Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 4

“Jewova [...] gen anpil pisans”

“Jewova [...] gen anpil pisans”

1, 2. Ki bagay estrawòdinè Eliya te wè nan lavi l, men, ki pi gwo bagay li te wè pandan l te sou mòn Orèb?

ELIYA te deja wè anpil bagay estrawòdinè ki fèt devan l. Pandan l t ap viv nan kache, li te wè kaw ki pote manje ba li de fwa pa jou. Lè te gen yon gwo grangou ki te dire anpil tan, Eliya te wè jan farin ki te nan yon po ak luil ki te nan yon lòt po pa t janm fini. Li te menm wè dife sot nan syèl la, sa ki te montre Jewova reponn yon priyè li te fè (1 Wa, chapit 17, 18). Malgre sa, Eliya potko janm wè yon bagay tankou sa l t ap gade nan moman sa a.

2 Pandan Eliya te toupre antre gwòt ki te sou mòn Orèb la, li te wè yon seri evènman estrawòdinè. Toudabò, gen yon gwo van ki te pran soufle. Li dwe te fè gwo bri. Van an te tèlman fò, li te fann mòn yo e li te pete wòch yo. Apre sa, te vin gen yon gwo tranblemanntè. Epi, te vin gen yon dife. Pandan dife a t ap pase, sandout chalè dife a te frape Eliya. — 1 Wa 19:8-12.

“Jewova t ap pase.”

3. Ki kalite konsa Eliya te wè Bondye genyen, e ki sa nou ka wè ki montre Bondye gen kalite sa a?

3 Tout bagay sa yo Eliya te wè te montre aklè yon sèl bagay: Jewova Dye gen anpil pisans. Natirèlman, nou pa bezwen wè yon mirak Bondye fè pou nou rive konprann Bondye gen pisans lakay li. Sa klè, Bondye gen kalite sa a lakay li. Labib fè nou konnen sa Jewova kreye yo montre aklè “pisans li [...] etènèl e [...] se li menm reyèlman ki Bondye”. (Women 1:20.) Fè yon ti reflechi sou gwo kout zèklè ak gwo kout loray ki konn fèt lè gen tanpèt, sou bèl kaskad kote anpil dlo ap tonbe, sou syèl la ki chaje ak zetwal moun pa ka konte. Èske w pa wè pisans Bondye nan bagay sa yo? Sepandan, jodi a pa gen anpil moun nan monn nan ki rekonèt pisans Bondye genyen toutbonvre. E se sèlman yon tikras moun ki byen konprann pisans Bondye gen lakay li. Se sa k fè, lè nou byen konprann kalite sa a, sa ban nou anpil rezon pou nou pwoche bò kote Bondye. Nan pati sa a, nou pral byen egzamine pisans san parèy Jewova genyen an.

Yon kalite Jewova genyen ki enpòtan anpil

4, 5. a) Ki rapò ki genyen ant non Jewova ak pisans li? b) Poukisa sa byen tonbe lefètke Jewova chwazi towo bèf pou reprezante pisans li?

4 Pisans Jewova san parèy. Men sa Jeremi 10:6 fè konnen: “Pa gen tankou w, o Jewova, nan okenn sans. Ou gran e non w gran an pisans.” N ap remake pisans Jewova makònen ak non l. Pa bliye non sa a vle di aklè “Li fè vin tounen”. Ki sa k fè Jewova ka kreye kèlkeswa sa l vle e li ka tounen kèlkeswa sa l vle? Youn nan rezon yo se paske l pisan. Wi, kapasite Jewova genyen pou l aji e pou l reyalize objektif li san limit. Pisans sa a se youn nan kalite li genyen ki enpòtan anpil.

5 Kòm nou pa t ap janm ka rive byen konprann pisans Jewova, li ban nou kèk egzanp ki ka ede nou byen konprann pisans li. Jan nou te deja wè sa, Jewova itilize towo bèf pou reprezante pisans li (Ezekyèl 1:4-10). Nou ka konprann rezon ki fè Jewova chwazi bèt sa a paske, menm lè moun donte yon towo bèf, ki se yon gwo bèt, sa pa vle di bèt sa a pa gen anpil pisans. Nan tan lontan, li pa t fasil pou moun ki t ap viv nan Palestin yo wè yon bèt ki gen plis fòs pase bèt sa a, e gen moun ki pa t janm rive wè yon bèt konsa. Sepandan, yo te konnen gen yon lòt kalite towo bèf ki te pi gwo e ki te gen plis fòs ki te egziste. Se yon kalite towo bèf sovaj ki pa egziste ankò jounen jodi a (Jòb 39:9-12). Yon lè, Anperè women Jil Seza te di kalite bèf sa a se yon bèt ki te yon tikras pi piti pase yon elefan. Men sa l te fè konnen: “Yo gen anpil fòs e yo kouri vit anpil.” Imajine jan w t ap santi w toupiti devan yon bèt konsa!

