Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 3

“Jewova [...] sen, li sen, li sen”

“Jewova [...] sen, li sen, li sen”

1, 2. Ki vizyon Bondye te bay Izayi, e ki sa vizyon sa a aprann nou sou Jewova?

IZAYI te ret bouch ouvè pandan l ap gade vizyon Bondye te ba l la. Pou Izayi, sa l te wè a te sanble yon bagay ki t ap fèt toutbon. Annapre, li te fè konnen li te rive “wè Jewova” ki chita sou yon twòn ki byen wo. Pan rad Jewova te ranpli gwo tanp Jerizalèm nan. — Izayi 6:1, 2.

2 Anplis de sa, sa Izayi te tande a te fè l sezi anpil. Li te tande serafen k ap chante byen fò, yo t ap chante tèlman fò, sa te souke tout tanp lan. Serafen yo se zanj ki nan pozisyon ki wo anpil. Yo te mete vwa yo ansanm pou yo chante byen fò e, avèk anpil respè, yo t ap di: “Jewova, Chèf lame yo, sen, li sen, li sen. Tout tè a plen ak glwa li.” ​(Izayi 6:3, 4). Lefètke serafen yo di mo “sen” an twa fwa pandan y ap chante, sa mete yon aksan espesyal sou gwo pozisyon Jewova genyen: li sen nan nivo ki pi wo a (Revelasyon 4:8). Nan tout Bib la, yo mete aksan sou jan Jewova sen. Nan plizyè santèn vèsè, non Jewova a gen rapò ak mo “sen” an.

3. Lefètke anpil moun mal konprann sa mo sen an vle di, kòman sa fè yo pa anvi pwoche bò kote Jewova ki sen?

3 Li klè, youn nan bagay enpòtan Jewova vle nou konnen sou li sèke li sen. Men, jodi a gen anpil moun ki pa santi yo alèz lè yo aprann sa. Gen moun ki mal konprann sa mo sen an vle di, yo asosye mo sen an ak moun ki jis nan pwòp je pa yo oubyen ak moun ki pran pòz yo gen atachman pou Bondye. Moun k ap goumen ak fason negatif yo wè tèt yo ka santi yo dekouraje lè yo aprann Bondye sen, konsa sa pa fè yo anvi pwoche bò kote Bondye. Yo ka pè pou yo pa janm ka pwoche bò kote Bondye sa a ki sen. Lefètke Bondye sen, sa fè anpil moun pa vle pwoche bò kote l. Sa tris anpil, paske sen Bondye sen an ta dwe fè nou plis anvi pwoche bò kote l. Poukisa nou di sa? Anvan nou reponn kesyon sa a, annou egzamine ki sa mo sen an vle di toutbon.

Ki sa mo sen an vle di?

4, 5. a) Ki sa mo sen an vle di, e ki sa mo sa a pa vle di? b) Bay de fason enpòtan Bondye apa.

4 Lefètke Bondye sen, sa pa vle di li awogan oswa li meprize lòt moun. Okontrè, li rayi lè moun konsa (Pwovèb 16:5; Jak 4:6). Ebyen, ki sa mo “sen” an vle di toutbonvre? Nan lang ebre moun te konn pale nan tan lontan an, mo sen an soti nan yon ekspresyon ki vle di “apa”. Nan domèn adorasyon, mo sen an gen rapò ak bagay yo mete apa pou yo itilize yon fason espesyal oswa yon bagay yo konsidere kòm sakre. Ebyen, e Jewova li menm? Èske sa vle di li mete l apa, kòmkwa li pa annafè ak lèzòm enpafè e li pa enterese nan yo?

