Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 109

Pyè al kay Kònèy

Pyè al kay Kònèy

SE APOT Pyè ki kanpe la a. Mesye ki kanpe dèyè do l yo se kèk nan zanmi l yo. Men, poukisa mesye sa a met ajenou devan Pyè ? Èske l ta dwe fè sa ? Èske w konn kiyès li ye ?

Mesye a rele Kònèy. Li se yon ofisye nan lame Wòm nan. Kònèy pa konn Pyè. Men, yo te di l pou l envite Pyè lakay li. Ann wè kòman sa te pase.

Premye disip Jezi yo se te Juif. Men, Kònèy pa Juif. Poutan, li renmen Bondye. Li konn priye l. Li konn rann moun sèvis. Se konsa, yon aprèmidi yon zanj parèt sou li. Li di l : ‘ Bondye kontan avè w. Li pral egzose priyè w. Voye kèk moun al chèche yon mesye ki rele Pyè. Li rete Jope, lakay Simon, ki abite bò lanmè a. ’

Ebyen menm kote a, Kònèy voye kèk moun al chèche Pyè. Nan demen, pandan mesye yo prèt pou rive Jope, Pyè te sou do kay Simon an. Bondye fè l wè yon vizyon, kote li wè yon gwo twal k ap desann sot nan syèl la. Anndan twal la, gen tout kalite bèt. Dapre lwa Bondye a, bèt sa yo pa pi pou moun manje. Epoutan, vwa a di l konsa : ‘ Leve Pyè, touye, manje. ’

Pyè reponn : ‘ Non ! Mwen pa janm manje bagay ki pa pi. ’ Men, vwa a di Pyè konsa : ‘ Yon bagay Bondye di ki pi kounye a, sispann di l pa pi. ’ Sa pase twa fwa. Pandan Pyè ap mande tèt li ki savizyon sa a vle di, mesye Kònèy voye yo rive nan kay la, yo mande pou Pyè.

Pyè desann. Li di : ‘ Se mwen menm n ap chèche a. Sa k mennen nou isit ? ’ Lè mesye yo esplike l se yon zanj ki di Kònèy pou l envite l lakay li, Pyè dakò pou l ale avèk yo. Nan demen, Pyè pran detwa zanmi, li ale Sezare lakay Kònèy.

Kònèy rasanble kòt fanmi l avèk bon zanmi l yo. Lè Pyè rive, Kònèy al resevwa l. Li lage kò l atè devan Pyè li mete ajenou nan pye l tankou w ap gade la a. Men Pyè di konsa : ‘ Leve ! Se yon senp moun mwen ye. ’ Se vre wi, Bib la di li pa bon pou moun met ajenou devan yon moun pou l adore l. Se sèl Jewova nou dwe adore.

Kounye a, Pyè kòmanse preche tout moun ki rasanble yo. Li di : ‘ Mwen konstate Bondye asepte tout moun ki vle sèvi l. ’ Pandan l ap pale konsa, Bondye voye lespri sen l, epi moun yo kòmanse pale lòt lang. Disip juif ki te vin avèk Pyè yo sezi paske yo te panse se Juif sèlman Bondye bay favè. Sa fè yo aprann pa gen yon ras moun ki pi enpòtan pase lòt nan je Bondye. Èske se pa yon bagay nou tout dwe gen nan tèt nou ?