Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT DIS

Lè gen yon moun nan fanmi an ki malad

Lè gen yon moun nan fanmi an ki malad

1, 2. Kòman Satan te sèvi ak trajedi ansanm ak maladi pou l eseye kraze entegrite Jòb ?

ASIREMAN, Jòb se yon moun yo dwe konte pami moun ki te gen yon fanmi ki t ap viv ak kè kontan. Bib la rele li “ pi gran pami tout oryantal yo ”. Li te gen dis pitit antou, sèt gason ak twa fi. Li te gen mwayen tou pou l byen pran swen fanmi l. Sa ki pi enpòtan, li te pran latèt nan aktivite espirityèl yo e li te gen sousi pou repitasyon pitit li yo devan Jewova. Tout sa te fè gen bonjan relasyon nan fanmi an e yo te gen kè kontan. — Jòb 1:1-5.

2 Satan, pi gwo ènmi Jewova a, t ap obsève sitiyasyon Jòb. Satan ki toujou ap chèche mwayen pou l kraze entegrite sèvitè Bondye yo, te atake Jòb lè li te detwi fanmi li ki te yon fanmi ere. Apre sa, li “ fè klou pran leve sou Jòb san kontwòl, soti nan pla pye l rive nan po tèt li ”. Konsa, Satan te sèvi ak trajedi ansanm ak maladi nan espwa pou l kraze entegrite Jòb. — Jòb 2:6, 7.

3. Dekri sentòm maladi Jòb la.

3 Bib la pa bay non medikal maladi Jòb te genyen an. Sepandan, li dekri sentòm yo pou nou. Chè li te kouvri ak vè, e po li te fè kwout, li pouri l ap dekale tonbe. Alèn li te bay repiyans e kò li t ap degaje movèzodè. Li t ap soufri anba doulè (Jòb 7:5 ; 19:17 ; 30:17, 30). Nan soufrans Jòb, li te chita nan mitan sann e li t ap grate kò l ak yon moso potri (Jòb 2:8). Sa vrèman te fè moun gen pitye lè yo wè l !

4. Ki sa pafwa ki rive nan tout fanmi ?

4 Ki jan ou t ap reyaji si w te gen yon maladi grav konsa ? Jodi a, Satan pa frape sèvitè Bondye yo ak maladi menm jan li te fè nan ka Jòb. Toutfwa, akoz enpèfeksyon, strès ki gen nan lavi a e akoz anviwònman kote n ap viv la k ap deteryore, nou ka atann nou pafwa yon moun nan fanmi an ka tonbe malad. Malgre prekosyon nou ka pran pou nou pwoteje tèt nou, nou tout ka malad, menmsi pa gen anpil nan nou k ap soufri nan menm degre ak Jòb. Lè maladi mete pye nan fanmi nou, sa ka vrèman yon konba. Konsa, ann wè kòman Bib la ede nou pou nou afwonte ènmi sa a limanite genyen depi lontan. — Eklezyas 9:11 ; 2 Timote 3:16.

KI JAN W SANTI W AKOZ DE SA ?

5. An jeneral, kòman moun nan fanmi an reyaji lè se yon maladi ki pap dire lontan ?

5 Yon boulvèsman nan abitid nòmal nan lavi a, kèlkeswa sa ki lakòz li, toujou difisil, e sa sitou vrè si se yon maladi k ap dire lontan ki lakòz boulvèsman sa a. Menm yon maladi ki pap dire lontan mande pou moun fè modifikasyon, konsesyon ak sakrifis. Moun ki an sante nan fanmi an dwe fè silans pou yo ka kite moun ki malad la repoze. Yo dwe renonse ak yon seri aktivite. Toutfwa, nan pifò fanmi, menm timoun piti yo gen konpasyon pou frè yo, sè yo oubyen paran yo ki malad, malgre tanzantan yo dwe fè yo sonje pou yo gen konsiderasyon pou moun ki malad la (Kolosyen 3:12). Nan ka kote maladi a pap dire lontan, an jeneral, tout moun nan fanmi an pare pou yo fè sa ki nesesè. San konte, chak moun nan fanmi an ta renmen jwenn menm konsiderasyon an si yo tonbe malad. — Matye 7:12.

