Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT SÈT

Èske gen yon rebèl nan kay la ?

Èske gen yon rebèl nan kay la ?

1, 2. a) Ki egzanp Jezi te bay pou l mete aksan sou enfidelite chèf relijye juif yo ? b) Anrapò ak adolesan yo, ki leson nou ka tire nan egzanp Jezi te bay la ?

KÈK jou anvan lanmò Jezi, li te poze yon gwoup chèf relijye juif yon kesyon ki te fè yo reflechi. Li di yo : “ Ki sa nou panse ? Yon mesye te gen de pitit. Li avanse bò kot premye a, li di l : ‘ Pitit mwen, jodi a al travay nan jaden rezen an. ’ Kòm repons, pitit sa a di : ‘ Mwen prale mesye ’, men li pa ale. Li pwoche bò kot dezyèm nan li di l menm bagay la. Kòm repons, li menm li di : ‘ Mwen pa prale ’. Apre sa, li santi l regrèt e li ale. Kiyès nan yo de a ki te fè volonte papa l ? ” Chèf juif yo reponn : “ Dezyèm nan. ” — Matye 21:28-31.

2 La a Jezi te mete aksan sou enfidelite chèf juif yo. Yo te sanble ak premye pitit gason an, yo te pwomèt y ap fè volonte Bondye epi apre sa yo pa kenbe pwomès yo. Men, anpil paran rekonèt egzanp Jezi a te fonde sou yon bonjan konesans li genyen sou lavi familyal. Jan Jezi montre sa byen, souvan li difisil pou moun konnen sa jèn yo ap panse oubyen pou moun prevwa sa yo pral fè. Yon jèn ka bay anpil pwoblèm pandan adolesans li, poutan lè l gran, li vin yon adilt responsab, yon adilt moun respekte. Se yon bagay pou nou kenbe nan lespri nou lè n ap abòde pwoblèm adolesan ki rebèl.

KI SA YON REBÈL YE ?

3. Poukisa paran yo pa dwe prese kole etikèt rebèl sou pitit yo ?

3 Detanzantan, ou ka tande pale de adolesan ki rebele kareman kont paran yo. Pèsonèlman, ou ka menm konnen yon fanmi ki gen yon adolesan ki sanble li enposib pou yo metrize l. Sepandan, li pa toujou fasil pou moun konnen si wi ou non yon timoun vrèman rebèl. Anplis de sa, li ka difisil pou moun konprann poukisa kèk timoun rebèl epoutan kèk lòt pa rebèl, e dèfwa nan yon menm kay. Si paran yo sispèk youn nan timoun yo ap devlope trè yon timoun rebèl, ki sa yo ta dwe fè ? Pou nou reponn kesyon sa a, toudabò nou dwe defini sa yon rebèl ye.

4-6. a) Ki sa yon rebèl ye ? b) Ki sa paran yo bezwen sonje si pitit yo ki adolesan dezobeyi tanzantan ?

4 An tèm senp, yon rebèl se yon moun ki chwazi pou l toujou dezobeyi, pou l reziste e pou l opoze ak moun ki gen otorite sou li. Natirèlman, ‘ se nan kè yon timoun sotiz ye ’. (Pwovèb 22:15.) Se poutèt sa, tout timoun reziste devan otorite paran yo oubyen yon lòt moun yon lè kanmenm. Sa sitou vre, pandan peryòd y ap devlope fizikman e afektivman, peryòd yo rele adolesans lan. Yon chanjman nan lavi nenpòt moun kreye strès, e adolesans se yon peryòd ki gen anpil chanjman. Pitit gason w oubyen pitit fi w ki adolesan ap sot nan peryòd kote li timoun pou l antre nan peryòd kote li adilt. Pou rezon sa a, pandan peryòd adolesans lan, kèk paran ak pitit yo gen pwoblèm pou yo antann yo. Souvan, paran yo konn ap chèche frennen tranzisyon sa a san yo pa rann yo kont, alòske adolesan yo vle akselere l.

5 Yon adolesan ki rebèl rejte bon prensip paran l ba li. Sepandan sonje, kèk aksyon dezobeyisans sèlman pa fè yon timoun rebèl pou sa. E lè sa gen rapò ak kesyon espirityèl, okòmansman, kèk timoun ka demontre yo pa enterese anpil oubyen yo pa enterese ditou nan verite biblik yo, men, yo ka pa rebèl pou otan. Antanke paran, pa prese mete etikèt rebèl sou pitit ou.

