Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT TRÈZ

Si maryaj la sou wout kraze

Si maryaj la sou wout kraze

1, 2. Lè yon maryaj anba presyon, ki kesyon moun yo ta dwe poze tèt yo ?

GEN yon dam italyèn ki rele Lucia ki te trè deprime en 1988 *. Apre dizan, maryaj li te kraze. Plizyè fwa li te eseye wè si l a rekonsilye ak mari l, men sa pa t mache. Konsa, li te separe ak li poutèt yo pa t ka antann youn ak lòt, e depi lè a li te oblije leve de pitit fi li genyen poukont li. Lè Lucia sonje lontan, li di : “ Mwen te sèten pa gen anyen ki te ka sove maryaj nou an. ”

2 Si w gen pwoblèm nan maryaj ou, ou anmezi pou w konprann Lucia. Maryaj ou ka an danje e w ap mande tèt ou si l posib toujou pou sove l. Si se sa, w ap twouve li itil pou w egzamine kesyon sa a : Èske m te suiv tout bon konsèy Bondye bay nan Bib la pou pèmèt yon maryaj reyisi ? — Sòm 119:105.

3. Byenke divòs vin kouran, ki reyaksyon yo remake lakay anpil moun ki divòse ak lakay fanmi yo ?

3 Lè tansyon an wo ant mari ak madanm, kraze maryaj la ka sanble aksyon ki pi fasil pou fèt. Sepandan, byenke nan anpil peyi kantite fanmi ki kraze konnen yon gwo ogmantasyon, etid ki fèt tou dènyèman an montre gen yon gwo pousantaj nan gason ak fi ki divòse ki regrèt yo te kraze yon kite sa. Yon bon valè nan yo gen plis pwoblèm sante, kit se nan domèn fizik, kit se nan domèn mantal, pase moun ki rete marye yo. Twoub ak tristès pitit moun ki divòse yo genyen, byen souvan, pèsiste pandan dèzane. Paran ak zanmi fanmi ki kraze a soufri tou. E kòman Bondye ki te pran dispozisyon pou gen maryaj konsidere sitiyasyon an ?

4. Ki jan pwoblèm ki gen nan maryaj yo ta dwe rezoud ?

Jan nou te wè sa nan chapit anvan yo, objektif Bondye se te pou maryaj dire tout lavi (Jenèz 2:24). Alò, poukisa gen tout kantite maryaj sa yo ki kraze ? Se pa yon bagay ki rive bridsoukou. Jeneralman, gen siy ki avèti sa. Ti pwoblèm ki gen nan yon maryaj konn vin pi gwo ofiramezi jiskaske yo parèt enposib pou rezoud. Men si yo te rezoud pwoblèm sa yo tousuit grasa èd Bib la bay, gen anpil maryaj ki kraze ki pa t ap kraze.

SE POU W REYALIS

5. Ak ki reyalite tout maryaj gen pou fè fas ?

5 Yon bagay ki konn mennen pwoblèm se lè youn oubyen toule de moun marye yo atann de lòt la bagay ki pa reyalis. Woman, jounal popilè, pwogram televizyon ak sinema, ka kreye espwa ak rèv ki totalman diferan ak reyalite a. Lè rèv sa yo pa reyalize, yon moun ka santi li desi, li pa satisfè e li ka menm egri. Kidonk, kòman de moun enpafè ka jwenn kè kontan nan maryaj yo ? Pou yo rive reyisi maryaj yo sa mande efò.

6. a) Ki pwennvi ekilibre Bib la bay sou maryaj ? b) Site kèk rezon ki konn fè gen dezakò nan maryaj.