6. Pafwa, ki reyaksyon moun konn remake lè yon moun nan fanmi an gen yon maladi grav k ap dire lontan ?

6 Men, e si se yon maladi ki trè grav, boulvèsman yo enpòtan e y ap dire lontan ? Pa egzanp, e si yon moun nan fanmi an paralize apre yon stwok, si li vin enfim paske l soufri maladi alzaymè oubyen li andikape akoz nenpòt lòt maladi ? Oubyen ankò, si yon moun nan fanmi an gen yon maladi mantal, tankou skizofreni ? Jeneralman, lè yon moun pa nou ap soufri anpil, toudabò sa fè nou gen pitye pou li, sa fè nou tris. Sepandan, gen lòt reyaksyon ki ka vini apre pitye a. Piske lòt moun ki nan fanmi an vin trè afekte e libète yo vin limite akoz maladi youn nan yo, yo ka santi yo egri. Yo ka mande tèt yo : “ Poukisa se mwen menm sa rive ? ”

7. Kòman madan Jòb te reyaji devan maladi mari l, e ki sa li klè li te bliye ?

7 Sanble, se yon lide konsa ki te pase nan tèt madan Jòb. Sonje, li te deja pèdi pitit li yo. Ofiramezi evènman trajik sa yo ap rive, sandout, se konsa tou tikras pa tikras, tèt li te vin pi chaje. Finalman, piske li te wè mari l ki te yon moun aktif, yon moun vanyan, aflije ak yon maladi k ap fè l soufri e ki bay repiyans, sanble, li te bliye kesyon esansyèl ki te gen plis enpòtans lontan pase tout trajedi ki te rive yo : relasyon li menm ak mari l te genyen ak Bondye. Bib la di : “ Finalman madanm [Jòb] di l : ‘ Ou toujou ap kenbe entegrite w fèm ? Modi Bondye epi mouri ! ’” — Jòb 2:9.

8. Lè yon moun nan fanmi an malad grav, ki vèsè k ap ede lòt moun nan fanmi an pou yo toujou gen yon bon pwennvi ?

8 Gen anpil moun ki santi yo fristre, yo menm fache lè lavi yo chanje yon fason radikal akoz maladi yon lòt moun. Toutfwa, yon kretyen ki reflechi sou sitiyasyon an ta dwe rann li kont, finalman, sa ba li opòtinite pou l demontre lanmou l lan sensè. Vrè lanmou an “ pasyan e li bon [...], li pa chèche pwòp enterè pa l [...]. Li sipòte tout bagay, li kwè tout bagay, li espere tout bagay, li andire tout bagay ”. (1 Korentyen 13:4-7.) Kidonk, olye pou nou kite santiman negatif domine nou, li trèzenpòtan pou nou fè tout sa nou kapab pou nou metrize yo. — Pwovèb 3:21.

9. Ki pwomès ki ka ede yon fanmi ni nan domèn espirityèl ni nan domèn afektif lè yon moun ladan l malad grav ?

9 Lè yon moun nan fanmi an malad grav, ki sa ki ka fèt pou fanmi an rete nan bonjan kondisyon ni nan domèn espirityèl ni nan domèn afektif ? Natirèlman, chak maladi egzije yon swen ak yon tretman patikilye, e li pa t ap apwopriye nan liv sa a pou nou ta rekòmande okenn tretman medikal oubyen okenn metòd pou moun swaye malad lakay. Toutfwa, nan yon sans espirityèl, Jewova “ redrese tout moun ki koube ”. (Sòm 145:14.) Wa David te ekri : “ Byennere moun ki aji avèk konsiderasyon anvè piti a. Nan jou malè a, Jewova ap pèmèt li chape. Jewova li menm ap pwoteje l e l ap kenbe l an vi. [...] Jewova li menm ap soutni l sou divan maladi a. ” ​(Sòm 41:1-3). Jewova ap kenbe sèvitè li yo an vi espirityèlman, menm lè nan domèn afektif yo jwenn eprèv ki depase limit yo (2 Korentyen 4:7). Anpil fanmi ki gen moun ladan yo k ap fè fas ak yon maladi grav repete pawòl sa yo yon salmis te di : “ Mwen aflije alekstrèm. O Jewova, kenbe m an vi selon pawòl ou. ” — Sòm 119:107.

YON BON ETADESPRI

10, 11. a) Ki sa ki trèzenpòtan pou yon fanmi reyisi fè fas ak maladi ? b) Kòman yon dam te rive fè fas ak maladi mari l ?

10 Gen yon pwovèb nan Bib la ki di : “ Espri yon moun ka andire maladi l, men kanta pou yon espri dekouraje, kiyès ki ka sipòte l ? ” ​(Pwovèb 18:14). Yon gwo chòk ka aflije espri yon fanmi menm jan li ka aflije “ espri yon moun ”. Anfèt, “ yon kè ki poze se lavi pou kò a ”. (Pwovèb 14:30.) Pou yon fanmi reyisi fè fas ak yon maladi grav oubyen pou l pa reyisi, sa depann nan yon laj mezi de atitid moun ki nan fanmi an, oubyen de etadespri yo. — Gade Pwovèb 17:22.

