Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 104

Jezi retounen nan syèl

Jezi retounen nan syèl

JEZI te fè disip li yo wè l plizyè lòt fwa ankò. Yon lè, gen anviwon 500 nan disip li yo ki wè l. Lè Jezi parèt devan yo, èske w konnen de ki sali pale avèk yo ? Se de Wayòm Bondye a. Jewova te voye Jezi sou tè a pou l aprann moun anpil bagay sou Wayòm nan. Jezi kontinye fè sa, menm apre li fin resisite.

Èske w sonje ki saWayòm Bondye a ye ? Se yon gouvènman toutbonvre Bondye genyen nan syèl la. Se Jezi Bondye chwazi kòm Wa ladan l. Tankou nou te aprann sa, Jezi te montre ki kalite bon wa l ap ye sou jan li bay moun ki grangou manje, sou jan li geri malad, vin jwenn ata mò li resisite !

Jezi pral gouvène nan syèl la pandan mil an. Ki jan tè a pral ye lè sa a ? Tout tè a nèt pral tounen yon bèl paradi. Lagè, krim, maladi e ata lanmò pap la ankò. Nou konnen sa ap fèt vre, paske Bondye te fè tè a pou l vin yon paradi pou moun viv. Se poutèt sa okòmansman, li te fè jaden Edenn nan. Jezi pral fè yon jan pou sa Bondye te vle fè a reyalize.

Lè a rive kounye a pou Jezi retounen nan syèl la. Jezi te fè 40 jou ap fè disip li yo wè l. Sa fè yo sèten Jezi vivan ankò. Men, anvan li kite disip li yo, li di yo : ‘ Rete Jerizalèm jiskaske nou resevwa lespri sen. ’ Lespri sen an se fòs aktif Bondye. Li tankou yon van k ap soufle. Li pral ede disip yo fè volonte Bondye. Finalman, Jezi di konsa : ‘ Nou gen pou nou preche nouvèl ki konsène m jis nan rejyon ki pi lwen sou tè a. ’

Kou Jezi fin di sa, gen yon bagay estrawòdinè ki rive. Li kòmanse ap monte nan syèl la tankou jan w wè l la a. Apre sa, yon nyaj bare li. Disip li yo pa kapab wè l ankò. Jezi ale nan syèl la e li kòmanse ap dirije disip li yo ki sou tè a.