Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 100

Jezi nan jaden an

Jezi nan jaden an

LÈ JEZI ak apot li yo fin kite chanm aletaj la, y ale nan jaden Jetsemane a. Yo vini la a plizyè fwa deja. Kounye a, Jezi di yo pou yo rete je klè, epi pou yo priye. Apre sa, li kite yo yon ti distans, li met fas atè pou l priye.

Apre sa, li retounen kote apot yo ye a. Ki sa w panse apot yo ap fè ? Y ap dòmi ! Jezi di yo pandan twa fwa, yo dwe rete je klè. Men, chak fwa li retounen, li jwenn yo nan dòmi. Dènye fwa Jezi retounen an, li di yo konsa : ‘ Ki jan nou fè ap dòmi nan yon moman konsa ? Men lè a rive pou yo livre m bay ènmi m yo. ’

Jezi poko fin pale, yo tande bri yon foul moun. Gade ! Men mesye yo ap vini avèk epe ak baton ! Yo mache ak flanbo pou ba yo limyè. Lè yo prèske rive, gen yon moun ki pran devan foul la, ki avanse dwat sou Jezi. Li bo l tankou jan w ap gade la a. Mesye a se Jida Iskaryòt ! Poukisa li bo Jezi ?

Jezi di l : ‘ Jida, se konsa w trayi m ak yon bo ? ’ Vrèmanvre, bo sa a se yon siy. Se bo sa a ki fè moun ki avèk Jida yo rekonèt Jezi yo t ap chèche a. Donk, ènmi Jezi yo avanse pou yo atrap li. Men, Pyè pa deside kite yo pran Jezi san l pa goumen. Li te gen yon epe sou li, li rale l, li bay mesye ki bò kote l la yon kout epe. Epe a pase ra tèt mesye a, l al koupe zòrèy dwat li. Men, Jezi touche zorèy la, li geri l.

Lèfini, Jezi di Pyè konsa : ‘ Mete epe w la nan plas li. Èske w pa panse mwen ka mande Papa m plizyè milye zanj pou vin sove m ? ’ Vrèmanvre, Jezi te kapab fè sa ! Men, li pa mande Bondye pou l voye okenn zanj ba li paske li konnen se lè a ki rive pou ènmi l yo pran l. Donk, li kite yo ale avèk li. Ann al wè sa k rive Jezi kounye a.