6 Èske se rebelyon kont otorite paran ki karakteristik peryòd adolesans lakay tout jèn ? Non, pa ditou. Anfèt, selon tout endikasyon, ta sanble se sèl yon minorite adolesan ki demontre yo gravman rebèl. Men, e si yon timoun deside pou l fè wòklò, pou l toujou rebele ? Ki sa ki ka lakòz rebelyon sa a ?

SA K LAKÒZ REBELYON

7. Ki jan anviwònman monn Satan an ka pouse yon timoun rebele ?

7 Yon prensipal koz rebelyon se anviwònman monn Satan an. “ Lemonnantye anba pouvwa mechan an. ” ​(1 Jan 5:19). Monn nan ki anba pouvwa Satan mete sou pye yon seri de koutim nuizib, koutim kretyen yo oblije fè fas ak yo (Jan 17:15). Pifò nan koutim sa yo pi vilgè, yo pi danjere e yo chaje ak plis move enfliyans jodi a pase lontan (2 Timote 3:1-5, 13). Si paran yo pa edike pitit yo, yo pa konseye yo e yo pa pwoteje yo, “ lespri k ap aji kounye a nan pitit dezobeyisans yo ” ka anvayi jèn yo fasilman (Efezyen 2:2). Anrapò ak sa, presyon kamarad se youn ladan l. Bib la di : “ Moun ki annafè ak moun ki san konprann sa prale mal pou li. ” ​(Pwovèb 13:20). Menm jan an tou, yon moun ki frekante moun ki anvayi ak lespri monn nan, li posib pou lespri sa a enfliyanse l. Jèn yo bezwen yon èd konstan pou yo rive konprann lè moun obeyi prensip Bondye yo, se baz pou yo viv pi bon fason ki egziste a. — Izayi 48:17, 18.

8. Ki pwoblèm ki ka mennen yon timoun tonbe an rebelyon ?

8 Yon lòt koz rebelyon se kapab anbyans ki gen nan kay la. Pa egzanp, si youn nan paran yo bwè, li pran dwòg oubyen l ap maltrete lòt paran an, adolesan an ap gen yon move konsepsyon sou lavi. Menm nan kay ki plizoumwen trankil, yon timoun ka antre an rebelyon si l gen enpresyon paran l pa enterese nan li. Sepandan, se pa toujou yon koz eksteryè ki fè adolesan yo antre an rebelyon. Gen kèk timoun ki rejte bon prensip paran yo ba yo, malgre paran sa yo se moun ki aplike prensip Bondye bay yo e ki pwoteje timoun yo nan yon laj mezi kont monn ki antoure yo a. Ki rezon ki fè sa ? Petèt, se akoz yon lòt pwoblèm de baz : enpèfeksyon nou genyen an antanke imen. Pòl di : “ Akoz yon sèl òm [Adan] peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre, e konsa lanmò gaye sou tout moun paske yo tout te peche. ” ​(Women 5:12). Adan se te yon rebèl egoyis e li te transmèt desandan l yo move eritaj sa a. Kèk jèn jis chwazi pou yo rebele, menm jan zansèt yo a te fè.

ELI TE TWÒ TOLERAN E REYABAM TE TWÒ SEVÈ

9. Ki ekstrèm nan edikasyon timoun ki ka pouse yon timoun rebele ?

9 Yon lòt bagay ki mennen adolesan tonbe nan rebelyon, se lè paran yo gen yon pwennvi ki pa ekilibre sou edikasyon timoun (Kolosyen 3:21). Kèk paran, ki vle byen fè travay yo, bay timoun yo restriksyon ak disiplin ki twò sevè. Gen lòt ki twò toleran, yo pa bay pitit yo ki adolesan e ki pa gen eksperyans prensip ki ta dwe pwoteje yo. Li pa toujou fasil pou yon moun fè ekilib ant de ekstrèm sa yo. Timoun diferan gen bezwen diferan. Yon timoun ka bezwen plis siveyans pase yon lòt. Sepandan, gen de egzanp biblik ki pral montre nou danje ki genyen lè moun pran youn nan ekstrèm sa yo : twò sevè oubyen twò toleran.