6 Bib la se yon liv ki pratik. Li rekonèt maryaj pote lajwa, men tou li di moun ki marye yo “ ap jwenn tribilasyon nan lachè ”. (1 Korentyen 7:28.) Jan nou deja wè sa, toule de moun yo enpafè e yo gen tandans pou yo peche. Yo pa fèt menm jan, ni mantalman, ni afektivman, e yo pa resevwa menm edikasyon. Pafwa moun marye yo konn gen dezakò sou zafè kòb, sou zafè timoun ak sou zafè fanmi konjwen. Lòt bagay ki ka sous konfli ankò se lè yo manke tan pou yo fè yon seri aktivite ansanm, e lè gen pwoblèm nan domèn seksyèl *. Sa mande tan pou w trete jan de kesyon sa yo, men pran kouraj ! Pifò moun marye rankontre pwoblèm konsa e yo rive jwenn solisyon yo toule de dakò sou yo.

PALE SOU DEZAKÒ YO

7, 8. Si gen bagay ki blese santiman de moun marye yo oubyen si gen malantandi antre yo, selon Ekriti yo ki fason pou yo rezoud yo ?

7 Anpil moun mal pou yo kenbe sanfwa yo lè y ap pale sou bagay ki te blese santiman yo, sou malantandi oubyen sou feblès pèsonèl yo. Olye pou yon konjwen di franchman : “ Mwen gen enpresyon ou pa konprann mwen ”, li ka eksite e li ka egzajere pwoblèm nan. Anpil konjwen di : “ Se pou tèt ou sèlman ou gen sousi ”, oubyen “ Ou pa renmen m. ” Pou evite dezagreman, lòt konjwen an ka refize reponn.

8 Li pi bon pou w suiv konsèy Bib la bay ki di : “ Nou mèt ankòlè, men malgre sa, pinga nou peche. Pa kite solèy la kouche sou nou tou irite. ” ​(Efezyen 4:26). Yo te mande yon koup marye ki ere, ki t apral sou swasantyèm anivèsè maryaj yo, ki sekrè ki fè maryaj yo reyisi. Mari a di : “ Nou te aprann pou nou pa janm al dòmi san nou pa rezoud dezakò nou genyen, piti kou l ye. ”

9. a) Ki sa Ekriti yo idantifye kòm yon aspè enpòtan nan kominikasyon ? b) Ki sa konjwen yo bezwen fè souvan, menmsi sa mande kouraj ak imilite ?

9 Lè yon mari ak yon madanm an dezakò, yo chak bezwen “ prese pou yo tande, yo pa dwe prese pou yo pale, yo pa dwe prese pou yo fè kòlè ”. (Jak 1:19.) Apre youn fin koute lòt avèk atansyon, toule de konjwen yo ka wè nesesite pou youn eskize lòt (Jak 5:16). Sa mande imilite ak kouraj pou yo di sensèman : “ Mwen regrèt mwen te ofanse w. ” Sepandan, lè moun marye yo regle dezakò yo fason sa a, sa ap pwofitab anpil nonsèlman pou ede yo rezoud pwoblèm yo genyen, men tou pou ede yo devlope afeksyon ak entimite k ap fè yo jwenn plis plezi nan konpayi youn lòt.

SE POU YOUN BAY LÒT SA L DWE L NAN MARYAJ LA

10. Ki konsèy Pòl te bay kretyen Korent yo pou pwoteksyon yo ki aplikab pou kretyen jodi a ?

10 Lè apot Pòl te ekri Korentyen yo, li te konseye yo pou yo marye “ akoz fònikasyon ki gaye ”. (1 Korentyen 7:2.) Monn jodi a mal menm jan ak ansyen vil Korent lan, oubyen menm li pi mal pase l. Sijè imoral moun nan monn nan ap pale ouvètman, fason yo abiye yo ki pa gen modesti ansanm ak istwa sansyèl ki nan jounal, nan liv, nan televizyon, nan sinema, tout konbine ansanm pou eksite apeti seksyèl imoral. Apot Pòl te di Korentyen yo ki t ap viv nan yon anbyans ki sanble ak sa : “ Li pi bon pou yon moun marye olye pou l anflame ak pasyon. ” — 1 Korentyen 7:9.

11, 12. a) Ki sa mari ak madanm dwe youn lòt, e avèk ki etadespri yo ta dwe bay li ? b) Kòman pou yo jere sitiyasyon kote youn sispann bay lòt, pou yon ti tan, sa l dwe l nan maryaj la ?

