Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon Bib nan lang moun yo pale chak jou a

Yon Bib nan lang moun yo pale chak jou a

Yon Bib nan lang moun yo pale chak jou a

MEN sa yon biblis ki rele Alan Duthie deklare nan yon liv li ekri: “Si w kwè Bib la se pawòl Bondye voye di lèzòm, sa siyifi Bondye ap kominike avèk nou. [...] Si relijyon w lan enfliyanse tout vi w, donk lang [yo tradui Bib la] dwe lang moun yo pale chak jou a.” — Bible Translations: And How to Choose Between Them.

Moun ki renmen Pawòl Bondye a ak tout kè yo dakò ak sa. Yo vrèman kwè “tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo, e yo itil pou anseye, pou reprimande, pou korije, pou bay disiplin selon prensip Bondye yo ki jis”. (2 Timote 3:16.) Labib se pa yon liv relijye ki pase mòd e ki raz. Se yon liv ki ‘vivan e ki pisan’, li gen bonjan solisyon pou pwoblèm nou rankontre chak jou nan lavi a (Ebre 4:12). Pou moun k ap li liv sakre sa a ka konprann li e pou yo ka mete sa l di yo an pratik nan lavi yo, li dwe egziste nan lang moun yo pale chak jou a. Lè nou byen gade, yo pa t ekri pati yo rele Nouvo Testaman an nan lang grèk klasik yon seri filozòf tankou Platon te konn itilize, men yo te ekri l nan lang grèk koyinè, lang pèp la te konn pale chak jou a. Vrèmanvre, yo te ekri Bib la pou tout moun te ka li l e pou yo te ka konprann li.

Se pou rezon sa a, nan dènye ane sa yo, yo pwodui yon seri tradiksyon nan divès lang moun pale jodi a. An gwo, sa bay bon rezilta. Pa egzanp, Labib vin disponib pou plis moun. Malgre sa, gen anpil nan nouvo tradiksyon sa yo ki echwe nan domèn presizyon e ki pa konsekan nan fason yo tradui mo kle yo akoz kèk doktrin tradiktè yo gen nan tèt yo. Pa egzanp, ansèyman Bib la bay sou kondisyon mò yo, sou sa nanm nan ye ak sou non vrè Dye a se ansèyman ki klè, poutan gen nan tradiksyon sa yo ki fè yo pa parèt klè.

Se poutèt sa moun ki renmen Pawòl Bondye a byen kontan aprann yo pibliye Tradiksyon monn nouvo a — Liv ki te ekri an grèk yo kounye a nan lang kreyòl ayisyen. Se nan yon kongrè distri Temwen Jewova yo te genyen nan dat ki te 2 jiyè 2010 la yo te fè konnen tradiksyon modèn sa a disponib. Se yon tradiksyon ki pa kite kwayans relijye popilè yo enfliyanse l. Li gen yon presizyon san parèy. Konsa, sa ap pèmèt moun ki pa konprann lang orijinal yo te ekri Bib la vin gen yon konpreyansyon pwofon sou li, sa ki pa t posib anvan. Men, ou ka ap mande tèt ou kiyès ki responsab pou fè tradiksyon estrawòdinè sa a?

Yon seri tradiktè ki bay Bondye glwa

Byenke Tradiksyon monn nouvo a — Liv ki te ekri an grèk yo ka nouvo pou moun ki pale kreyòl ayisyen yo, li egziste depi ane 1950. Lè sa a, se ann anglè Watch Tower Bible and Tract Society te pibliye l. Se yon sosyete biblik entènasyonal ki gen lontan depi l ap distribye piblikasyon biblik. Tit nouvo tradiksyon sa a, ki pa gen anyen pou l wè ak fason yo abitye divize Bib la an de pati: “ansyen testaman” ak “nouvo testaman”, se youn nan divès aspè ki montre li pa menm ak lòt yo. Toudegad 15 septanm 1950 lan (anglè) di: “Moun ki fè pati komite tradiksyon an fè konnen yo pa ta renmen [...] yo site non yo, e yo fè konnen byen klè yo pa vle non yo parèt ni pandan yo vivan ni apre yo fin mouri. Tradiksyon an fèt pou louwe non Bondye vivan an, vrè Dye a.”

Se an 1961 Labib — Tradiksyon monn nouvo a te parèt ann antye ann anglè. Byenke yo pa ekri non tradiktè yo, sa pa ka fè gen dout sou entansyon yo oswa sou degre atachman yo gen pou Bondye. Men sa nou li nan entwodiksyon edisyon konplè Labib — Tradiksyon monn nouvo a (anglè) ki te parèt an 1984: “Tradui Labib vle di transmèt panse ak pawòl Jewova Dye nan yon lòt lang.[...] Tradiktè yo, ki gen lakrentif pou Bondye, Mèt Bib la, e ki renmen l, santi yo gen yon gwo responsablite devan l pou yo transmèt panse l ak deklarasyon l fason ki pi egzak posib la.”