5 Non, pa ditou. Bib la fè nou konnen Jewova ki se “Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye apa”, sa vle di yon Bondye ki sen, e Jewova pale de tèt li antanke moun ki te rete “nan mitan” pèp li a malgre pèp li a te enpafè (Ezayi 12:6, Bib la; Ocheya 11:9). Kidonk, sen Jewova sen an pa fè l pa enterese nan nou pou sa. Ebyen, nan ki sans li apa? Gen de fason enpòtan Bondye apa. Premyèman, lefètke se li menm sèl ki Trèwo, li diferan nèt ak tout sa k egziste. Jewova pwòp nan yon nivo ki san parèy e se konsa l ap toujou ye (Sòm 40:5; 83:18). Dezyèmman, Jewova pa gen anyen pou l wè ak peche e, lefètke se konsa l ye, sa fè nou santi nou byen. Sa k fè nou di sa?

6. Poukisa nou ka santi nou byen lefètke Jewova pa gen anyen pou l wè ak peche?

6 Jodi a, n ap viv nan yon monn kote moun ki pwòp toutbon yo oswa ki sen prèske pa egziste. Tout bagay nan sosyete a, yon sosyete ki lwen Bondye, se bagay ki kòwonpi e ki chaje peche ak enpèfeksyon. Se nou tout ki gen pou nou goumen ak peche nou gen nan nou. E si nou pa rete sou pinga nou, nou tout ka tonbe nan pratike peche (Women 7:15-25; 1 Korentyen 10:12). Jewova pa gen pwoblèm sa a. Etandone li pa gen anyen pou l wè ak peche, peche pap janm sal li. Sa fè nou gen plis konfyans nan Jewova antanke pi bon Papa ki egziste a sa vle di li se yon papa nou ka konte sou li je fèmen. Kontrèman ak papa yo ki sou tè a ki gen peche nan yo, Jewova pap janm vin kòwonpi, li pap janm vin mechan oswa fè nou mal. Lefètke Jewova sen, li pap janm fè youn nan bagay sa yo. Nou ka fè Jewova konfyans nèt paske Labib fè nou konnen, pafwa, li konn menm sèmante sou sen li sen an (Amòs 4:2). Èske sa pa fè nou kontan?

7. Poukisa nou ka di sen Jewova sen an fè pati pèsonalite l?

7 Sen Jewova sen an fè pati pèsonalite l. Ki sa sa vle di? Ann pran yon egzanp: Lè nou reflechi sou mo “lèzòm” ak mo “enpèfeksyon” an, nou wè de mo sa yo makònen youn ak lòt. Enpèfeksyon ki lakay nou parèt nan tout sa n fè. Men kounye a, ann reflechi sou de lòt mo: non “Jewova” a ak mo “sen” an. Lefètke Jewova sen, sa parèt nan tout sa l fè. Tout sa li fè yo pwòp e yo dwat. Nou pap janm ka rive konnen Jewova byen toutotan nou pa fin byen konprann sa mo “sen” an vle di.

“Jewova Sen”

8, 9. Ki sa k montre Jewova ede moun ki enpafè yo vin sen nan yon sans?

8 Etandone se Jewova ki sen toutbonvre, se avèk bonjan rezon nou ka di se nan li tout sa ki sen soti. Li pa kenbe bèl kalite sa a pou li sèlman, li pataje l ak lòt moun e li kontan fè sa. Se poutèt sa, lè Bondye t ap pale ak Moyiz pa mwayen yon zanj bò touf bwa ki te pran dife a, menm tè a, kote Moyiz te kanpe a, te vin sen paske Jewova te la. — Egzòd 3:5.

