Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 96

Jezi geri malad

Jezi geri malad

PANDAN Jezi ap vwayaje nan tout peyi a, li geri malad. Nouvèl la gaye nan tout bouk ak nan tout vil ki nan peyi a. Donk, moun yo mennen moun ki kokobe, avèg, moun soud ak anpil lòt malad ba li. Jezi geri tout nèt.

Twazan gentan pase depi Jan te batize Jezi. Jezi di apot li yo talè konsa l ap monte Jerizalèm kote y ap touye l e apre sa l ap resisite. Antretan, Jezi kontinye ap geri malad.

Yon lè, se te yon jou saba, e Jezi t ap anseye. Saba se jou repo pou Juif yo. Fi sa a ou wè la a malad anpil. Li gen 18 an depi do l bosi. Li pa kapab kanpe dwat. Sa Jezi fè, li poze men l sou fi a, e fi a kanpe dwat. Li geri !

Sa fè chèf relijye yo fache anpil. Youn ladan yo rele sou foul la, li di : ‘ Gen sis jou travay. Se nan jou sa yo pou nou vin chèche gerizon, se pa nan jou saba a ! ’

Men, Jezi reponn : ‘ Bann mechan ! Nenpòt nan nou ka al demare bourik li pou l mennen l bwè dlo jou saba a. Donk, èske malerèz sa a, ki sot fè 18 an malad pa t dwe jwenn gerizon jou saba a ? ’ Repons Jezi a fè mechan yo wont.

Apre sa, Jezi ak apot li yo pran direksyon Jerizalèm. Apèn yo kite Jeriko, gen de mandyan avèg ki tande Jezi ap pase. Yo di byen fò : ‘ Jezi, fè kichòy pou nou ! ’

Jezi rele avèg yo, li mande yo : ‘ Ki sa nou ta renmen m fè pou nou ? ’ Yo di l : ‘ Seyè, fè je nou ouvri. ’ Jezi manyen je yo e menm kote a yo wè ! Èske w konnen poukisa Jezi fè tout kalite bèl mirak sa yo ? Se paske li renmen moun yo, li vle pou yo gen lafwa nan li. Sa fè nou gen asirans, lè Jezi ap dirije kòm wa, pap gen moun k ap malad ankò sou tè a.