10. Poukisa, byenke sandout Eli te yon gran prèt fidèl, li te yon move paran ?

10 Eli, yon gran prèt nan Izrayèl tan lontan an, te yon papa. Li te sèvi pandan 40 an, pa gen dout, li te konnen anpil bagay nan Lwa Bondye a. Sandout, Eli te akonpli travay nòmal li te gen pou l fè antanke prèt avèk fidelite e petèt menm li te byen anseye Ofni ak Fineyas, pitit gason li yo, Lwa Bondye a. Sepandan, Eli te twò toleran ak pitit li yo. Kwak Ofni ak Fineyas t ap sèvi antanke prèt, se “ voryen ” yo te ye, yo te enterese sèlman pou yo satisfè apeti yo ak dezi imoral yo. Poutan, lè yo te komèt zak chokan nan andwa sakre a, Eli pa t gen kouraj pou l te retire yo nan fonksyon yo te ye a. Li te annik ba yo yon reprimann tou fèb. Akoz tolerans Eli, li te onore pitit li yo plis pase Bondye. Kòm rezilta, pitit li yo te rebele kont vrè adorasyon Jewova a e malè te tonbe sou tout kò kay Eli. — 1 Samyèl 2:12-17, 22-25, 29 ; 3:13, 14 ; 4:11-22.

11. Ki sa paran yo ka aprann nan move egzanp Eli ?

11 Pitit Eli yo te gentan nan laj adilt lè evènman sa yo te pase, men, istwa sa a souliye danje ki genyen lè moun refize bay disiplin (gade Pwovèb 29:21). Kèk paran ka konfonn lanmou ak tolerans, konsa yo pa ni etabli ni fè respekte règ ki byen klè, ki konstan e ki rezonab. Yo ka neglije aplike disiplin ki gen lanmou, menm lè timoun yo vyole prensip Bondye yo. Akoz yon tolerans konsa, pitit yo ka vin pa respekte otorite yo antanke paran oubyen yo ka pa respekte nenpòt lòt kalite otorite. — Gade Eklezyas 8:11.

12. Ki erè Reyabam te fè nan fason li te egzèse otorite l ?

12 Reyabam se egzanp moun ki te pran yon lòt ekstrèm nan fason l egzèse otorite l. Se li ki te dènye wa nan wayòm ini Izrayèl la, men li pa t yon bon wa. Reyabam te eritye yon peyi kote moun yo pa t kontan poutèt bann chay Salomon, papa li, te mete sou do yo. Èske Reyabam te montre li konpreyansif ? Non. Lè yon delegasyon te vin mande l pou l retire kèk nan mezi ki te twò di yo, li pa t koute konsèy saj konseye aje yo te ba li e li te pase lòd pou yo fè jouk pèp la pi lou toujou. Awogans li te pwovoke rebelyon dis tribi ki nan nò yo, e wayòm nan te divize an de. — 1 Wa 12:1-21 ; 2 Kwonik 10:19.

13. Kòman paran yo ka evite erè Reyabam nan ?

13 Paran yo ka aprann kèk leson enpòtan nan istwa biblik sou Reyabam nan. Yo bezwen “ chèche Jewova ” nan lapriyè e yo bezwen sèvi ak prensip biblik yo pou egzamine metòd yo itilize pou yo leve pitit yo (Sòm 105:4). Eklezyas 7:7 di : “ Yon senp represyon ka fè yon moun saj aji an moun fou. ” Limit byen reflechi yo bay adolesan yo ba yo opòtinite pou yo pwogrese, toutpandan yo pwoteje yo kont danje. Sepandan, timoun yo pa ta dwe ap viv nan yon anbyans ki tèlman strik, ki tèlman gen kontrent, opwen pou sa anpeche yo vin endepandan nan yon mezi ki rezonab e pou yo vin gen konfyans nan tèt yo. Lè paran yo fè efò pou yo kenbe ekilib ant yon libète rezonab ak restriksyon fèm ki byen defini, pifò adolesan ap santi yo gen mwens tandans pou yo rebele.

SATISFÈ BEZWEN FONDAMANTAL YO, SA KAPAB EVITE GEN REBELYON

Sandout, timoun yo ap vin pi stab si paran yo ede yo fè fas ak pwoblèm yo jwenn pandan yo adolesan.

14, 15. Kòman paran yo ta dwe konsidere devlopman pitit yo ?