6. Poukisa se Jewova sèl yo rele “Toupisan an”?

6 Menm jan an tou, lèzòm parèt toupiti devan Jewova, Bondye ki gen pisans lan. Pou Jewova, menm nasyon ki fò anpil yo parèt tankou yon kouch pousyè sou yon balans (Izayi 40:15). Jewova pa tankou okenn kreyati vivan, paske pisans li san limit. Se poutèt sa Labib fè nou konnen se li sèl ki “Toupisan an” *. (Revelasyon 15:3.) Jewova gen “anpil pisans” e li gen yon “pakèt enèji”. (Izayi 40:26.) Jewova chaje ak pisans, se li ki bay pisans e pisans li san limit. Jewova pa bezwen anyen pou ba l pisans, paske “se pou Bondye fòs ye”. (Sòm 62:11.) Men, ki fason Jewova demontre pisans li?

Fason Jewova demontre pisans li

7. Ki sa lespri sen Jewova ye, e ki sa mo orijinal yo itilize nan Bib la ki koresponn ak mo “lespri” a fè konprann?

7 Kantite lespri sen ki ka soti nan Jewova pa gen limit. Lespri sen se fòs Bondye itilize pou l aji. Anfèt, nan Jenèz 1:2 Labib pale de lespri Bondye. Nan kèk kontèks, yo ka mete “van”, “souf” oswa “eksplozyon” lè y ap tradui mo ebre ak mo grèk ki koresponn ak mo “lespri” a. Selon sa kèk moun ki ekri diksyonè fè konnen, mo orijinal yo te itilize pou vèsè sa a fè konprann “lespri” a se yon fòs moun pa ka wè k ap aji. Menm jan ak van, nou pa ka wè lespri sen Bondye ak je nou, men, efè li genyen yo la toutbon e nou ka rive wè yo.

8. Nan Bib la, nan yon sans senbolik, kòman yo konn pale de lespri sen Bondye, e poukisa konparezon sa yo byen tonbe?

8 Bondye ka itilize lespri sen l pou l fè anpil bagay. Li ka itilize lespri sen l pou l reyalize nenpòt objektif li genyen. Se pou rezon sa a, nan Bib la, yo pale de lespri sen Bondye kòm “dwèt” li, “fòs ponyèt” li oubyen bra l ki lonje (Lik 11:20, Bib Kreyòl La; Detewonòm 5:15; Sòm 8:3). Menm jan yon moun ka itilize men l pou l fè plizyè kalite travay ki mande anpil fòs oubyen ki mande anpil swen, se konsa tou Bondye ka itilize lespri sen l pou l fè nenpòt travay, tankou kreye atòm, ki piti anpil anpil, oswa fann lanmè Wouj la oswa ede kretyen nan premye syèk la pale plizyè lang.

9. Ki fason Jewova demontre li gen anpil otorite?

9 Anplis de sa, Jewova demontre pisans li lè l demontre otorite li genyen antanke Souvren linivè a. Imajine w ta gen plizyè milyon kreyati vivan ki entèlijan e ki gen anpil kapasite e ki toujou pare pou yo fè tout sa w mande yo fè! Se yon otorite konsa Jewova genyen. Li gen moun k ap sèvi l. Nan Bib la, yo konpare moun sa yo ak yon lame (Sòm 68:11; 110:3). Lè w konpare yon moun ak yon zanj, yon zanj gen plis fòs lontan pase yon moun. Sa te parèt klè lè lame asiryen an te atake pèp Bondye a. Lè sa a, yon sèl zanj te touye 185 000 sòlda nan yon nuit (2 Wa 19:35)! Zanj Bondye yo gen yon “fòs estrawòdinè”. — Sòm 103:19, 20.

10. a) Poukisa yo bay Toupisan an pote tit Chèf lame yo? b) Ki zanj ki gen plis fòs pase tout sa Jewova kreye yo?

