Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 5

Pisans pou l kreye: Li ‘fè syèl la ak tè a’

Pisans pou l kreye: Li ‘fè syèl la ak tè a’

1, 2. Lefètke Jewova kreye solèy la, kòman sa montre Jewova gen anpil pisans?

ÈSKE sa janm rive w ou santi w frèt anpil epi w al bò yon dife pou chofe kò w? Petèt ou kanpe nan yon distans ki pa ni twò pre dife a pou w pa boule, ni twò lwen dife a pou w pa frèt. Si w avanse twò pre dife a, ou pa t ap ka sipòte chalè a. Konsa tou, si w kanpe twò lwen dife a, ou t ap santi fredi.

2 Gen yon “dife” k ap chofe kò nou lajounen e l ap boule nan yon distans 150 milyon kilomèt *. “Dife” sa a se solèy la. Se pa ti chalè solèy la dwe ap degaje pou l rive chofe nou jis kote nou ye la a! Sepandan, tè a ap vire toutotou kokennchenn founèz dife sa a e li fè sa egzakteman nan pi bon distans lan. Si tè a te twò pre solèy la, tout dlo sou tè a t ap seche, e si l te twò lwen solèy la, tout dlo sou tè a t ap tounen glas. Kit tè a ta twò pre solèy la kit li ta twò lwen l, pa t ap ka gen anyen ki rete vivan sou tè a. Limyè solèy la enpòtan anpil pou tout sa k ap viv sou tè a. Limyè solèy la pa fè anyen vin sal, li itil nou anpil e li bèl. — Eklezyas 11:7.

Jewova “mete lalin lan ak solèy la nan plas yo”.

3. Ki gwo verite solèy la ede nou konprann?

3 Malerezman, pifò moun pa bay solèy la anpil enpòtans, malgre lavi yo depann de solèy la. Konsa, yo pa rive wè tout sa solèy la ka aprann nou. Labib fè konnen se Jewova ki “mete lalin lan ak solèy la nan plas yo”. (Sòm 74:16, Bib la.) Pa gen manti nan sa, solèy la bay Jewova louwanj, li menm ki ‘fè syèl la ak tè a’. (Sòm 19:1; 146:6.) Solèy la se youn pami anpil bagay nou pa ka konte ki nan syèl la ki fè nou konprann kokenn pisans Jewova genyen pou l kreye. Ann egzamine kèk nan bagay ki nan syèl la. E apre sa, n ap konsantre nou sou lavi ki gen sou tè a.

“Leve tèt nou gade syèl la”

4, 5. a) Ki gwosè solèy la e jis nan ki pwen li pisan? b) Ki diferans ki genyen ant solèy la ak lòt zetwal yo?

4 Jan w ka deja konn sa, solèy la se yon zetwal. Li parèt pi gwo pase zetwal nou konn wè lannuit yo. Rezon an se paske solèy la pi pre tè a pase lòt zetwal yo. Ki kalite pisans solèy la genyen? Tanperati nan mitan solèy la se anviwon 15 milyon degre Sèlsiyis. Si w ta ka pran yon ti moso, ki gwosè yon tèt zepeng, nan mitan solèy la epi w mete l sou tè a, pou chalè dife a pa ta kankannen w, ou t ap bezwen rete nan yon distans ki plis pase 140 kilomèt. Chak segonn, solèy la ap degaje yon kantite enèji ki egal ak kantite enèji plizyè santèn milyon bonm nikleyè t ap degaje si yo ta eksploze.

5 Solèy la tèlman gwo, yo ta ka mete 1 300 000 planèt ki menm gwosè ak planèt Tè a anndan solèy la. Èske solèy la gen yon gwosè ki pa nòmal? Non. Astwonòm yo fè konnen solèy la se yon zetwal ki pa twò gwo. Apot Pòl te fè konnen “tout zetwal yo pa gen menm glwa”. (1 Korentyen 15:41.) Li pa t ka konnen jis nan ki pwen pawòl enspire sa yo se laverite. Gen yon zetwal ki tèlman gwo, si l ta nan plas kote solèy la ye a, planèt Tè a t ap vin twouve l anndan zetwal sa a. Gen yon lòt kokennchenn zetwal ki sitèlman laj, si l ta nan plas kote solèy la ye a, li t ap rive touche planèt ki rele Satin nan. Planèt sa a tèlman lwen tè a, gen yon avyon yo fè pou al nan lespas ki te pran katran pou l rive sou planèt sa a, malgre avyon sa a t ap vole ak yon vitès ki omwen 40 fwa pi vit pase vitès yon bal ki soti nan yon revòlvè ki ka tire lwen anpil.

