Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Se pa vre!”

“Se pa vre!”

MEN sa yon mesye k ap viv Nouyòk rakonte: “Pitit mwen an, Jonathan, t al wè kèk zanmi ki pa ret twò lwen. Valentina, madanm mwen, pa t renmen lè l al nan zòn sa a. Li te toujou pè fason moun yo kondui. Men, Jonathan te renmen elektwonik, e zanmi l yo te gen yon atelye kote l te ka fè eksperyans nan domèn nan. Jou sa a, mwen te lakay la, nan lwès vil Manatann, nan Nouyòk. Madanm mwen, li menm, t al wè fanmi l Pòtoriko. Mwen te di tèt mwen ‘Jonathan pa lwen tounen’. Apre sa, yon moun peze sonèt la. Mwen te panse se li. Men se pa t li. Se te yon polisye ak kèk moun ki bay premye swen nan anbilans. Polisye a di m: ‘Èske w rekonèt lisans sa a?’ Mwen reponn li: ‘Wi, se lisans pitit mwen, Jonathan.’ Epi li di m: ‘Nou gen yon move nouvèl. Gen yon aksidan ki sot fèt, e... pitit ou a... pitit ou a mouri.’ Lè l di m sa, premye sa k pase nan tèt mwen: ‘Se pa vre!’ Depi lè trajedi sa a fin rive, se kòmsi nou gen yon maleng nan kè nou ki poko ka fin geri malgre plizyè ane fin pase.”

‘Nou gen yon move nouvèl. Gen yon aksidan ki sot fèt, e... pitit ou a...pitit ou a mouri.’

Men sa yon mesye k ap viv Baselòn (ann Espay) ekri: “Nan ane 1960 yo, fanmi nou se te yon fanmi ki te gen kè kontan. Te gen madanm mwen, María, ak twa pitit nou yo, David ki te gen 13 an, Paquito ki te gen 11 an ak Isabel ki te gen 9 an.

“Yon jou, Paquito te sot lekòl e li t ap plenyen tèt li ap fè l mal anpil. Nou t ap mande tèt nou sa k dwe fè sa. Nou pa t pran tan pou n dekouvri rezon an. Apre twazèdtan, li mouri. Li te gen yon emoraji nan sèvo e sa te pote l ale. Sa te pase an mas 1963.

“Paquito gentan gen 30 an depi l mouri. Malgre sa, jis jodi a, nou kontinye soufri anpil. Paran ki gen pitit ki mouri yo ap toujou santi yo pèdi yon pati nan yo menm, kèlkeswa kantite tan ki pase depi pitit la mouri e kèlkeswa kantite pitit yo genyen.”

De eksperyans sa yo montre jan paran yo soufri anpil lè yo gen pitit yo ki mouri e jan soufrans sa a dire lontan. Men sa yon doktè ekri: “An jeneral, lè se yon timoun ki mouri, sa pi trajik e sa pote plis tristès pase lè se yon moun ki gentan granmoun ki mouri. Paske yon timoun se dènye moun nou t ap panse ki t ap mouri nan yon fanmi. [...] Lè yon timoun mouri, gen yon pakèt lòt bagay ki ale avèk li: rèv ki potko reyalize, moun li t apral mennen nan fanmi an [bofis, bèlfi, pitit pitit], bèl bagay [...] ki potko fèt.” E se menm santiman sa a fi ki fè foskouch yo genyen.

Men sa yon madanm ki te fèk pèdi mari l esplike: “Russell, mari m, te travay antanke oksilyè medikal nan Pasifik la pandan Dezyèm Gè mondyal la. Li te wè yon seri batay terib e li te soti vivan ladan yo. Li te retounen Ozetazini pou l te ka viv yon fason ki pi trankil. Annapre, li te vin Temwen Jewova. Li potko gen 65 an, li te kòmanse gen kèk siy ki montre li gen pwoblèm kè. Li te eseye bay kò l plis aktivite. Men, yon jou li fè yon kriz kadyak epi li mouri. Se te an jiyè 1988. Sa te di pou mwen anpil. Menm orevwa mwen pa t gentan di l. Se pa mari m li te ye sèlman. Se te pi bon zanmi m. Nou te pase 40 an ansanm. Mwen te gen enpresyon mwen t apral oblije viv poukont mwen e sa t ap rèd pou mwen.”

Sa yo se sèlman kèk nan plizyè milye trajedi ki frape divès fanmi chak jou nan lemonnantye. Pifò moun k ap soufri paske yo gen moun mouri ap di w lè w gen moun mouri, kit se pitit ou, mari w, madanm ou, paran w oswa zanmi w, se lè sa a ou rann ou kont lanmò se vrèman “dènye ènmi” an, jan apot Pòl te di l la. Lè nou tande yon nouvèl terib konsa, byen souvan, premye sa nou di: “Se pa vre! Mwen pa ka kwè sa.” Apre sa, nou konn gen lòt reyaksyon, jan nou pral wè sa pi devan. — 1 Korentyen 15:25, 26.

Men, anvan nou egzamine kèk pwen anrapò ak lapenn nou genyen, annou reponn kèk kesyon enpòtan. Èske lè yon moun mouri sa vle di moun nan fini nèt? Èske gen espwa pou nou retounen wè moun pa nou yo ankò?