9 Èske moun ki enpafè ka vin sen grasa èd Jewova? Nan yon sans nou ka di wi. Jewova te bay pèp Izrayèl la posiblite pou yo vin “yon nasyon ki sen”. (Egzòd 19:6.) Jewova te beni nasyon sa a lè l te mete plizyè bagay sou pye pou yo te ka adore l, e dispozisyon sa yo te sen e yo te pwòp. Donk, Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la te mete aksan sou enpòtans pou nasyon an sen. Annefè, gran prèt la te mete yon plak annò ki te pa devan twal ki te vlope tèt li a. Konsa, lè limyè te frape plak sa a, tout moun te ka wè l ap briye. Men sa yo te grave sou plak la: “Jewova Sen.” ​(Egzòd 28:36). Donk, lefètke adorasyon Izrayelit yo t ap bay Jewova a te pwòp e li te san tach, sa te fè ni adorasyon yo t ap bay Bondye a ni fason yo t ap mennen lavi yo te diferan ak adorasyon moun lòt nasyon yo t ap bay dye pa yo e ak vi moun sa yo t ap mennen. Men sa Jewova te di Izrayelit yo: “Nou dwe sen, paske mwen menm, Jewova, Bondye nou an, mwen sen.” ​(Levitik 19:2). Toutotan Izrayelit yo te fè tout sa yo kapab pou yo viv selon sa Bondye te mande yo, antanke moun ki enpafè, nan yon sans, yo te vin sen.

10. Nan kesyon bay yon adorasyon ki pwòp, ki gwo diferans ki te genyen ant nasyon Izrayèl la ak nasyon ki t ap viv toutotou yo?

10 Lefètke Jewova te mande pèp li a pou yo ba li yon adorasyon ki pwòp, sa te fè yo diferan nèt ak fason lòt nasyon ki t ap viv toutotou yo t ap adore dye pa yo. Nasyon sa yo ki pa t ap adore Jewova, t ap adore yon seri dye ki pa t egziste vre, ki te yon blòf. Yo te fè dye sa yo parèt tankou dye ki renmen vyolans, ki ava e ki imoral. E dye sa yo nasyon yo t ap adore yo pa t pwòp menm. Se sa k fè nasyon sa yo pa t ap ka pwòp. Se poutèt sa Jewova te di pèp li a pa t dwe mele ak nasyon sa yo ki t ap adore fo dye e pèp la pa t dwe mele nan pratik sal nasyon sa yo t ap fè yo. — Levitik 18:24-28; 1 Wa 11:1, 2.

11. Kòman sen òganizasyon Jewova sen an parèt aklè nan a) zanj yo? b) serafen yo? c) Jezi?

11 Malgre nasyon Izrayèl la, nasyon Jewova te chwazi a, te fè anpil efò pou yo pwòp, se apèn si yo te imite jan òganizasyon Jewova a ki nan syèl la sen. Nan Bib la, yo pale de zanj Bondye yo k ap sèvi l fidèlman nan syèl la kòm “foul zanj [...] ki sen”. (Jid 14.) Yo byen reflete bote Jewova genyen antanke Bondye ki sen an, Bondye ki pwòp e ki san tach la yon fason ki pafè. Pa bliye serafen Izayi te wè yo nan vizyon Bondye te ba l la. Sa zanj yo t ap chante a ede nou konprann zanj pisan sa yo jwe yon wòl enpòtan nan fè konnen Jewova sen nan tout linivè. Sepandan, gen youn nan zanj sa yo ki sou tèt yo tout, zanj sa a se sèl Pitit Bondye fè a. Jezi se moun ki pi byen montre jan Jewova sen. Se avèk rezon Labib rele l ‘Sen an, li menm Bondye te voye a’. — Jan 6:68, 69.

Non li sen, lespri li sen

12, 13. a) Poukisa se avèk rezon yo di non Bondye sen? b) Poukisa tout moun dwe rekonèt non Bondye sen?

12 Ki sa nou ka di pou non Bondye menm? Jan nou te wè sa nan chapit 1 an, non sa a se pa yon tit oubyen yon etikèt Bondye genyen. Non sa a reprezante Jewova Dye ak tout kalite li gen lakay li yo. Se pou rezon sa a Labib fè konnen “non li se yon non ki sen”. (Lik 1:49.) Dapre Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la, lè yon moun te sal non Bondye, li te ka pèdi lavi l pou sa (Levitik 24:16). Gade ki sa Jezi te di nou dwe bay plis enpòtans lè n ap priye: “Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen.” ​(Matye 6:9). Pou nou fè yon bagay vin sen, sa mande pou nou mete l apa kòm yon bagay ki sakre e pou nou ba l anpil enpòtans. Men, poukisa non Bondye, yon non ki deja sen konsa, ta bezwen pou l vin sen?