10 Konbyen zanj ki genyen? Bondye te bay pwofèt Dànyèl yon vizyon ki te pèmèt li wè sa k t ap pase nan syèl la. Dànyèl te wè plis pase 100 milyon zanj devan twòn Jewova a, men sa pa vle di li te wè tout zanj ki egziste yo (Dànyèl 7:10). Donk, sa vle di ka genyen plizyè santèn milyon zanj ki egziste. Se pa san rezon yo rele Jewova Chèf lame yo. Tit sa a esplike gwo pozisyon Jewova genyen antanke Kòmandan k ap dirije plizyè zanj pisan e ki byen òganize. Jewova mete Pitit li renmen anpil la alatèt tout zanj sa yo. Se Pitit sa a “ki fèt an premye nan tout kreyasyon an”. (Kolosyen 1:15.) Antanke Akanj, Jezi se chèf tout lòt zanj yo, san wete serafen yo ak cheriben yo, e li se zanj ki gen plis fòs pase tout sa Jewova kreye yo.

11, 12. a) Bay kèk fason Pawòl Bondye a pisan. b) Ki sa Jezi te di ki montre jis nan ki pwen Jewova pisan?

11 Gen yon lòt fason ankò Jewova demontre pouvwa li genyen. Men sa Ebre 4:12 fè konnen: “Pawòl Bondye a vivan e li pisan.” Èske w konn reflechi sou kokenn pouvwa Pawòl Bondye a genyen, anpalan de mesaj Bondye te enspire ki nan Bib la? Mesaj ki nan Pawòl Bondye a ka ban nou kouraj, li ka ede nou vin gen yon lafwa ki solid e li ka pouse nou fè gwo chanjman nan lavi nou. Apot Pòl te fè kwayan parèy li yo konnen danje ki genyen nan frekante moun k ap mennen yon vi imoral. E li te di yo: “Epoutan, se sa kèk nan nou te ye.” ​(1 Korentyen 6:9-11). Wi, ‘Pawòl Bondye a’ te gen efè sou moun sa yo e li te ede yo chanje kalite vi yo t ap mennen an.

12 Jewova tèlman gen anpil pisans e fason li itilize pisans sa a tèlman efikas, pa gen anyen ki ka anpeche l reyalize objektif li. Men sa Jezi te di: “Pou Bondye, tout bagay posib.” ​(Matye 19:26). Nan ki objektif Jewova sèvi ak pisans li?

Li itilize pisans li pou l reyalize objektif li

13, 14. a) Poukisa nou ka di Jewova pa yon fòs ki la pou l ap bay pisans sèlman? b) Bay kèk fason Jewova itilize pisans li.

13 Lespri sen Jewova se fòs ki pi pisan lontan pase nenpòt lòt fòs. Sepandan, Jewova pa yon fòs paske yon fòs pa gen okenn santiman. Jewova pa annik la pou l ap bay pisans. Li se yon Bondye ki gen yon pèsonalite e ki gen bonjan kontwòl sou pisans li. Men, ki sa k pouse l itilize pisans li?

14 Jan nou pral wè sa, Bondye itilize pisans li pou l kreye, pou l detwi, pou l pwoteje, e pou l fè tout bagay tounen jan yo te ye anvan an. Anfèt, Jewova fè kèlkeswa sa l vle a pou l reyalize objektif pafè li genyen yo (Izayi 46:10). Nan kèk sitiyasyon, Jewova itilize pisans li pou l ede nou konprann kèk aspè enpòtan nan pèsonalite l e pou l ede nou konprann prensip li ban nou yo. Pi gwo rezon ki fè Jewova itilize pisans li se pou l akonpli volonte l, sa vle di jistifye souvrènte l e fè non l vin sen grasa Wayòm Mesi a. Pa gen anyen ki ka anpeche l reyalize objektif sa a.

15. Nan ki objektif Jewova itilize pisans li pou l ede sèvitè l yo, e kòman istwa Eliya a montre sa?

15 Anplis de sa, Jewova itilize pisans li pou l ede nou chak. Men sa 2 Kwonik 16:9 fè konnen: “Kanta pou Jewova, je l ap pwonmennen sou tout tè a pou l ka montre fòs li an favè moun kè yo konplè pou li.” Jan nou te wè sa nan kòmansman chapit sa a, eksperyans Eliya te fè a montre verite ki nan vèsè sa a. Poukisa Jewova te demontre pisans estrawòdinè li genyen an devan Eliya? Anfèt, rèn Jezabèl, ki te mechan anpil, te sèmante l ap fè touye Eliya. Pwofèt la te kouri pou l pa pèdi lavi l. Li te santi l poukont li, li te pè anpil e li te santi l dekouraje. Pou li menm, tout gwo travay li te fè yo, se te pou granmesi. Pou Jewova te ka rekonfòte Eliya, li te fè l wè aklè pisans li genyen. Li te itilize van, tranblemanntè ak dife pou l montre Eliya Moun ki pi pisan an pa t lage l. Etandone Eliya te gen Toupisan an avè l, li pa t gen okenn rezon pou l pè Jezabèl. — 1 Wa 19:1-12 *.