14 Malgre paran yo kontan pou yo wè pitit yo grandi fizikman, yo kite stad timoun pou yo vin adilt, yo ka santi yo boulvèse lè pitit yo ki adolesan kòmanse soti anba depandans yo pou yo vin endepandan nan yon mezi ki apwopriye. Pandan peryòd tranzisyon sa a, pa sezi si pitit ou ki adolesan, yon lè konsa, montre li wòklò oubyen li pa vle kowopere. Sonje, objektif paran ki kretyen yo se ta dwe pou yo leve pitit yo pou yo vin yon kretyen ki gen matirite, ki stab e ki responsab. — Gade 1 Korentyen 13:11 ; Efezyen 4:13, 14.

15 Kèlkeswa jan sa ka difisil, paran yo bezwen retire lakay yo abitid pou yo rejte tout demann pitit yo ki adolesan fè pou yo jwenn plis endepandans. Pou byen timoun nan, li bezwen grandi pou l vin gen pwòp pèsonalite l. Annefè, gen kèk adolesan ki kòmanse devlope mantalite moun ki adilt depi byen bonè. Pa egzanp, Bib la di konsènan jèn wa Yochiya : “ Pandan li te toujou yon jèn tigason [anviwon 15 an], li te kòmanse chèche Bondye David zansèt li a. ” Li klè, adolesan remakab sa a te yon moun responsab. — 2 Kwonik 34:1-3.

16. Ki sa timoun yo dwe konprann ofiramezi y ap ba yo plis responsablite ?

16 Toutfwa, libète mache ak responsablite. Kidonk, kite adilt k ap devlope a fè fas ak konsekans kèk desizyon l pran ak konsekans kèk aksyon l fè. Prensip ki di “ kèlkeswa sa yon moun simen, se li l ap rekòlte tou ”, se yon prensip ki valab ni pou adolesan ni pou adilt (Galat 6:7). Nou pa kapab pwoteje timoun yo nètale. Men, e si pitit ou a vle fè yon bagay ki pa akseptab ditou ? Antanke paran responsab, ou dwe di “ non ”. E menmsi w ka esplike l pou ki rezon, anyen pa ta dwe fè w chanje non w lan pou l vin wi (gade Matye 5:37). Sepandan, eseye di “ non ” an yon fason kalm e rezonab, piske “ lè yon repons dous, sa detounen kòlè ”. — Pwovèb 15:1.

17. Site kèk bezwen yon adolesan genyen paran l dwe satisfè.

17 Menmsi jèn yo pa toujou dispoze aksepte restriksyon ak règ yo ba yo, yo bezwen sekirite y ap jwenn nan yon disiplin ki konstan. Sa bay fristrasyon lè paran yo toujou ap chanje règ yo bay selon jan yo santi yo nan moman an. Mete sou sa, si adolesan yo resevwa ankourajman ak èd yo bezwen pou yo fè fas ak timidite, oubyen ak mank asirans yo genyen, sandout, y ap vin pi stab. Adolesan yo apresye tou lè yo fè yo konfyans yo merite. — Gade Izayi 35:3, 4 ; Lik 16:10 ; 19:17.

18. Site kèk verite ankourajan anrapò ak jèn yo.

18 Sa ka rekonfòte paran yo pou yo konnen lè kay la gen lapè, stabilite ak lanmou ladan l, jeneralman sa fè timoun yo pwogrese (Efezyen 4:31, 32 ; Jak 3:17, 18). Gen anpil jèn, aktout yo te leve nan yon move anbyans, nan yon fanmi ki gen moun ki konn bwè, ki vyolan oubyen yo te sibi lòt move enfliyans, ki bon moun lè yo vin gran. Pakonsekan, si w leve pitit ou ki adolesan nan yon kay kote yo santi yo an sekirite e yo konnen y ap jwenn lanmou, afeksyon ak atansyon, menmsi sipò sa a ou ba yo a gen restriksyon ak disiplin rezonab ki ann amoni ak prensip biblik yo ki akonpaye l, sandout, y ap vin adilt ki fè w santi w fyè de yo. — Gade Pwovèb 27:11.