13 Se pa ti sal yo sal non Bondye ak manti kri yo bay sou li. Nan jaden Edenn nan, Satan te bay manti sou Jewova e li te fè konprann Jewova se yon move Dirijan (Jenèz 3:1-5). Depi lè sa a, Satan, ki se chèf monn sa a ki pa pwòp, ap chèche gaye manti plis toujou sou Bondye (Jan 8:44; 12:31; Revelasyon 12:9). Relijyon yo fè Bondye parèt kòm yon Bondye ki enjis, yon Bondye ki mechan e ki pa enterese nan moun. Yo fè konprann Bondye soutni lagè y ap fè yo ki lakòz anpil san koule. Gen lòt moun ki vle fè konprann se pa Bondye ki te kreye tout bèl bagay ki genyen nan kreyasyon an, kòmkwa se pa aksidan oubyen se evolisyon ki te lakòz bagay yo vin egziste. Wi, se vre, se pa ti sal yo sal non Bondye! Tout moun dwe rekonèt non sa a sen e yo dwe ba li tout glwa li te genyen anvan an. Se pa ti tann n ap tann pou sa fèt e pou Jewova montre aklè li se Souvren an! Se avèk kè kontan nou fè tout sa nou kapab pou n patisipe nan objektif sa a Bondye genyen an.

14. Poukisa yo di lespri Bondye a sen, e poukisa se yon peche grav lè yon moun blasfeme kont lespri sen?

14 Gen yon lòt bagay ki makònen anpil ak Jewova nou ka prèske toujou di li sen, se lespri l oswa fòs aktif li (Jenèz 1:2). Jewova sèvi ak fòs san parèy sa a pou l reyalize objektif li yo. Tout sa Bondye fè sen, yo pwòp. Donk, yo gen rezon pou yo rele fòs aktif li a lespri sen (Lik 11:13; Women 1:4). Lè yon moun blasfeme kont lespri sen, sa ki gen ladan l fè espre pou l travay kont objektif Bondye, se yon peche ki pap janm jwenn padon. — Mak 3:29.

Lefètke Jewova sen, poukisa sa dwe fè nou anvi pwoche bò kote l?

15. Poukisa li nòmal pou nou gen lakrentif pou Jewova paske li sen, e ki sa lakrentif sa a pouse nou fè?

15 Sa pa difisil pou nou wè rezon ki fè Bib la montre gen yon lyen ant sen Bondye sen an ak lakrentif nou ta dwe gen pou li. Pa egzanp, men sa Sòm 99:3 fè konnen: “Se pou yo louwe non w. Li gran e li bay lakrentif, li sen.” Krentif sa a nou gen pou Bondye a se pa pè nou pè pou Bondye pa fè nou mal. Olye de sa, lakrentif sa a pouse nou gen yon gwo gwo respè pou Jewova. Se nòmal pou nou santi nou konsa, paske sen Jewova sen an se yon bagay ki depase tout sa nou ka konprann. Lespri sen Bondye a vrèman pwòp. Men, sa pa ta dwe fè nou pè pwoche bò kote Bondye pou sa. Okontrè, lè nou byen konprann sa sa vle di Bondye sen, sa ta dwe fè nou anvi pwoche bò kote l. Poukisa nou di sa?

Bèl bagay atire n e bagay ki sen dwe atire n tou.

16. a) Poukisa nou ka di yon bagay ki sen se yon bagay ki bèl? Bay yon egzanp. b) Kòman vizyon Jewova bay sou li yo mete aksan sou jan li pwòp, sou jan li san tach?