11 Gen yon kretyèn ki te gen mari l ki fè yon stwok e sa te fè mari a andikape. Sa te rive sèlman sizan apre yo te fin marye e li te oblije andire sitiyasyon sa a. Men sa li rakonte : “ Kapasite pou mari m pale te afekte anpil, e li te vin prèske enposib pou moun konvèse avè l. Mwen te oblije fè yon kokenn efò mantal pou m eseye konprann pawòl l ap batay pou l di yo. ” Imajine tou soufrans ak fristrasyon mari a dwe te genyen. Ki sa koup la te fè ? Aktout yo t ap viv nan yon zòn ki lwen kongregasyon an, sè a te fè tout sa l kapab pou l rete fò espirityèlman, pou l rete ajou ak tout dènye enfòmasyon òganizasyon an ansanm ak nouriti espirityèl li founi regilyèman nan Toudegad ak Réveillez-vous ! Sa te ba li fòs espirityèl pou l te pran swen mari l li te renmen an jiskaske mari a mouri katran apre.

12. Jan ka Jòb la montre sa, pafwa kòman malad la ka pote konkou pa l ?

12 Nan ka pa Jòb, se li menm, aflije a, ki te rete fò. Li te mande madanm li : “ Èske se sèlman sa ki bon pou nou aksepte nan men vrè Dye a e pou nou pa aksepte sa ki mal tou ? ” ​(Jòb 2:10). Se pa etonan annapre pou disip Jak te pale de Jòb kòm yon egzanp remakab moun ki gen pasyans e ki gen andirans ! Nan Jak 5:11 nou li : “ Nou tande pale de andirans Jòb e nou wè finisman Jewova te bay, sa montre Jewova gen anpil tandrès nan afeksyon l e li gen mizèrikòd. ” Menm jan an tou jodi a, nan anpil ka, atitid moun malad la genyen, ki demontre kouraj, ede lòt moun nan kay la pou yo toujou gen yon pwennvi pozitif.

13. Ki konparezon yon fanmi ki gen moun ki malad grav pa ta dwe fè ?

13 Pifò moun ki gen moun malad nan fanmi yo admèt okòmansman li pa ra pou moun nan fanmi an gen pwoblèm pou yo aksepte reyalite a. Yo montre tou fason chak moun konsidere sitiyasyon an ekstrèmman enpòtan. Okòmansman, li ka difisil pou yo fè chanjman ak modifikasyon nan abitid fanmi an. Men, si yon moun fè efò vrèman, l ap ka adapte l ak yon nouvo sitiyasyon. Nan ka sa a, li enpòtan pou nou pa konpare sitiyasyon pa nou ak sitiyasyon moun ki pa gen moun ki malad nan fanmi yo, pou nou panse lavi yo pi fasil e ‘ se pa jis ’ ! An reyalite, pa gen pyès moun ki vrèman konnen ki chay lòt moun ap pote. Tout kretyen jwenn rekonfò nan pawòl sa yo Jezi te di : “ Vin jwenn mwen, nou tout k ap travay di e ki anba chay, epi m ap reban nou fòs. ” — Matye 11:28.

ETABLI SA KI PRIYORITE

14. Kòman yo ka etabli bonjan priyorite ?

14 Lè maladi grav mete pye, yon fanmi ap fè byen pou l sonje pawòl enspire sa yo : “ Nan anpil konseye gen reyalizasyon. ” ​(Pwovèb 15:22). Èske moun nan fanmi an pa ta ka reyini ansanm pou yo pale sou sitiyasyon ki vin egziste akoz maladi a ? Sètènman, li ta apwopriye pou yo fè sa nan lapriyè e pou yo chèche direksyon nan Pawòl Bondye a (Sòm 25:4). Sou ki sa yo ta dwe pale nan yon rankont konsa ? Bon, gen desizyon medikal, finansye ak familyal ki pou pran. Ki moun k ap la prensipalman pou pran swen malad la ? Kòman fanmi an ka kowopere pou soutni moun sa a ? Ki efè dispozisyon sa yo ap genyen sou chak moun nan fanmi an ? Kòman bezwen espirityèl ak lòt bezwen moun k ap pran swen malad la ap konble ?

