Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 95

Fason Jezi anseye

Fason Jezi anseye

YON jou, Jezi di yon mesye li dwe renmen pwochen l. Mesye a mande Jezi : ‘ Kiyès ki pwochen m ? ’ Ebyen, Jezi te konnen ki saki nan tèt mesye a. Mesye a panse se moun ki menm ras avè l e ki nan menm relijyon avè l sèlman ki pwochen l. Ann wè sa Jezi di l.

Gendelè, pou Jezi anseye, li rakonte yon istwa. Se sa l fè la a. Li rakonte yon istwa sou yon Juif ak yon Samariten. Nou sot aprann pifò Juif pa gen bèl lè ak Samariten. Ebyen, tande istwa Jezi rakonte a :

Yon jou, te gen yon Juif ki t ap desann yon wout mòn ki mennen Jeriko. Men, vòlè te fè dappiyanp sou li. Yo pran kòb li epi yo tèlman bat li yo mete l twaka mò.

Apre sa, yon prèt juif vin ap pase nan wout la. Li wè moun ki blese a. Ki sa w panse l fè ? Li annik janbe lòt bò wout la, l al fè wout li. Apre sa, yon gwo manm nan relijyon an vin ap pase tou. Se te yon Levit. Èske l te kanpe ? Non, li menm tou li pa t kanpe pou l te ede moun ki blese a. Ou kapab wè prèt la avèk Levit la k ap kontinye wout yo.

Men, gade kiyès ki la a avèk moun blese a. Se yon Samariten. L ap ede Juif la. L ap panse kote li blese yo. Lè l fini, li pran Juif la, li mennen l yon kote pou li repoze annatandan li geri.

Lè Jezi fin rakonte istwa a, li di mesye ki te poze l kesyon an konsa : ‘ Kiyès nan twa moun sa yo ou panse ki te montre li se pwochen mesye yo te bat la ? Èske se te prèt la, Levit la, oubyen Samariten an ? ’

Mesye a reponn : ‘ Se Samariten an paske se li menm ki rann mesye yo te bat la sèvis. ’

Jezi di : ‘ Ou byen reponn. Ou menm tou, ale e fè menm jan an tou. ’

Èske w pa renmen fason Jezi anseye a ? Nou ka aprann anpil gwo bagay si nou koute sa Jezi di nan Bib la, pa vre ?