11 Poutèt sa, men sa Bib la òdone kretyen ki marye yo : “ Se pou mari a bay madanm li sa l dwe l, men se pou madanm nan fè menm jan an tou pou mari l. ” ​(1 Korentyen 7:3). Remake sa, aksan an se sou bay yo mete l, se pa sou mande. Relasyon entim ant moun ki marye yo ap vrèman bay satisfaksyon sèlman si chak moun gen sousi pou byennèt lòt la. Pa egzanp, Bib la òdone mari yo pou yo aji ak madanm yo “ selon konesans ”. (1 Pyè 3:7.) Sa sitou vre lè pou yo bay e pou yo resevwa sa youn dwe lòt nan maryaj la. Si yon mari pa trete madanm li avèk tandrès petèt madanm nan ap mal pou l apresye aspè sa a nan maryaj la.

12 Gen kèk moman kote konjwen yo ka refize youn lòt sa youn dwe lòt nan maryaj la. Nan ka madanm nan, sa ka rive pandan yon sèten moman nan mwa a oubyen lè li santi l trè fatige (gade Levitik 18:19). Nan ka mari a, sa ka rive lè l ap rankontre gwo pwoblèm nan travay li ki fè l santi moral li ba. Yo ka fè fas ak sitiyasyon tanporè sa yo pi byen, sitiyasyon kote youn sispann bay lòt sa l dwe l nan maryaj la, si yo toule de pale sou sa franchman e yo toule de ‘ antann yo sou sa ’. (1 Korentyen 7:5.) Sa ap anpeche ni youn ni lòt tire move konklizyon. Toutfwa, si kareman madanm nan deside refize mari a oubyen si mari a fè espre li refize bay madanm nan sa l dwe l la avèk amou, lòt moun nan ka ekspoze devan tantasyon. Nan yon sitiyasyon konsa, pwoblèm ka met pye nan maryaj la.

13. Kòman kretyen yo ka veye pou panse yo toujou rete pwòp ?

13 Menm jan ak tout kretyen, sèvitè Bondye ki marye yo dwe evite pònografi, yon bagay ki ka eveye move dezi lakay moun, dezi ki pa natirèl (Kolosyen 3:5). Yo dwe veye tou sou panse yo ak aksyon yo nan relasyon yo ak tout moun ki pa menm sèks ak yo. Jezi te bay avètisman sa a : “ Nenpòt moun ki kontinye gade yon fi jiskaske l vin gen yon pasyon pou li, moun sa a deja komèt adiltè avèk li nan kè l. ” ​(Matye 5:28). Lè moun marye yo aplike konsèy Bib la bay konsènan relasyon seksyèl, yo ta dwe anmezi pou yo evite tonbe nan tantasyon e pou yo komèt adiltè. Yo ka kontinye jwi entimite agreyab ki gen nan maryaj la, kote relasyon seksyèl se yon bonjan kado, yon kado presye Jewova bay, li menm ki pran dispozisyon pou gen maryaj la. — Pwovèb 5:15-19.

REZON BIBLIK POU GEN DIVÒS

14. Ki sitiyasyon tris ki prezante pafwa ? Poukisa ?

14 Erezman, nan pifò maryaj kretyen, kèlkeswa pwoblèm ki genyen, yo ka rezoud. Sepandan, sa pa toujou fèt konsa. Piske lèzòm enpafè e y ap viv nan yon monn pechè ki anba pouvwa Satan, gen kèk maryaj ki rive nan pwen pou yo kraze (1 Jan 5:19). Ki sa kretyen yo ka fè nan yon sitiyasyon ki penib konsa ?

15. a) Ki sèl rezon biblik pou gen divòs ak posiblite pou moun remarye ? b) Pou ki rezon kèk moun deside pa divòse ak yon konjwen ki enfidèl ?

