Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 105

Yo rete Jerizalèm ap tann

Yo rete Jerizalèm ap tann

MOUN sa yo ki la a se disip Jezi. Yo koute sa l te di yo e yo rete Jerizalèm. Pandan yo tout ap tann ansanm, yon gwo bri fèt nan tout kay kote yo ye a. Bri a tankou yon gwo kout van. Menm kote a, flanm dife ki gen fòm lang parèt sou tèt chak disip. Èske w wè yon dife sou tèt yo chak ? Ki sa tout bagay sa yo vle di ?

Se yon mirak ! Jezi retounen nan syèl la, li bò kot Papa l, epi li simaye lespri sen sou disip li yo. Èske w konnen ki salespri sen fè yo fè ? Yo chak pran pale yon lòt lang.

Anpil moun nan vil Jerizalèm tande bri ki fèt tankou gwo kout van an. Yo vin gade sa k genyen. Gen nan moun yo ki soti lòt peyi ki vin nan fèt Pannkòt Izrayelit yo ap fete a. Se pa ti sezi vizitè sa yo sezi ! Yo tout ap tande nan pwòp lang pa yo, disip yo k ap pale sou kalite bèl mèvèy Bondye fè.

Vizitè yo di konsa : ‘ Tout moun sa yo se moun Galile. Donk, kòman yo fè kapab pale nan lang peyi kote nou soti yo ? ’

Kounye a, Pyè leve kanpe pou l esplike yo. Li pale byen fò, li rakonte moun yo jan yo te touye Jezi e jan Jewova te resisite l. Epi li di yo : ‘ Kounye a, Jezi adwat Bondye nan syèl la. Li simaye lespri sen yo te pwomèt la. Se sa k fè nou wè e nou tande mirak sa yo. ’

Ebyen, lè Pyè fin di sa, sa k te rive Jezi a fè anpil nan yo lapenn. Yo mande : ‘ Ki sa pou nou fè ? ’ Pyè reponn : ‘ Nou bezwen chanje lavi nou e nou bezwen batize. ’ Se konsa, jou sa a anviwon 3 000 moun batize e yo vin disip Jezi.