16 Bon, Labib fè konnen yon bagay ki sen se yon bagay ki bèl. Nan Izayi 63:15, yo pale de syèl la kòm “kote [Bondye] rete a, yon kote ki grandyoz, ki sen e ki bèl”. Nou renmen wè bèl bagay. Pa egzanp, fè yon ti gade foto ki nan paj 39 la. Èske w pa wè l bèl? Sa k fè l atiran konsa? Gade ki jan dlo a pwòp. Menm lè pou respire a sanble pwòp anpil paske syèl la byen ble e li bèl anpil. Men, ann imajine foto sa a ta yon lòt jan: rivyè a sal e li plen ak fatra, pyebwa yo ak wòch yo gen ekriti sou yo, lè a chaje ak lafimen. Nou pa t ap panse foto sa a bèl, e nou pa t ap anvi gade l. Tou natirèlman, lè n wè yon bagay ki pwòp e ki san tach, nou wè l bèl. Se konsa tou nou ka itilize menm mo sa yo pou nou esplike jan Jewova sen. Se pa san rezon vizyon Jewova bay sou li menm yo atire nou anpil. Bondye nou an ki sen gen yon bote estrawòdinè, yo ka konpare bote sa a ak yon limyè ki klere anpil, ak pyè presye k ap briye, ak dife k ap klere oubyen ak metal ki presye ki pa gen okenn salte e k ap briye anpil. — Ezekyèl 1:25-28; Revelasyon 4:2, 3.

17, 18. a) Apre Izayi te fin tande sa serafen yo te di sou Jewova, kòman l te reyaji? b) Ki jan Jewova te itilize yon serafen pou l konsole Izayi, e ki sa aksyon sa a serafen an te fè a te vle di?

17 Sepandan, lè nou konpare jan Bondye sen avèk jan nou menm nou ye, èske sa dwe fè nou santi nou pi ba pase Bondye? Repons lan se wi. Anfèt, nou pi ba pase Jewova, e se pa ti ba nou ba vre! Lefètke nou konn sa, èske sa pa ta dwe fè nou anvi pwoche bò kote l? Ann egzamine reyaksyon Izayi te genyen lè l te tande serafen yo ki t ap fè konnen jan Jewova sen. Men sa Izayi te di: “Mwen di: ‘Nanpwen sove pou mwen! Jòdi a m’ap mouri vre! Paske tout pawòl ki soti nan bouch mwen se move pawòl. Epi m’ap viv nan mitan yon pèp ki pa janm gen bon pawòl nan bouch li. Lèfini, mwen wè Wa a, Senyè ki gen tout pouvwa a, avèk pwòp je m.’” ​(Ezayi 6:5, Bib la). Wi, lefètke Jewova toujou sen, sa te fè Izayi sonje jan li enpafè, e sa te fè l dekouraje anpil. Men, Jewova pa t kite Izayi rete nan eta sa a.

18 Sa pa t pran tan pou yon serafen te vin konsole pwofèt la. Kòman l te fè sa? Zanj pisan sa a te vole vin devan lotèl la, li pran yon chabon dife tou limen sou lotèl la e li mete chabon an sou bouch Izayi. Sa ta plis sanble yon bagay ki te fè Izayi mal pase l ta yon bagay ki konsole l. Men, pa bliye, nan yon sans, sa l te wè a se te yon vizyon ki te vle di anpil bagay. Izayi se yon Juif fidèl ki te byen konnen se chak jou yo te ofri sakrifis sou lotèl ki te nan tanp lan pou peche yo te fè. Avèk amou, serafen an te ede pwofèt la sonje, malgre ‘pawòl ki soti nan bouch pwofèt la se move pawòl’, sa vle di pwofèt la se yon moun enpafè, li t ap toujou ka vin pwòp nan je Bondye *. Jewova te dispoze wè yon moun enpafè e ki fè peche kòm yon moun ki sen nan yon sans. — Izayi 6:6, 7.