15 Jan sa mansyone nan chapit 2 liv sa a, fònikasyon se sèl rezon biblik pou gen divòs ak posiblite pou yon moun remarye * (Matye 19:9). Si w gen bonjan prèv konjwen w enfidèl, alò ou devan yon desizyon ki difisil. Èske w ap ret marye ansanm ak li oubyen èske w ap divòse ? Pa gen règ sou sa. Gen kèk kretyen ki padone konplètman konjwen yo ki repanti sensèman, konsa yo prezève maryaj la e sa ale byen. Gen lòt ki deside pa divòse poutèt timoun yo.

16. a) Site kèk pwoblèm ki ka pouse kèk moun divòse ak konjwen yo ki fè yon peche. b) Lè konjwen ki inosan an pran desizyon pou l divòse oubyen pou l pa divòse, poukisa pyès moun pa dwe kritike desizyon sa a ?

16 Yon lòt bò, peche a ka lakòz yon gwosès oubyen li ka lakòz yon maladi seksyèl trapan. Oubyen petèt, y ap bezwen pwoteje timoun yo kont yon paran ki fè agresyon seksyèl sou yo. Li klè, gen anpil bagay pou w konsidere anvan w pran yon desizyon. Sepandan, si w fin aprann konjwen w enfidèl e apre sa ou rekòmanse gen relasyon seksyèl avèk li, sa montre ou padone l e ou vle rete marye ak li. Rezon biblik pou gen divòs ak posiblite pou w remarye a pa egziste ankò. Pyès moun pa dwe mele nan zafè w e yo pa dwe eseye enfliyanse desizyon w, ni nonplis pyès moun pa dwe kritike desizyon w lè w fin pran l. Se ou menm k ap gen pou w fè fas ak konsekans desizyon w pran an. “ Chak moun ap pote pwòp chay pa l. ” — Galat 6:5.

REZON POU GEN SEPARASYON

17. Si pa gen fònikasyon, ki limit Ekriti yo fikse nan domèn separasyon ak divòs ?

17 Èske gen sitiyasyon ki ka jistifye yon separasyon oubyen petèt yon divòs ak yon konjwen menmsi moun sa a pa fè fònikasyon ? Wi, men nan ka sa a, kretyen an pa lib pou l frekante yon lòt moun pou l marye (Matye 5:32). Byenke Bib la aksepte yon separasyon konsa, li di moun ki separe a dwe “ rete san li pa marye oswa se pou l rekonsilye ”. (1 Korentyen 7:11.) Ki sitiyasyon ekstrèm konsa ki ka jistifye yon separasyon ?

18, 19. Ki sitiyasyon ekstrèm ki ka pouse yon konjwen anvizaje yon separasyon legal oubyen yon divòs, menmsi li pa posib pou l remarye ?

18 Bon, li ka rive fanmi an nan nesesite akoz mari a ki twò parese e akoz move abitid li genyen *. Li ka gaspiye revni fanmi an oubyen li ka sèvi ak li pou l antretni yon vis tankou pran dwòg oswa bwè bwason ki gen alkòl. Bib la di : “ Si yon moun pa bay moun pa li yo sa yo gen bezwen, sitou sa ki manm kò kay li, li renye lafwa, e li pi mal pase yon moun ki pa gen lafwa. ” ​(1 Timote 5:8). Si yon gason konsa refize chanje fason l ap aji, petèt menm li sèvi ak kòb madanm li touche pou l satisfè vis li yo, madanm nan ka chwazi pwoteje byennèt li ak byennèt pitit li yo, lè l separe ak li legalman.

19 Yon konjwen ka anvizaje jan de separasyon legal sa a tou, si lòt konjwen an ekstrèmman vyolan, petèt li bat li plizyè fwa, li rive nan pwen kote li mete sante l e menm lavi l an danje. Anplis de sa, si yon konjwen toujou ap eseye fòse lòt la pou l vyole kòmandman Bondye yo yon fason kèlkonk, konjwen ki menase a ka anvizaje separe, sitou si bagay la rive nan pwen kote lavi espirityèl li an danje. Konjwen ki menase a ka tire konklizyon sèl fason pou l ‘ obeyi Bondye antanke chèf olye pou l obeyi lèzòm ’se fè yon separasyon legal. — Travay 5:29.