LÈ TIMOUN YO TONBE NAN PWOBLÈM

19. Byenke paran yo dwe enstwi tigason an nan chemen li dwe mache, ki responsablite timoun nan genyen ?

19 Se sèten, lè yon moun byen ranpli wòl li kòm paran se yon gwo avantaj. Pwovèb 22:6 di : “ Enstwi tigason an selon chemen ki pou li a, menm lè li vin granmoun, li pap kite l. ” Bon, e timoun ki gen pwoblèm grav malgre yo gen bon paran ? Èske sa posib ? Wi. Pawòl ki nan pwovèb la nou dwe konprann li lè nou asosye l ak lòt vèsè ki mete aksan sou responsablite timoun yo genyen pou yo “ koute ” e pou yo obeyi paran yo (Pwovèb 1:8). Pou gen amoni nan fanmi an, ni paran ni timoun dwe kowopere pou yo aplike prensip biblik yo. Si paran ak pitit pa travay ansanm ap gen pwoblèm.

20. Ki atitid saj paran yo ta dwe adopte lè yon timoun fè yon fot akoz li manke reflechi ?

20 Kòman paran yo ta dwe reyaji lè yon pitit yo ki adolesan fè yon fot e li tonbe nan pwoblèm ? Se sitou nan moman sa a timoun nan bezwen èd. Si paran yo sonje yo annafè ak yon jèn ki pa gen eksperyans, y ap pi fasil reziste devan tandans pou yo aji yon fason ki egzajere. Pòl te bay moun ki gen matirite nan kongregasyon an konsèy sa a : “ Menmsi yon moun fè yon fo pa anvan l rann li kont de sa, nou menm ki kalifye espirityèlman, eseye redrese moun sa a nan yon espri dousè. ” ​(Galat 6:1). Paran yo ka suiv menm prensip sa a lè yo annafè ak yon jèn ki fè yon fot paske li te manke reflechi. Pandan paran yo ap esplike jèn nan byen klè poukisa konduit li genyen an pa bon e sa pou l fè pou l evite fè menm fot la, yo ta dwe montre li aklè se pa li menm ki pa bon, men se move konduit li genyen an. — Gade Jid 22, 23.

21. Pou paran yo suiv egzanp kongregasyon kretyen an, kòman yo ta dwe reyaji si pitit yo fè yon peche grav ?

21 E si se yon fot trè grav timoun nan fè ? Nan ka sa a, timoun nan bezwen yon èd espesyal ak bonjan direksyon. Lè yon manm kongregasyon an fè yon peche grav, yo ankouraje l pou l repanti e pou l chèche èd nan men ansyen yo (Jak 5:14-16). Yon fwa li repanti, ansyen yo ap ede l retabli espirityèlman. Nan fanmi an se paran yo ki gen responsablite pou yo ede yon adolesan ki fè yon fot, menmsi yo dwe pale de pwoblèm nan ak ansyen yo. Sètènman, yo pa dwe eseye kache kolèj ansyen an okenn peche grav pitit yo fè.

22. Pou paran yo imite Jewova, ki atitid yo dwe chèche genyen si pitit yo fè yon fot grav ?

22 Se yon bagay ki di anpil pou yon moun wè pwòp pitit li enplike nan yon pwoblèm grav. Akoz emosyon, paran yo ka reyaji avèk kòlè yon fason ki entimide timoun ki aji mal la, men, sa ka sèlman fè timoun nan egri. Met nan tèt ou avni jèn sa a depann de fason yo trete l pandan moman kritik sa a. Sonje tou, Jewova te dispoze padone pèp li a lè li te devye de sa ki dwat, si sèlman l te repanti. Tande pawòl chaje lanmou Jewova te di l : “‘ Vini non, annou mete bagay yo annòd antre nou. Menm lè peche nou yo ta tankou wouj vif, y ap vin blan tankou lanèj. Menm lè yo ta wouj tankou twal kramwazi, y ap vin tankou lèn. ’” ​(Izayi 1:18). Ala yon bèl egzanp pou paran yo !

23. Kòman paran yo ta dwe aji lè youn nan timoun yo fè yon peche grav, e ki sa yo ta dwe evite ?

23 Kidonk, veye pou w ankouraje timoun ki devye a pou l chanje konduit. Chèche bon konsèy nan men paran ki gen eksperyans ak nan men ansyen nan kongregasyon an (Pwovèb 11:14). Fè efò pou w pa aji sou emosyon, pou w pa di oubyen pou w pa fè yon bagay ki ta ka fè li vin pi difisil pou timoun nan retounen vin jwenn ou. Evite fè kòlè san kontwòl, evite vin ostil (Kolosyen 3:8). Pa prese bese lebra (1 Korentyen 13:4, 7). Toutpandan ou rayi sa ki mal, evite vin di ak timoun nan epi evite vin egri kont li. Sa ki pi enpòtan, paran yo ta dwe fè efò pou yo bay bon egzanp e yo ta dwe kontinye gen yon fwa solid nan Bondye.