Gen yon espwa toutbon

Apot Pòl te bay bonjan rezon pou nou gen espwa n ap libere anba “dènye ènmi” an. Men sa l te ekri: “[Jezi] gen pou l elimine [...] lanmò.” “Dènye lènmi l ap detui, se ap lanmò.” ​(1 Korentyen 15:26, Bib Kreyòl La). Kòman Pòl te fè gen asirans sa a? Paske moun ki te anseye l la se Jezi Kris, li menm ki te leve sot nan lanmò (Travay 9:3-19). Se poutèt sa tou Pòl te ekri: “Etandone se yon moun [Adan] ki fè gen lanmò, se yon moun tou [Jezi Kris] ki fè gen rezirèksyon. Paske, menm jan nan Adan tout moun mouri, se konsa tou, nan Kris yo tout pral retounen jwenn lavi.” — 1 Korentyen 15:21, 22.

Sa te fè Jezi mal anpil lè l te rankontre yon vèv moun Nayin ki te gen pitit gason l ki mouri. Men sa Labib fè nou konnen: “Pandan l ap pwoche bò pòtay vil la, twouve, gen moun ki t ap sot nan vil la ak yon kadav. Se te sèl pitit yon manman te genyen. Anplis de sa, dam nan te vèv. Te gen yon bon valè moun nan vil la ki te ansanm avèk dam nan. Lè Seyè a wè dam nan, kè l fè l mal pou li, e li di l: ‘Sispann kriye.’ Epi, li pwoche, li touche branka a, e moun ki t ap pote branka yo kanpe, epi li di: ‘Jennonm, mwen di w: Leve!’ Epi mò a leve chita, li kòmanse pale, epi Jezi remèt manman l li. Tout moun ki te la yo vin gen yon sèl lakrentif, e yo kòmanse bay Bondye glwa, yo t ap di: ‘Gen yon gwo pwofèt ki parèt nan mitan nou.’ Yo t ap di tou: ‘Bondye vire je l gade pèp li a.’” N ap remake jan Jezi te gen pitye pou vèv la lè l te resisite pitit gason l lan! Imajine sa sa montre li pral fè alavni! — Lik 7:12-16.

Jezi te fè rezirèksyon sa a devan plizyè moun, e moun pa janm bliye sa. Kèk tan anvan sa, li te anonse gen yon rezirèksyon ki pral fèt sou tè a anba yon “yon syèl tounèf”, konsa, lè l te resisite pitit vèv la, se te yon garanti ki montre rezirèksyon li anonse a ap fèt toutbon. Men sa l te di: “Nou pa bezwen sezi pou sa, paske lè a ap rive kote tout moun ki nan tonm yo pral tande vwa l, e y ap soti.” — Revelasyon 21:1, 3, 4; Jan 5:28, 29; 2 Pyè 3:13.

Lòt moun ankò ki te wè moun ki resisite se te Pyè ak kèk lòt nan 12 disip ki te konn akonpaye Jezi nan vwayaj li yo. Anfèt, apre Jezi fin resisite, li pale ak yo bò lanmè Galile. Men sa Labib rapòte: “Jezi di yo: ‘Vin manje.’ Pa gen youn nan disip yo ki te gen kouraj mande l: ‘Kiyès ou ye?’ paske yo te konnen se Seyè a. Jezi vini, li pran pen an, li ba yo l, e li fè menm bagay la ak pwason an. Se twazyèm fwa Jezi te parèt devan disip yo apre l te fin leve sot nan lanmò.” — Jan 21:12-14.

Se sa k fè, se ak anpil konviksyon Pyè te ekri: “Louwanj pou Sila a ki Bondye Seyè nou an, Jezi Kris, e ki Papa li, paske, selon mizèrikòd li ki gran, li fè nou fèt yon lòt fwa ankò pou nou vin gen yon esperans ki vivan, grasa rezirèksyon Jezi Kris pami mò yo.” — 1 Pyè 1:3.

Apot Pòl te montre esperans solid li te genyen lè l te di: “Mwen kwè nan tout sa ki nan Lalwa e nan tout sa pwofèt yo te ekri yo. Men espwa mwen gen nan Bondye, e se espwa sa a mesye sa yo genyen tou: Pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis, ni pou moun ki enjis.” — Travay 24:14, 15.

Se sa k fè, gen plizyè milyon moun ki ka gen bonjan espwa pou yo wè moun yo genyen ki mouri yo retounen viv ankò sou tè a. Men, se pap nan menm kondisyon yo. Nan ki kondisyon konsa yo pral retounen viv ankò? Nan dènye pati bwochi sa a, ki gen tit: “Yon esperans ki sèten pou moun ki mouri yo”, n ap jwenn lòt enfòmasyon sou esperans Bib la bay pou moun pa nou ki mouri.

Men anvan sa, annou egzamine kèk kesyon ou dwe ap poze tèt ou lefètke w ap soufri paske w gen moun pa w ki mouri. Èske l nòmal pou m ap soufri konsa? Ki sa k ka ede m sipòte lapenn mwen genyen an? Ki sa lòt moun ka fè pou ede m sipòte? Ki jan m ka ede lòt moun ki nan lapenn? E kesyon ki pi enpòtan an: Ki sa Labib di konsènan bonjan esperans ki genyen pou moun ki mouri yo? Èske m ap janm wè moun pa m ki mouri yo ankò? Ki kote?