19. Sa k fè nou ka di, nan yon sans, li posib pou nou sen, malgre nou enpafè?

19 Se menm bagay la jodi a. Sakrifis yo te konn ofri sou lotèl ki Jerizalèm nan te sèlman reprezante yon pi gwo sakrifis ki t ap gen pou fèt pi devan: sakrifis san defo Jezi te bay nan ane 33 epòk nou an (Ebre 9:11-14). Si nou repanti toutbon pou peche nou fè yo, si nou kase tèt tounen kite sa n t ap fè ki pa bon yo e nou gen lafwa nan sakrifis Jezi a, n ap jwenn padon pou peche nou yo (1 Jan 2:2). Nou menm tou nou ka vin pwòp nan je Bondye. Se sa k fè apot Pyè fè nou sonje pawòl sa yo: “Men sa ki ekri: ‘Nou dwe sen, paske mwen sen.’” ​(1 Pyè 1:16). Remake Jewova pa di nou dwe sen jan li sen an. Li pa janm mande nou fè yon bagay nou pa ka fè (Sòm 103:13, 14). Okontrè, Jewova mande nou pou nou sen paske li sen. “Antanke pitit li renmen”, nou dwe fè sa n kapab pou nou imite l malgre nou enpafè (Efezyen 5:1). Donk, se pa yon sèl kou n ap vin sen, nou bezwen toujou ap fè efò pou sa. Toutpandan n ap vin gen plis matirite, nou dwe fè efò pou nou “sangtifye tèt nou” chak jou. — 2 Korentyen 7:1.

20. a) Poukisa li enpòtan pou nou konprann nou kapab pwòp nan je Bondye nou an ki sen? b) Lè Izayi te vin konprann Bondye te padone peche l yo, ki efè sa te gen sou li?

20 Jewova renmen sa ki dwat ak sa ki pwòp. Li rayi peche (Abakouk 1:13). Men, li pa rayi nou. Toutotan nou wè peche menm jan li wè peche, sa vle di nou rayi sa ki mal e nou renmen sa ki bon, e nou fè efò pou nou suiv egzanp pafè Jezi kite a pye pou pye, Jewova ap padone peche nou (Amòs 5:15; 1 Pyè 2:21). Lè nou konprann nou ka pwòp nan je Bondye nou an ki sen, sa gen gwo enfliyans sou nou. Pa bliye, lè Izayi te wè jan Jewova sen, toudabò, sa te fè l sonje jan li menm li pa pwòp. Li te di byen fò: “Nanpwen sove pou mwen!” Men, yonfwa li te fin konprann Bondye te padone peche l yo, li te wè bagay yo yon lòt jan. Lè Jewova te mande kiyès li ka voye pou fè yon travay, malgre Izayi pa t konnen ki sa travay sa a te gen ladan l, li pa t pran tan pou l te di: “Men mwen. Voye m!” — Ezayi 6:5-8, Bib la.

21. Poukisa nou ka gen konfyans nou ka sen?

21 Nou fèt pòtre ak Bondye ki sen. Nou gen kapasite pou nou konnen sa ki bon ak sa ki mal e nou gen kapasite pou nou wè enpòtans pou nou adore Bondye (Jenèz 1:26). Nou tout fèt ak kapasite pou nou sen. Toutotan n ap kontinye fè efò pou nou sen, Jewova ap kontan ede nou. Pandan n ap fè sa, n ap vin pi pwòch Bondye nou an ki sen. Anplis de sa, pandan n ap egzamine kalite Jewova genyen yo nan chapit ki vin apre yo, nou pral wè nou gen bonjan rezon pou nou pwoche bò kote l.

^ § 18 Antanke moun enpafè, nou peche ak bouch nou. Se fason nou sèvi ak pawòl ki sot nan bouch nou ki mennen nan yon bon valè peche nou fè. — Pwovèb 10:19; Jak 3:2, 6.