Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

PREMYE PATI

“Li gen anpil pisans”

“Li gen anpil pisans”

Nan pati sa a, nou pral egzamine istwa yo rapòte nan Bib la ki demontre pisans Jewova genyen pou l kreye, pou l detwi, pou l pwoteje e pou l fè bagay yo tounen jan yo te ye anvan an. Lè nou konprann jan Jewova, ki “gen anpil pisans”, sèvi ak “pakèt enèji” li genyen an, sa ap fè kè nou kontan e sa ap fè nou ret bouch ouvè. — Izayi 40:26.

NAN SEKSYON SA A

CHAPIT 4

“Jewova [...] gen anpil pisans”

Lefètke Bondye gen pouvwa, èske sa ta dwe fè nou pè l? Non. Lefètke Bondye gen pouvwa, èske sa ta dwe fè nou gen lakrentif pou li? Wi.

CHAPIT 5

Pisans pou l kreye: Li ‘fè syèl la ak tè a’

Soti nan kokennchenn solèy la pou rive nan ti wanganègès la, tout bagay sa yo Bondye kreye yo ka aprann nou kèk bagay sou li.

CHAPIT 6

Pisans pou l detwi: “Jewova se yon sòlda ki vanyan”

Sa k fè “Bondye lapè a” konn fè lagè?

CHAPIT 7

Pisans pou l pwoteje: Li se “tout pwoteksyon nou”

Gen de fason Jewova pwoteje nou, men gen youn ladan yo ki pi enpòtan pase lòt la.

CHAPIT 8

Pisans pou l fè bagay yo tounen jan yo te ye anvan an: Jewova “ap fè tout bagay vin tounèf”

Jewova deja fè vrè adorasyon an parèt ankò. Ki sa l pral fè alavni?

CHAPIT 9

“Kris se pisans Bondye”

Ki sa mirak Jezi Kris yo ak ansèyman l yo aprann nou sou Jewova?

CHAPIT 10

“Se pou nou imite Bondye” nan fason nou sèvi ak pouvwa nou genyen

Petèt, ou gen plis pisans pase sa w te panse. Kòman w ka byen sèvi ak pisans sa a?