Menmsi komite ki t ap fè tradiksyon sa a te gen bon entansyon, èske yo te kalifye pou yo fè travay sa a? Gen kèk biblis ki pa t kontan menm, yo di si moun pa konn non tradiktè yo, si moun pa konn ki etid yo fè, se pou yo annik pran travay sa a met nan yon kwen, paske se travay amatè l ye. Men, se pa tout biblis ki te pran yon pozisyon derezonab konsa. Men sa Alan S. Duthie ekri: “Si nou konnen kiyès ki tradui yon Bib oswa kiyès ki pibliye l, èske sa ap ede nou wè si tradiksyon an bon oubyen si l pa bon? Pa vrèman. Yon moun dwe egzamine sa k gen nan chak tradiksyon pou l ka rive konnen si tradiksyon an bon oswa si l pa bon. Pa gen okenn lòt fason li ka fè sa *.”

Gen plizyè milye lektè ki fè sa. Depi lè yo te kòmanse enprime Tradiksyon monn nouvo a rive jis kounye a, yo gentan enprime plis pase 167904902 bib Tradiksyon monn nouvo ann antye oswa an pati nan 99 lang nan lemonnantye. Ki sa tout moun sa yo k ap li tradiksyon sa a dekouvri?

Yon tradiksyon ki sangtifye non Bondye

Nan Matye 6:9, men ki jan Jezi te montre disip li yo pou yo priye: “Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen.” Epoutan, nan pifò tradiksyon ki egziste, Bondye parèt tankou yon pèsonaj ki san non, kote yo sèvi sèlman ak tit “Bondye” oswa “Seyè” pou yo pale de li. Men, se pa konsa sa te ye okòmansman. Nan Liv ki te ekri ann ebre yo, anviwon 7000 fwa, yo idantifye Bondye aklè ak non pèsonèl li, “Jewova”. (Egzòd 3:15; Sòm 83:18.) Nan ane ki te vin apre yo, sipèstisyon te fè Juif yo pè itilize non Bondye, konsa, yo te vin sispann sèvi avè l. Apre lanmò apot Jezi yo, sipèstisyon sa a te vin antre nan kongregasyon kretyen an (Konpare ak Travay 20:29, 30; 1 Timote 4:1). Moun ki t ap kopye kèk pati nan Liv ki te ekri an grèk yo te kòmanse ranplase non pèsonèl Bondye, Jewova, ak mo grèk Kiriyòs la ki siyifi “Seyè”, oswa mo grèk Teyòs la ki siyifi “Bondye”.

Erezman, Tradiksyon monn nouvo a pa t pè franchi yon etap enpòtan lè l te remete non Jewova nan plas li 237 fwa nan Liv ki te ekri an grèk yo. Desizyon sa a pa baze sou kapris tradiktè yo, men li baze sou yon rechèch ki fèt avèk swen nan domèn biblik. Pa egzanp, Lik 4:18 site pawòl nou jwenn nan Izayi 61:1 an. Nan tèks ebre orijinal la, non Jewova parèt nan Izayi 61:1 an *. Donk, li apwopriye pou Tradiksyon monn nouvo a tradui Lik 4:18 konsa: “Lespri Jewova sou mwen, paske li deziyen mwen pou m anonse moun ki pòv yo bon nouvèl la.”

Tradiksyon monn nouvo a remete non Jewova nan plas li konsa, li ede lektè yo fè diferans ant Jewova Dye ak Jezi Kris, sèl Pitit li fè a. Pa egzanp, men kòman pifò tradiksyon mete Matye 22:44: “Senyè a di Senyè m nan.” Men, nou ka mande tèt nou: Kiyès k ap pale ak kiyès? An reyalite, vèsè sa a soti nan Sòm 110:1 ki gen non Bondye ladan l nan tèks ebre orijinal la. Se poutèt sa Tradiksyon monn nouvo a tradui vèsè sa a konsa: “Jewova di Seyè m nan: ‘Chita adwat mwen jiskaske mwen mete ènmi w yo anba pye w.’” Anfèt, kesyon pou yon moun byen konprann distenksyon Labib fè ant Jewova Dye ak Pitit li a se pa yon kesyon ki la pou moun fè deba (Mak 13:32; Jan 8:17, 18; 14:28). Men, se yon bagay ki esansyèl pou yon moun rive sove. Men sa Travay 2:21 di: “Tout moun ki envoke non Jewova ap sove.”