15. Ki sipò Jewova bay fanmi ki gen moun ki malad grav ?

15 Lè nou priye Jewova sensèman pou nou mande l direksyon, lè nou medite sou Pawòl li a, epi avèk kouraj, nou suiv wout li endike nan Bib la, souvan, sa fè nou jwenn benediksyon ki depase sa nou t ap atann. Ka pa toujou gen amelyorasyon nan maladi moun nan fanmi an soufri a. Men, nan tout sikonstans, lè nou konte sou Jewova sa toujou bay pi bon rezilta (Sòm 55:22). Yon salmis te ekri : “ Bonte ki plen lanmou w lan, o Jewova, te kontinye soutni m. Lè panse k ap twouble m yo te vin anpil anndan m, konsolasyon w yo te kòmanse karese nanm mwen. ” — Sòm 94:18, 19 ; gade Sòm 63:6-8 tou.

EDE TIMOUN YO

Lè fanmi an kowopere ansanm, yo ka fè fas ak pwoblèm yo.

16, 17. Ki sa yo ka pale ak timoun piti yo lè y ap ba yo esplikasyon sou maladi frè yo oubyen sè yo soufri ?

16 Maladi grav ka lakòz pwoblèm pou timoun yo nan fanmi an. Li enpòtan pou paran yo ede timoun yo konprann ki bezwen ki genyen e kòman yo ka pote èd pa yo. Si moun ki tonbe malad la se yon timoun, frè l ak sè l yo dwe konprann atansyon ak swen siplemantè yo ba li yo pa vle di yo renmen yo mwens pou sa. Olye pou paran yo kite lòt timoun yo vin egri, pou yo nan rivalite, yo ka ede yo vin gen relasyon ki pi etwat antre yo e pou yo kiltive bonjan afeksyon youn pou lòt, toutpandan y ap kowopere pou yo fè fas ak sitiyasyon maladi a lakòz la.

17 Jeneralman, timoun piti yo ap reyaji pi byen si paran yo touche sansiblite yo olye pou yo ba yo esplikasyon ki detaye oubyen ki konplike sou eta sante malad la. Yo dwe ba yo kèk ide sou sa moun nan fanmi an ki malad la ap andire. Si timoun ki an sante yo wè jan maladi a anpeche moun ki malad la fè anpil bagay yo menm yo pa pran pou anyen, sandout, y ap gen plis “ afeksyon fratènèl ” e y ap gen “ konpasyon ak tandrès ”. — 1 Pyè 3:8.

18. Kòman yo ka ede timoun ki pi gran yo konprann pwoblèm maladi a lakòz, e kòman sa ka pwofitab pou yo ?

18 Yo dwe ede timoun ki pi gran yo konprann gen yon sitiyasyon difisil ki egziste e sa mande sakrifis bò kote chak moun nan fanmi an. Akoz doktè paran yo gen pou yo peye ak medikaman yo gen pou yo achte, li ka pa posib pou yo bay lòt timoun yo tout sa yo ta renmen ba yo. Èske timoun yo ap fache e èske y ap santi yo manke yon bagay pou sa ? Èske y ap konprann sitiyasyon an e èske y ap dispoze fè sakrifis ki nesesè ? Sa plis depann de fason yo esplike timoun yo pwoblèm nan ak etadespri moun yo kiltive nan fanmi an. Anfèt, nan anpil fanmi, maladi youn nan moun yo pèmèt yo aprann timoun yo suiv konsèy sa a Pòl te bay : “ Pa fè anyen nan diskisyon ni paske nou vle toujou devan, men avèk imilite, annou konsidere lòt moun yo siperyè nou, annou voye je, non sèlman sou zafè pa nou, pa enterè pèsonèl, men tou, pa enterè pèsonèl, sou pa lòt moun. ” — Filipyen 2:3, 4.

FASON POU NOU KONSIDERE TRETMAN MEDIKAL YO

19, 20. a) Ki responsablite chèf fanmi yo gen sou do yo lè gen yon moun nan fanmi yo ki malad ? b) Byenke Bib la pa yon liv medikal, nan ki sans li bay konsèy pou moun fè fas ak maladi ?

19 Kretyen ki rezonab yo pa gen anyen kont tretman medikal yo depi yo pa kontrè ak lwa Bondye. Lè yon moun nan fanmi an tonbe malad, yo enpasyan pou yo chèche èd pou soulaje soufrans moun ki malad la. Toutfwa, ka gen opinyon medikal diferan yo dwe analize. Anplis de sa, nan dènye ane sa yo, gen nouvo maladi ak lòt pwoblèm sante ki parèt sanzatann e pou anpil nan yo pa gen yon tretman ki aksepte defason jeneral. Pafwa li difisil menm pou yo fè yon dyagnostik presi. Nan ka sa a, ki sa yon kretyen ta dwe fè ?