16. Lè nou reflechi sou kokennchenn pisans Jewova genyen, poukisa sa dwe rekonfòte nou?

16 Byenke jodi a se pa moman Jewova fè mirak, menm jan l te konn fè sa nan epòk Eliya a, sa pa anpeche Jewova rete menm moun li te ye a (1 Korentyen 13:8). Jounen jodi a, Jewova toujou dispoze itilize pisans li pou l ede moun ki renmen l yo. Se vre, Jewova abite yon kote ki wo anpil nan monn envizib la, men li pa twò lwen okenn nan nou. Pisans Jewova san limit, donk, distans pa yon pwoblèm pou li. Labib fè nou konnen: “Senyè a [“Jewova”, NW] kanpe toupre moun k’ap rele l.” ​(Sòm 145:18, Bib la). Yon lè, pandan pwofèt Dànyèl t ap rele Jewova pou pote l sekou, li potko menm fin priye, yon zanj te vin parèt devan l (Dànyèl 9:20-23). Pa gen anyen ki ka anpeche Jewova ede moun li renmen yo e pou l ba yo kouraj. — Sòm 118:6.

Èske pisans Bondye genyen an fè l difisil pou nou pwoche bò kote l?

17. Nan ki sans pisans Jewova genyen an ta dwe fè nou gen lakrentif pou li, sepandan, ki santiman pisans sa a pa ta dwe fè nou genyen?

17 Èske pisans Bondye genyen an ta dwe fè nou gen lakrentif pou li? Nou ka di wi, paske pisans Bondye genyen an ban nou yon bonjan rezon pou nou gen lakrentif pou li, sa vle di yon gwo gwo respè pou Bondye. Nou te deja fè yon ti pale sou sa nan chapit anvan an. Dapre sa Labib fè konnen, yon lakrentif konsa “se kòmansman sajès”. (Sòm 111:10.) Èske pisans Bondye genyen an ta dwe fè nou pè l? Nou ka di non, paske pisans Bondye genyen an pa yon rezon pou nou pè l, kòmkwa nou pè pou l pa fè nou mal. Menm jan an tou, pisans Bondye genyen an pa yon rezon pou nou pè pwoche bò kote l.

18. a) Pou ki rezon anpil moun pa fè moun ki gen pouvwa konfyans? b) Kòman nou fè konnen pouvwa Jewova genyen an pa ka fè l vin kòwonpi?

18 Men sa Lord Acton, yon istoryen anglè te di nan ane 1887: “Pouvwa gen tandans kòwonp moun, e plis yon moun gen pouvwa se plis li kòwonpi.” Souvan, moun repete pawòl sa yo. Petèt, se paske anpil moun wè sa l te di yo se verite. Souvan, lèzòm itilize pouvwa yo genyen pou yo toupizi moun, jan listwa pa sispann montre sa (Eklezyas 4:1; 8:9). Se pou rezon sa a, anpil moun pa fè moun ki gen pouvwa konfyans e yo pa chèche pwoche bò kote yo. Jewova li menm gen yon pouvwa ki san limit. Èske pouvwa sa a fè l vin kòwonpi pou sa? Jamè! Jan nou te deja aprann sa, Bondye sen, sa vle di li pa ka vin kòwonpi. Jewova pa menm jan ak moun ki gen pouvwa nan monn kòwonpi sa a. Jewova pa t janm itilize pouvwa li genyen an pou l toupizi moun e li pap janm fè sa!

19, 20. a) Ann amoni ak ki lòt kalite Jewova toujou demontre pisans li, e poukisa sa fè nou kontan? b) Ki egzanp ou ka bay ki montre Jewova konn metrize l, e poukisa sa touche kè w?

19 Pa bliye, pisans se pa sèl kalite Jewova genyen lakay li. Nou gen pou nou egzamine jistis li gen lakay li, sajès li genyen ak lanmou li genyen. Nou pa dwe met nan tèt nou se konsa konsa Jewova demontre kalite sa yo e se yon bagay li fè san reflechi, kòmkwa li pa ka demontre kalite sa yo anmenmtan. Okontrè, nan chapit ki vin apre yo, n ap gen pou n wè Jewova toujou demontre pisans li genyen ann amoni ak jistis li, sajès li ak lanmou li. Gen yon lòt kalite Jewova genyen nou prèske pa janm wè moun ki gen pouvwa nan monn nan demontre kalite sa a lakay yo. Kalite sa a se metriz.