Li egzak e li klè

Tradiksyon monn nouvo a gen lòt aspè ki espesyal. Se tèks grèk Westcott ak Hort la, yon tèks ki gen anpil presizyon, yo te chwazi kòm baz prensipal pou tradiksyon ann anglè a. Nan tradiksyon sa a, tradiktè yo te pran anpil swen pou yo rann tèks grèk orijinal la mo pou mo e avèk presizyon otank posib yon fason ki senp nan lang moun yo pale nan epòk pa nou an. Konsa, nonsèlman sa pèmèt yo prezève yon seri bèl karakteristik ki te genyen nan lang yo te ekri Bib la, men tou, sa ouvri pòt pou moun pi byen konprann Bib la. Tradiksyon sa a, ki fèt an kreyòl ayisyen, baze sou edisyon anglè a, e tradiktè yo fè tout sa yo kapab pou yo prezève menm fidelite a.

Pa egzanp, annou konsidere pawòl ki nan Women 13:1 an kote apot Pòl te ankouraje kretyen yo pou yo “soumèt devan otorite yo” oswa gouvènman yo. Nan fen vèsè a, gen anpil tradiksyon ki annik di gouvènman sa yo se “Bondye ki mete yo” oswa “se Bondye ki etabli yo”. (Bib La; Bib Kreyòl La.) Gen kèk dirijan ki sèvi ak vèsè sa a pou yo jistifye fason y ap aji an diktatè. Men, bò kote pa l, Tradiksyon monn nouvo a, yon tradiksyon ki rete kole sou lang orijinal la e ki egzak, tradui vèsè sa a konsa: “Otorite ki egziste yo, se Bondye ki etabli yo nan pozisyon yo ye a youn parapò ak lòt *.” Avèk sa, yon moun ka vin konprann se pa Bondye ki chwazi dirijan ki nan monn nan, men li pèmèt yo gen otorite youn parapò ak lòt, toutpandan yo toujou rete nan yon pozisyon ki pi ba pase l.

Tradiksyon monn nouvo a fè tout sa l kapab pou l fè diferans ki genyen nan vèb grèk yo parèt. Nan anpil lang yo pale jodi a, yo sèvi ak fòm pase, prezan ak fiti pou yo rann tan vèb yo, yon fason pou moun byen konnen ki lè yon aksyon fèt. Nan lang grèk la tou, vèb yo itilize yo fè konnen de ki aksyon y ap pale, swa yon aksyon ki pa dire, ki fini oswa k ap kontinye. Pa egzanp, annou egzamine pawòl Jezi te di nan Matye 6:33 a. Vèb grèk ki vle di “chèche” nan vèsè sa a bay ide yon aksyon k ap kontinye. Se sa k fè Tradiksyon monn nouvo a byen rann pawòl Jezi yo, men sa l di: “Kidonk, kontinye chèche wayòm nan an premye, e kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye, e l ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou.” Menm jan an tou, men sa nou li nan Matye 7:7: “Kontinye mande, e y ap ban nou. Kontinye chèche, e n ap jwenn. Kontinye frape, e y ap ouvri pou nou.” — Gade Women 1:32; 6:2; Galat 5:15.

Tradiksyon monn nouvo a fè gwo efò pou l tradui mo kle yo menm jan an tout kote yo parèt. Pa egzanp, se menm mo “prezans” lan oswa mo “la” a ki vle di “prezan” ki parèt chak fwa yo tradui mo grèk pawousya a. Konsa, lektè a kapab konprann byen fasil, lè Bib la pale de pawousya anrapò ak Jezi, Bib la pa fè konnen Jezi annik “vini” epi li kouri ale, men li fè konnen Jezi “la” oswa li “prezan” pandan kèk tan. E se sa menm Jezi te ede nou konprann nan Matye 24:37-39 ak nan Lik 17:26-30. Nan vèsè sa yo, Jezi pa konpare “epòk Noye a” ak “vini” Pitit lòm nan ap “vini”, men li konpare l ak “prezans” li ki dire kèk tan.

Li fè Pawòl Bondye a disponib nan lemonnantye

Liv ki te ekri an grèk yo, ki te parèt an kreyòl ayisyen, se yon kòmansman. Yo deja planifye pou Bib la fin tradui nèt nan moman apwopriye. Kidonk, èske lektè yo mèt sèten vèsyon kreyòl ayisyen y ap genyen an ap reflete menm presizyon ak vèsyon anglè a, e l ap konsekan nan fason y ap tradui mo kle yo?

