Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 101

Yo touye Jezi

Yo touye Jezi

GADE yon bagay tèrib k ap pase la a ! Y ap touye Jezi. Yo pann li sou yon poto. Yo kloure men l ak pye l. Poukisa moun yo te vle fè Jezi sa ?

Se paske gen moun ki rayi Jezi. Ou konn kiyès ? Youn ladan yo se zanj mechan yo rele Satan Ledyab la. Se li menm ki te rive fè Adan ak Èv dezobeyi Jewova. Epi se Satan ki fè ènmi Jezi yo fè kalite gwosè krim sa a.

Menm anvan yo te kloure Jezi sou poto a, ènmi l yo te maltrete l. Ou sonje jan yo te vin arete li nan jaden Jetsemane a ? Kiyès ènmi sa yo te ye ? Se te chèf nan relijyon juif la. Ebyen, annou wè sa k te pase annapre.

Lè chèf relijye yo fè arete Jezi, apot yo wete kò yo. Yo kite Jezi poukont li ak ènmi l yo, paske yo te vin pè. Men, apot Pyè ak apot Jan pa al twò lwen. Yo rete ap suiv pou yo wè sa k pral pase Jezi.

Prèt yo mennen Jezi devan yon granmoun gason, yon ansyen granprèt, ki rele Àn. Foul la pa rete la pou anpil tan. Apre sa, yo mennen l lakay Kayif ki granprèt kounye a. Anpil chèf relijye reyini lakay li.

Se nan kay sa a, lakay Kayif, y ap jije Jezi. Yo mennen moun vin fè manti sou Jezi. Tout chèf relijye yo di konsa : ‘ Jezi merite mouri. ’ Yo krache nan figi l. Yo ba l kout pwen.

Pandan tout bagay sa yo ap pase, Pyè ret deyò nan lakou a. Kòm jou swa a li fè frèt, moun yo fè boukan dife. Pandan y ap chofe kò yo bò dife a, yon sèvant gade Pyè, li di : ‘ Mesye sa a te avèk Jezi tou. ’

Pyè reponn : ‘ Non, mwen pa t avè l ! ’

Pandan twa fwa, gen moun ki di Pyè li te avèk Jezi. Chak fwa, Pyè demanti yo. Men, sou twazyèm fwa a, Jezi vire gade l. Pyè regrèt manti li fè a anpil. Li soti deyò l al kriye.

Vandredi maten, kou solèy la kòmanse parèt, prèt yo mennen Jezi nan sal Sanedren an, yon gwo kote yo konn fè reyinyon. Etan la, y ap diskite sou ki say ap fè ak Jezi. Yo mennen l bay Pons Pilat, gouvènè distri Jide a.

Prèt yo di Pilat konsa : ‘ Misye se yon move moun. Li merite mouri. ’ Pilat al poze Jezi kesyon. Lè l fini, li di : ‘ Mwen pa wè misye fè anyen ki mal. ’ Li voye Jezi bay Ewòd Antipas. Ewòd se gouvènè Galile. Men, pou kounye a li an vizit Jerizalèm. Li menm tou, li pa wè Jezi fè anyen ki mal, donk, li voye l tounen bay Pilat.

Pilat vle lage Jezi. Men, ènmi Jezi yo vle se yon lòt prizonye pou yo lage pito. Lòt prizonye a se yon brigan ki rele Barabas. Li pral midi lè Pilat soti deyò avèk Jezi. Pilat di moun yo konsa : ‘ Men wa nou an ! ’ Men, prèt yo reponn byen fò : ‘ Al avè l ! Touye l ! Touye l ! ’ Lè Pilat wè sa, li lage Barabas e yo pran Jezi pou y al touye l.

Byen bonè nan vandredi aprèmidi, yo kloure Jezi sou yon poto. Ou pap kapab wè sa nan foto a, men yo kloure Jezi nan mitan de kriminèl, yo chak sou yon poto, pou yo mouri yo menm tou. Yon tikras tan anvan Jezi mouri, youn nan kriminèl yo di l : ‘ Sonje m lè w va nan wayòm ou an. ’ Jezi reponn : ‘ Mwen pwomèt ou w ap avèk mwen nan Paradi a. ’

Èske se pa yon bèl pwomès ? Èske w konnen de ki paradi Jezi ap pale ? Kote paradi Bondye te fè okòmansman an te ye ? Se sou tè a, pa vre ? Lè Jezi ap gouvène kòm wa nan syèl la, li pral resisite mesye sa a pou l al viv nan Paradi ki pral genyen sou tè a. Èske sa pa fè kè nou kontan ?