Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 106

Yo lage nan prizon

Yo lage nan prizon

GADE zanj ki kenbe pòt prizon an tou ouvè a. Mesye l ap lage yo se apot Jezi yo ye. Annou chèche konnen ki sa ki fè yo te mete yo nan prizon.

Pa gen anpil tan ki pase depi lespri sen te simaye sou disip Jezi yo. Men sa k vin pase apre : yon aprèmidi, Pyè ak Jan al nan tanp Jerizalèm nan. Gen yon mesye ki fèt tou enfim ki chita bò pòt la. Chak jou, yo pote l vin nan tanp lan pou l ka mande moun k ap antre yo kòb. Lè l wè Pyè avèk Jan, li mande yo yon ti kichòy. Ki sa apot yo fè ?

Yo kanpe, yo gade pòv la. Pyè di : ‘ Mwen pa gen lajan. Men, m ap ba ou sa m genyen an. Nan non Jezi, leve mache ! ’ Pyè pran mesye a nan men dwat, epi, menm kote a, li leve kanpe, li kòmanse mache. Lè moun yo wè sa, yo sezi, yo kontan anpil pou wè gwosè mirak sa a ki fèt la.

Pyè di yo konsa : ‘ Se grasa pouvwa Bondye ki te resisite Jezi, ki fè nou fè mirak sa a. ’ Pandan li menm ak Jan ap pale konsa, gen kèk chèf relijye ki vin kote yo. Yo fache poutèt Pyè ak Jan ap rakonte moun yo jan Jezi te resisite. Yo met men sou mesye yo, e yo fèmen yo nan prizon.

Nan demen, chèf relijye yo fè yon gwo reyinyon. Yo fè mennen ni Pyè ak Jan, ni mesye yo te geri a. Yo mande mesye yo : ‘ Ki kote nou jwenn pouvwa pou nou fè mirak sa a ? ’

Pyè di yo se grasa pouvwa Bondye ki te resisite Jezi a. Prèt yo pa konnen sa pou yo fè, paske yo pa ka nye gen yon gwo mirak ki sot fèt toutbonvre. Sa yo fè, yo bay apot yo pinga pou yo pa pale de Jezi ankò, epi yo kite yo ale.

Tank jou ap pase, se tank apot yo kontinye ap pale de Jezi e y ap geri malad. Nouvèl mirak sa yo fin gaye tout kote. Ata foul moun ki soti nan zòn alantou Jerizalèm vin pote malad bay apot yo pou yo geri. Sa fè chèf relijye yo fè jalouzi. Yo met men sou apot yo, yo fèmen yo nan prizon. Men, yo pa t rete nan prizon pou anpil tan.

Diran nuit lan, yon zanj Bondye ouvè pòt prizon an, jan w ap gade sa la a. Zanj lan di konsa : ‘ Al kanpe nan tanp lan, kontinye pale ak moun yo. ’ Nan demen maten, lè chèf relijye yo voye moun al chèche apot yo nan prizon, y ale yo pa jwenn yo. Apre sa, mesye yo jwenn apot yo ap anseye nan tanp lan. Yo mennen yo nan sal Sanedren an.

Chèf relijye yo di apot yo konsa : ‘ Nou te ban nou lòd fòmèl pou nou pa pale de Jezi ankò. Men nou plen Jerizalèm ak ansèyman nou an. ’ Lè sa a apot yo reponn : ‘ Nou dwe obeyi Bondye kòm chèf pase pou nou obeyi lèzòm. ’ Konsa, yo kontinye anseye “ bon nouvèl ” la. Èske se pa yon bèl egzanp yo ban nou ?