FASON POU NOU TRETE YON TIMOUN KI DESIDE POU L YON REBÈL

24. Ki sitiyasyon tris pafwa ki rive nan yon fanmi kretyen, e kòman paran yo ta dwe reyaji ?

24 Nan kèk ka, li konn vin klè yon jèn pran yon fèm desizyon pou l rebele e pou l rejte konplètman prensip kretyen yo. Lè sa a, priyorite a ta dwe chanje. Se ta dwe moman pou yo prezève lavi familyal la oubyen pou yo fè l vin jan l te ye anvan an pou timoun ki rete yo. Fè atansyon pou w pa konsantre tout enèji w sou timoun ki rebèl la epi pou w neglije lòt timoun yo. Olye pou w ap eseye kache pwoblèm nan pou rès fanmi an pa konnen, pale avèk yo sou sa ki nesesè pou yo konnen sou pwoblèm nan e fè sa yon fason ki rasire yo. — Gade Pwovèb 20:18.

25. a) Pou paran yo suiv egzanp kongregasyon kretyen an, kòman yo dwe aji ak yon timoun ki deside rebele ? b) Ki sa paran yo dwe sonje si youn nan pitit yo vin rebèl ?

25 Konsènan yon rebèl ki pa t vle korije, ki te nan kongregasyon an, apot Jan te di : “ Pa janm resevwa l lakay nou e pa janm salye l nonplis. ” ​(2 Jan 10). Paran yo ka jije li nesesè pou yo aji konsa si timoun nan majè e li vin totalman rebèl. Menmsi desizyon sa a ka difisil e li kapab ap dechire kè w, pafwa li esansyèl pou w pwoteje rès fanmi an. Kay la toujou bezwen pwoteksyon w ak atansyon w. Se sa k fè, kontinye prezève règ konduit ki klè e ki rezonab. Pale ak lòt timoun yo. Enterese nan sa y ap fè lekòl ak nan kongregasyon an. Mete sou sa, fè yo konnen, menmsi ou pa apwouve aksyon timoun rebèl la fè a, ou pa rayi timoun nan pou sa. Kondane move aksyon an olye w kondane timoun nan. Lè de pitit gason Jakòb te fè yo rejte fanmi an akoz zak kriyèl yo te fè, se vyolans yo te fè a Jakòb te kondane, se pa t yo menm. — Jenèz 34:1-31 ; 49:5-7.

26. Si youn nan timoun yo vin rebèl, nan ki reyalite paran ki te fè tout sa yo kapab yo ka jwenn rekonfò ?

26 Petèt ou ka santi w responsab sa ki rive nan fanmi an. Men, si w te fè tout sa w kapab sensèman, ou te lapriyè sou sa, si w te suiv konsèy Jewova bay jan w te dwe fè sa, pa gen rezon pou w kritike tèt ou yon fason derezonab. Chèche jwenn rekonfò nan reyalite sa a : pyès moun pa ka yon paran pafè, men ou te fè tout sa w kapab pou w yon bon paran (gade Travay 20:26). Se yon bagay ki dechire kè yon moun pou l gen yon timoun totalman rebèl nan fanmi an, men si sa rive w, se pou w sèten Bondye konprann sèvitè li yo ki fidèl e li pap janm abandone yo (Sòm 27:10). Kidonk, se pou w detèmine pou w fè kay ou toujou yon refij espirityèl, yon refij asire pou tout timoun ki rete yo.

27. Lè paran ki gen pitit yo rebèl sonje parabòl pitit gason gaspiyè a, ki espwa yo ka toujou genyen ?

27 Mete sou tout sa, pa janm pèdi espwa. Efò ou te fè lontan pou w bay yon bonjan edikasyon ka finalman touche kè timoun ki devye a e sa ka mennen l alarezon (Eklezyas 11:6). Anpil fanmi kretyen ap viv menm sitiyasyon ak ou, e gen kèk nan yo ki wè pitit yo ki te rebele tounen, tankou jan sa te ye nan parabòl pitit gason gaspiyè Jezi te bay la (Lik 15:11-32). Menm bagay la ka rive pou ou tou.