20 Imajine ou rankontre yon moun ki gwo nèg anpil e ki gen anpil pouvwa, ou santi w pè l. Men, apre kèk tan, ou vin wè li se yon moun ki janti e li toujou dispoze ede lòt moun, li dispoze pwoteje yo, sitou moun ki pa gen pèsonn pou defann yo. Moun sa a pa janm itilize pouvwa li genyen an pou l toupizi lòt moun. Malgre moun bay manti sou li, li metrize l, li ret kalm, li aji byen e li toujou janti. Ou kòmanse ap mande tèt ou si w te nan plas li, èske w t ap ka demontre menm jantiyès ak menm metriz li demontre a, sitou si w ta gen menm pouvwa li genyen an. Toutpandan ou t ap vin byen konnen moun sa a, èske w pa t ap anvi vin pwòch li? Nou gen yon pil ak yon pakèt lòt rezon pou nou pwoche bò kote Jewova, Bondye Toupisan an. Reflechi sou fraz kote tit chapit sa a soti a: “Jewova pa prese fè kòlè e li gen anpil pisans.” ​(Nawoum 1:3). Jewova pa prese pou l itilize pisans li genyen pou l pini moun, pa menm pou l pini mechan yo. Li gen tanperaman dou e li gen bonte. Jewova deja demontre li “pa prese fè kòlè”, menm lè li gen anpil rezon pou l ta vin an kòlè. — Sòm 78:37-41.

21. Poukisa Jewova pa fòse moun sèvi l, e ki sa sa aprann nou sou Jewova?

21 Ann reflechi sou yon lòt fason Jewova konn metrize l. Si w ta gen yon pouvwa ki san limit, èske w panse, detanzantan, ou pa t ap anvi fòse moun fè sa w vle? Malgre Jewova gen anpil pisans, li pa janm fòse moun sèvi l. Malgre se sèlman lè yon moun ap sèvi Jewova li ka jwenn lavi ki pap janm fini an, Jewova pa fòse nou sèvi l. Okontrè, avèk jantiyès, li montre li bay nou chak valè lefètke li ban nou libète pou nou deside. Li fè nou konnen konsekans move desizyon nou pran yo ka genyen sou nou e li di nou ki byenfè n ap jwenn lè nou pran bon desizyon. Men, li kite chak moun pran pwòp desizyon l (Detewonòm 30:19, 20). Jewova pa vle pou moun sèvi l nan fòse ni li pa vle pou moun sèvi l paske yo pè pou l pa itilize kokenn pisans li genyen an pou fè yo mal. Li chèche moun ki vle sèvi l ak tout kè yo paske yo renmen l. — 2 Korentyen 9:7.

22, 23. a) Ki sa ki montre Jewova pran plezi pou l bay lòt moun pisans li? b) Ki sa nou pral egzamine nan chapit ki vin apre a?

22 Ann wè yon dènye rezon ki fè nou pa bezwen pè pou Bondye Toupisan an pa fè nou mal. Moun ki gen pouvwa konn pè pataje pouvwa yo genyen ak lòt moun. Sepandan, Jewova li menm renmen bay moun k ap adore l e ki fidèl yo pouvwa. Li bay Pitit li a anpil responsablite e li bay lòt moun responsablite tou (Matye 28:18). Gen yon lòt fason ankò Jewova bay sèvitè l yo pisans. Men sa Labib fè konnen: “O Jewova, ou gran, ou gen anpil pisans, ou gen glwa ak diyite. Paske, tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se pou ou. [...] Ou gen anpil pouvwa ak pisans, ou kapab fè kèlkeswa moun nan vin gran e ou kapab ba l fòs.” — 1 Kwonik 29:11, 12.

23 Wi, Jewova ap kontan ba w fòs. Li menm bay moun “pisans ki depase yon pisans nòmal”. (2 Korentyen 4:7.) Èske w pa anvi pwoche bò kote yon Bondye konsa, yon Bondye ki gen yon pakèt enèji e ki byen itilize pisans li san l pa pase prensip li yo anba pye? Nan chapit ki vin apre a, nou pral egzamine fason Jewova itilize pisans li pou l kreye.

^ § 6 Mo grèk lè yo tradui l ki bay “Toupisan an” vle di mo pou mo: “Pi gwo chèf la oswa Moun ki gen tout pisans lan.”

^ § 15 Labib fè konnen ‘Jewova pa t ni nan van an ni nan tranblemanntè a ni nan dife a.’ Kontrèman ak moun k ap adore swadizan dye lanati yo, sèvitè Jewova yo pa chèche Jewova nan fòs lanati yo. Jewova twò pisan pou l ta nan bagay li kreye yo. — 1 Wa 8:27.