6. Kòman Bib la montre li prèske enposib pou yon moun konte kantite zetwal ki genyen?

6 Yon bagay ki pi estrawòdinè toujou pase gwosè zetwal yo se kantite zetwal ki genyen. An reyalite, Bib la fè nou konprann li prèske enposib pou moun konte konbyen zetwal ki genyen, menm jan sa prèske enposib pou moun ta konte ‘grenn sab ki nan lanmè’. (Jeremi 33:22, Bib la.) Sa fè nou konprann gen plis zetwal ki egziste pase sa moun ka wè ak je yo san yo pa itilize yon aparèy pou ede yo wè zetwal. Anfèt, si youn nan moun ki te ekri Bib la, pa egzanp Jeremi, te leve tèt li pou l gade syèl la e li te eseye konte zetwal li te wè yo, li t ap ka konte sèlman anviwon twa mil zetwal. Rezon an se paske se kantite sa a yon moun ka wè ak je l, nan yon syèl ki byen bèl, san l pa itilize yon aparèy. Nou ka konpare chif sa a ak kantite grenn sab ki genyen nan yon ponyen sab. Men, an reyalite, nou pa ka konte kantite zetwal ki genyen, menm jan nou pa ka konte kantite grenn sab ki nan lanmè *. Kiyès ki ta ka janm konte kantite sa a?

‘Li bay yo tout yon non.’

7. a) Anviwon konbyen zetwal ki genyen nan galaksi nou an, e ki sa nou ka di konsènan chif sa a? b) Lefètke li difisil pou astwonòm yo rive konnen kantite galaksi ki genyen, ki sa sa aprann nou, e ki sa sa aprann nou sou pisans Jewova genyen pou l kreye?

7 Men sa Bib la fè konnen: “Leve tèt nou gade syèl la. Ki moun ki kreye tout zetwal sa yo? Tankou nan yon lame, li bay yo chak plas yo. Li bay yo tout non, li konn non yo chak.” ​(Ezayi 40:26, Bib la). Men sa Sòm 147:4 di: ‘Li konte kantite zetwal yo!’ Ebyen, ki ‘kantite zetwal ki genyen’? Kesyon sa a pa piti. Astwonòm yo panse galaksi nou an yo rele Lavwa lakte a, poukont pa l, gen plis pase 100 milya zetwal ladan l *. Sepandan, galaksi nou an se youn pami yon pil ak yon pakèt galaksi ki egziste, e nan anpil nan galaksi sa yo kantite zetwal ki genyen yo depase lontan kantite zetwal ki nan galaksi nou an. Konbyen galaksi ki egziste? Selon sa kèk astwonòm fè konnen, yo panse gen plis pase 50 milya galaksi. Gen lòt ki panse gen anviwon 125 milya galaksi. Donk, lèzòm pa menm ka rive dakò sou kantite galaksi ki egziste, alewè pou yo ta rive konnen kantite zetwal antou ki nan galaksi sa yo. Epoutan, Jewova konnen kantite sa a. Anplis de sa, li bay chak zetwal sa yo non pa yo.

8. a) Bay yon egzanp pou montre gwosè galaksi nou an. b) Grasa ki sa Jewova sèvi pou l ranje fason zetwal yo ak galaksi yo ap bouje nan syèl la?

8 Nou vin gen plis lakrentif pou Bondye toujou lè n ap reflechi sou gwosè galaksi yo. Chak segonn, limyè a travèse yon distans 300 000 kilomèt. Kounye a, fè yon ti reflechi: ak menm vitès sa a yon reyon limyè t ap pran 100 000 ane pou l rive travèse galaksi nou an. Gen galaksi ki pi gwo lontan pase galaksi nou an. Labib fè konnen Jewova “louvri” kokennchenn syèl la tankou yon twal tant (Sòm 104:2, Bib la). Jewova ranje fason bagay sa yo ap bouje nan syèl la tou. Soti nan vyepti pousyè ki nan mitan zetwal yo rive nan pi gwo galaksi a, yo tout ap suiv lwa fizik Bondye mete yo (Jòb 38:31-33). Se sa k fè syantifik yo konpare mouvman egzak bagay sa yo ap fè yo ak yon bèl dans. Donk, èske sa pa fè w panse ak Moun ki kreye tout bagay sa yo? Èske sa pa pouse w gen lakrentif pou Bondye ki gen tout pisans sa a?

“Sila a ki fè tè a grasa pisans li”

9, 10. Ki jan pisans Jewova parèt aklè nan kote li chwazi pou l mete sistèm solè nou an, planèt Jipitè, tè a ak lalin nan?

9 Pisans Jewova genyen pou l kreye parèt aklè nan fason l te fè tè a. Nan kokennchenn linivè a, Jewova pa t chwazi nenpòt kote pou l te mete tè a. Gen kèk syantifik ki kwè lavi pa posib nan anpil galaksi, jan lavi posib sou planèt nou an. Sanble, anpil kote nan galaksi nou an pa t fèt pou gen lavi. Nan mitan galaksi nou an, gen yon pil ak yon pakèt zetwal. Nan zòn sa a, radyasyon an, ki se yon enèji k ap degaje, wo anpil e souvan gen anpil zetwal ki prèske frape youn ak lòt. E nan zòn ki toutotou galaksi nou an, pa gen sa ki nesesè pou gen lavi. Men, sistèm solè nou an byen plase parapò ak de zòn sa yo.

