espesyal. ’ Mari fè apeprè twa mwa ak Elizabèt, apre sa li retounen nan peyi l, Nazarèt.

Mari pral marye avèk yon mesye yo rele Jozèf. Men, lè Jozèf aprann Mari ansent, li pa panse li ta dwe marye avè l ankò. Men, zanj Bondye a di l konsa : ‘ Ou pa bezwen pè pran Mari kòm madanm ou. Se Bondye ki ba l yon pitit gason. ’ Donk, Mari ak Jozèf vin marye e yo ret ap tann Jezi fèt.