20 Byenke youn nan redaktè Bib la se te yon doktè, epi apot Pòl te bay zanmi l Timote konsèy medikal ki pratik, toutfwa, Ekriti yo pa yon liv medikal, yo se yon gid moral, yon gid espirityèl (Kolosyen 4:14 ; 1 Timote 5:23). Pou rezon sa a, se chèf fanmi kretyen yo ki dwe pran pwòp desizyon yo nan domèn tretman medikal, desizyon ki ekilibre. Petèt, yo ka santi li nesesè pou yo gen opinyon plizyè doktè (gade Pwovèb 18:17). Sètènman, yo ta renmen jwenn pi bon tretman ki disponib pou moun nan fanmi yo ki malad, e pifò nan yo chèche tretman sa a nan men doktè ki pratike medsin klasik. Gen moun ki prefere swen sante kote yo itilize lòt fòm tretman. Sa tou se yon desizyon pèsonèl. Sepandan, lè kretyen yo ap fè fas ak pwoblèm sante, yo toujou sonje ‘ Pawòl Bondye a se yon lanp pou pye yo, e yon limyè pou wout yo ’. (Sòm 119:105.) Yo kontinye suiv konsèy ki nan Bib la (Izayi 55:8, 9). Konsa, yo evite teknik moun itilize pou fè dyagnostik ki gen tras espiritis ladan yo, e yo evite tretman ki vyole prensip biblik yo. — Sòm 36:9 ; Travay 15:28, 29 ; Revelasyon 21:8.

21, 22. Kòman yon dam azyatik te rezone sou yon prensip biblik, e ki sa k montre desizyon li te pran an se te yon desizyon kòrèk nan sitiyasyon l lan ?

21 Ann konsidere ka yon jèn dam azyatik. Yon tikras tan apre li te fin kòmanse etidye Labib avèk yon Temwen Jewova, li te fè yon timoun anvan lè, se te yon tifi ki te peze twa liv eka sèlman. Kè dam nan t ap rache, lè yon doktè te di l tibebe a ap gravman retade e li pap janm ka mache. Li te bay dam nan konsèy pou l bay yon enstitisyon espesyalize tibebe a. Mari l pa t konn sa pou l fè nan sitiyasyon an. Bò kote ki moun dam nan te ka ale ?

22 Li di : “ Mwen sonje mwen te aprann nan Bib la ‘ pitit gason se yon eritaj Jewova bay, fwi ki sot nan vant lan se yon rekonpans ’. ” ​(Sòm 127:3). Li te deside mennen “ eritaj ” sa a lakay li pou l pran swen l. Okòmansman, bagay yo te difisil, men, grasa èd zanmi kretyen nan kongregasyon Temwen Jewova ki nan lokalite a, dam nan te reyisi òganize l e li te bay pitit la èd espesyal li te bezwen. Douz an apre, pitit la ale nan reyinyon nan Sal Wayòm nan e li apresye konpayi timoun ki la yo. Manman an di : “ Mwen tèlman rekonesan dèske prensip biblik yo te pouse m fè sa ki dwat. Bib la te ede m rete ak yon konsyans klè devan Jewova Dye e mwen pa gen remò ki t apral akable m tout rès vi m. ”

23. Ki rekonfò Bib la bay moun ki malad yo ansanm ak moun k ap pran swen malad yo ?

23 Maladi pap la nan kò nou pou toutan. Pwofèt Izayi te anonse epòk kote “ pa gen moun ki abite la k ap di : ‘ Mwen malad. ’” ​(Izayi 33:24). Pwomès sa a pral reyalize nan monn nouvo a k ap apwoche rapidman. Toutfwa, annatandan, nou dwe fè fas ni ak maladi ni ak lanmò. Erezman, Pawòl Bondye a ban nou direksyon e li ede nou. Règ konduit fondamantal Bib la bay yo la pou toutan e yo depase opinyon imen enpafè yo ki toujou ap chanje. Se poutèt sa, yon moun ki saj ap dakò ak salmis lan ki te ekri : “ Lwa Jewova a pafè, li ramne nanm nan. Rapèl Jewova a diy de konfyans, li fè yon moun ki pa gen eksperyans vin saj. [...] Desizyon jidisyè Jewova yo se verite, yo tout revele yo dwat. [...] Gen yon gwo rekonpans lè moun obsève yo. ” — Sòm 19:7, 9, 11.