Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 99

Nan yon chanm aletaj

Nan yon chanm aletaj

KOUNYE a nou nan de jou apre, se yon jedi swa. Jezi vin ak 12 apot li yo nan gran chanm sa a ki aletaj pou l manje manje Pak la avèk yo. Mesye w wè ki leve ale a se Jida Iskaryòt. Li pral di prèt yo jan yo ka rive arete Jezi.

Nan yè, Jida te al kot prèt yo, li te mande yo : ‘ Ki sa n ap ban m si mwen ede nou kenbe Jezi ? ’ Yo di l : ‘ N ap ba w 30 pyès ann ajan. ’ Kounye a, se kot mesye sa yo Jida prale yon fason pou l ka mennen yo kote Jezi ye a. ’ Èske se pa yon bagay ki tèrib ?

Yo fin manje manje Pak la. Men kounye a, Jezi kòmanse yon lòt repa ki espesyal. Li lonje yon pen bay apot li yo, epi li di : ‘ Manje l, paske sa a reprezante kò mwen mwen pral bay pou nou an. ’ Lèfini, li lonje yon koup diven ba yo, li di : ‘ Bwè li, sa reprezante san mwen ki pral koule pou nou an. ’ Bib la rele seremoni sa a ‘ Soupe Seyè a. ’

Izrayelit yo te konn manje manje Pak la pou yo sonje lè zanj Bondye a te ‘ pase anlè ’ tèt kay yo lè yo te ann Ejip alòske li te touye premye pitit Ejipsyen yo. Men, kounye a, Jezi vle pou disip li yo sonje l e pou yo sonje jan l te bay vi l pou yo. Se poutèt sa li di yo pou yo selebre repa espesyal sa a chak ane.

Lè yo fin manje Soupe Seyè a, Jezi di apot li yo fò yo brav epi fò yo gen gwo lafwa. Finalman, yo chante pou Bondye epi yo kite chanm nan. Li byen ta kounye a, li dwe depase minui. Ann al wè kote yo prale.