Repons lan se wi. Paske, Kolèj santral Temwen Jewova yo te sipèvize travay tradiksyon an deprè. Avèk sajès, yo te deside pi bon fason pou yo tradui Labib nan yon lòt lang se mete yon ekip pou reyalize pwojè a. Se sa k fè yo etabli ekip pou tradui Labib nan plizyè peyi nan lemonnantye. Gen yon depatman ki rele Sèvis tradiksyon ki tabli nan biwo santral Temwen Jewova yo nan Bwouklin, Nouyòk. Li la pou ede ekip sa yo, pou l reponn kesyon yo poze e pou l asire l gen amoni ant tout edisyon Tradiksyon monn nouvo a ki parèt nan kèlkeswa lang nan. Anplis de sa, ekip yo gen yon zouti ki trè efikas pou ede yo fè travay la, se yon sistèm enfòmatik ki la pou ede tradiktè Labib yo. Sa ki sèten sèke, nan zafè tradiksyon, pi gwo travay la se moun ki pou fè l. Men, yo sèvi ak òdinatè pou senplifye travay k ap pèmèt ekip tradiksyon Labib yo atenn objektif elve yo genyen an, sa vle di chèche gen yon tradiksyon ki reflete menm presizyon ak vèsyon anglè a e ki konsekan nan fason yo tradui mo kle yo. Pa egzanp, nan pwogram enfòmatik ki disponib pou tradiktè yo, yo wè ki jan edisyon anglè a tradui chak mo ebre ak chak mo grèk. Sa itil yo anpil pou ede yo chwazi ki mo y ap mete nan lang pa yo.

Lè nou gade rezilta travay la, tousuit nou rann nou kont dispozisyon sa yo reyisi. Nou ankouraje w pou w byen egzamine Tradiksyon monn nouvo a — Liv ki te ekri an grèk yo. Òganizasyon ki pibliye peryodik ki nan men w lan ka fè w jwenn yon Tradiksyon monn nouvo a — Liv ki te ekri an grèk yo. W ap apresye divès karakteristik li genyen: li klè, li fasil pou moun li, li gen pawòl anlè pifò paj yo k ap ede w jwenn vèsè ou abitye avèk yo byen fasil, li gen nòt anba paj, li gen kat byen detaye, li gen yon apendis ki gen enfòmasyon ki vrèman itil e li gen yon lis mo yo esplike. Sa k pi enpòtan an, pandan w ap li Bib sa a, ou mèt gen konfyans li transmèt pawòl Bondye yo fidèlman nan lang nou pale chak jou a.

[Nòt anba paj]

^ § 9 Sa ki enteresan, nan paj kouvèti edisyon referans (1971) New American Standard Bible la gen yon deklarasyon menm jan an. Men sa l di: “Nou pa itilize non okenn biblis kòm referans oswa kòm rekòmandasyon, paske nou kwè Pawòl Bondye a ta dwe rekòmande tèt li.”

^ § 13 Se vre tradiksyon an grèk ki rele Septant lan te sèvi kòm baz pou sitasyon Ekriti ann ebre a nan pati nan Bib la yo rele Nouvo Testaman an. Etandone kopi Septant ki te vin egziste annapre yo pa gen non Bondye ladan yo, anpil biblis deklare yo ta dwe elimine non Bondye menm jan an tou nan Liv ki te ekri an grèk yo. Sepandan, kopi ki pi ansyen ki egziste nan Septant lan gen non Jewova ladan yo sou fòm orijinal non an ann ebre. Sa bay yon baz solid pou yo restore non Jewova nan Ekriti grèk yo.

^ § 17 Gade nan A Manual Greek Lexicon of the New Testament, G. Abbott-Smith, ak nan A Greek-English Lexicon, Liddell ak Scott. Selon sous sa yo ak lòt sous moun ka fè konfyans, mo grèk la vle di literalman: “Mete nan lòd, ranje nan plas.”

[Foto nan paj 26 ak 27]

Prezantasyon Tradiksyon monn nouvo a:

Yo te pran anpil swen pou yo rann tèks grèk orijinal la mo pou mo e avèk presizyon otank posib yon fason ki senp nan lang moun yo pale nan epòk pa nou an.

[Liy kredi]

1 Timote 3:16, jan l parèt nan Kodèks Sinayitikis la, nan 4yèm syèk epòk nou an.

Yon tradiksyon ki fasil pou moun li fè lekti a vin yon plezi.

Pawòl ki anlè pifò paj yo fè l pi fasil pou nou jwenn vèsè nou abitye avèk yo.

Kat detaye li gen ladan l ede lektè yo pi byen konprann jeyografi kèk zòn yo site nan Bib la.

[Foto nan paj 25]

Menm jan ak apot Pòl, moun ki te patisipe nan ekri Bib la te sèvi ak lang moun yo pale chak jou a.

[Foto nan paj 28]

Lefètke “Tradiksyon monn nouvo a” klè, sa ede anpil nan travay predikasyon an.