20. a) Nan ka kote yon fanmi kraze, ki èd zanmi ki gen matirite ak ansyen yo ka ofri, e ki sa yo pa dwe fè ? b) Moun ki marye yo pa dwe sèvi ak sa Bib la di sou separasyon ak divòs kòm eskiz pou yo fè ki sa ?

20 Nan tout ka kote gen vyolans ekstrèm ki fèt sou yon konjwen, pyès moun pa dwe fè presyon sou konjwen inosan an pou l separe oubyen pou l rete ak lòt konjwen an. Byenke zanmi ki gen matirite oubyen ansyen yo ka ofri èd yo e yo ka bay konsèy ki baze sou Bib la, yo pa ka konnen tout detay sou sa k pase ant yon mari ak yon madanm. Se sèl Jewova ki ka wè sa k pase. Natirèlman, yon kretyèn marye pa t ap onore maryaj la, yon dispozisyon Bondye pran, si l ta sèvi ak eskiz banal pou l kraze maryaj li. Sepandan, si gen yon sitiyasyon ki reprezante yon danje ekstrèm k ap pèsiste, pyès moun pa dwe kritike l si l chwazi separe. Se egzakteman menm bagay la tou pou yon kretyen marye ki ta mande separasyon. “ Nou tout pral konparèt devan tribinal Bondye a. ” — Women 14:10.

FASON YON MARYAJ KI TE FIN KRAZE TE RIVE SOVE

21. Ki eksperyans ki montre konsèy Bib la bay sou maryaj yo efikas ?

21 Twa mwa apre Lucia, dam nou te mansyone pi wo a, te fin separe ak mari l, li te rankontre Temwen Jewova yo e li te kòmanse yon etid biblik ak yo. Men sa li esplike : “ Se yon gwo sipriz pou mwen : Bib la bay solisyon ki pratik pou pwoblèm mwen yo. Apre yon semèn etid sèlman, mwen te vle rekonsilye ak mari m imedyatman. Jodi a mwen anmezi pou m di Jewova konn kòman sove yon maryaj ki an kriz paske ansèyman l yo ede moun ki marye yo aprann fason pou yo gen estim youn pou lòt. Se pa vre, Temwen Jewova pa divize fanmi, jan kèk moun pretann sa. Nan ka pa m, se egzakteman kontrè a ki te rive. ” Lucia aprann pratike prensip biblik yo nan lavi l.

22. Nan ki sa tout koup marye ta dwe gen konfyans ?

22 Lucia pa yon eksepsyon. Maryaj ta dwe yon benediksyon, li pa ta dwe yon chay. Pou sa rive fèt, Jewova bay pi bon sous konsèy ekri ki te ka egziste anrapò ak maryaj : Pawòl presye li a. Bib la ka fè “ yon moun ki pa gen eksperyans vin saj ”. (Sòm 19:7-11.) Li sove anpil maryaj ki te sou wout kraze e li amelyore anpil lòt ki te gen pwoblèm grav. Nou swete pou tout koup marye gen yon total konfyans nan konsèy Jewova Dye bay anrapò ak maryaj. Yo vrèman bay bon rezilta !

^ § 1 Yo chanje non moun nan.

^ § 6 Gen kèk nan kesyon sa yo nou deja trete nan chapit anvan yo.

^ § 15 Mo biblik lè l tradui ki bay fònikasyon an gen ladan l adiltè, relasyon seksyèl ant gason ak gason, ant fi ak fi, ant moun ak bèt ansanm ak tout lòt aksyon imoral volontè kote moun sèvi ak ògàn seksyèl yo.

^ § 18 Nou pap pale de ka kote malgre bon entansyon mari a genyen, li pa kapab pran swen fanmi l pou rezon ki pa depann de volonte l, pa egzanp, akoz maladi oubyen akoz chomaj.