10 Gen yon kokenn planèt k ap pwoteje tè a. Planèt sa a se planèt Jipitè e li pa pre tè a. Li mil fwa pi gwo pase tè a e fòs gravitasyon l lan fò anpil. Ki konsekans sa genyen? Planèt sa a swa atire objè k ap vole nan lespas ak gwo vitès vin jwenn li swa li detounen yo. Syantifik yo fè konnen, si se pa t Jipitè, gwo gwo objè ki nan lespas yo t ap frape tè a 10 000 fwa pi plis pase jan sa fèt jodi a. Toupre tè a, gen yon bagay ki tankou yon satelit ki ede tè a anpil: se lalin nan. Anplis de bèl lalin nan bèl ak klere li klere lannuit, lalin nan pèmèt aks tè a rete panche, sa ki pèmèt toujou gen sezon nan lè pou gen sezon an. Sa se yon lòt bagay ki enpòtan anpil pou gen lavi sou tè a.

11. Poukisa nou ka di Bondye fè atmosfè tè a pou sèvi kòm yon boukliye pou pwoteje tè a?

11 Pisans Jewova parèt aklè nan fason li fè tè a, sa vle di nan chak ti detay ki gen rapò ak tè a. Ann egzamine bagay ki rele atmosfè ki sèvi kòm boukliye pou tè a. Gen reyon ki soti nan solèy la ki bon pou lavi sou tè a e gen reyon ki ka detwi lavi sou tè a. Lè reyon ki ka detwi lavi sou tè a frape kouch ki pi wo yo nan atmosfè tè a, li fè oksijèn tounen ozòn. E sa vin fè kouch ozòn ki fòme a pran pifò nan reyon sa yo. Anfèt, nou ka di Bondye fè planèt nou an ak yon kouvèti pou pwoteje tè a.

12. Ki jan fason Jewova fè pou toujou gen dlo sou tè a montre pisans li genyen pou l kreye?

12 Sa se jis youn nan aspè ki gen nan atmosfè nou an. Etandone gen plizyè gaz ki melanje ansanm nan atmosfè tè a, sa pèmèt gen lavi sou tè a. Melanj gaz sa yo vrèman estrawòdinè. Youn nan bagay estrawòdinè ki gen nan atmosfè a se fason Bondye fè pou toujou gen dlo sou tè a. Solèy la chofe dlo ki gen nan lanmè e li fè dlo lanmè monte sou fòm vapè nan atmosfè a. Chak ane, kantite dlo ki monte a plis pase 1 920 000 milya doum dlo. Dlo sa yo fòme nyaj e van ki nan atmosfè a pote nyaj sa yo ale byen lwen. Dlo sa yo, ki vin filtre e ki vin pwòp, tonbe sou fòm lapli, nèj ak glas, sa k pèmèt toujou gen dlo sou tè a. Se konsa sa fèt, jan Eklezyas 1:7 (Bib la) fè konn sa: ‘Tout dlo larivyè desann nan lanmè, men lanmè pa janm plen. Dlo a tounen kote l te soti a. Konsa, larivyè a pa janm sispann koule.’ Se Jewova sèlman ki te ka mete yon bagay konsa sou pye.

13. Kòman plant yo ak anba tè a montre aklè Kreyatè nou an pisan?

13 Tout sa nou wè ki vivan montre aklè pisans Kreyatè nou an genyen. Lè nou egzamine sa Jewova kreye yo, soti nan kokennchenn pyebwa ki rele Sekoya a, yon pyebwa ki pi wo pase yon kay ki gen 30 etaj, pou rive nan pakèt plant ki toupiti ki nan lanmè e ki ban nou oksijèn pou nou respire, nou ka wè aklè ki kalite pisans Jewova genyen. Anba tè a chaje ak òganis vivan, ak ti bèt toupiti k ap travay ansanm pou fè plant yo pouse. Se sa k fè Bib la fè konnen anba tè a gen yon fòs ladan l. — Jenèz 4:12.

14. Malgre atòm nan piti anpil, ki pisans li gen anndan l?

14 Pa gen manti nan sa, Jewova “fè tè a grasa pisans li”. (Jeremi 10:12.) Pisans Bondye parèt aklè menm nan bagay ki pi piti ki nan kreyasyon l lan. Yon atòm se youn nan bagay ki toupiti ki genyen nan kreyasyon an. Si yo ta mete yon milyon atòm ansanm, youn bò kote lòt, atòm sa yo pa t ap rive gwosè yon branch cheve. Poutan, sa k nan mitan atòm nan tèlman gen pisans, yo te sèvi avè l kòm baz pou yo rive fè gwo eksplozyon.

“Se pou tout sa ki gen souf fè lwanj pou Jewova!”

15. Ki leson Jewova te aprann Jòb lè l t ap pale l de kèk bèt sovaj?

15 Yon lòt bagay ankò ki montre pisans Jewova genyen pou l kreye, se plizyè kalite bèt ki sou tè a. Sòm 148 lan fè nou konnen anpil nan bagay Jewova kreye yo ki ba l louwanj, e pami bagay sa yo vèsè 10 la pale de “tout bèt nan bwa ak tout bèt domestik” yo. Pou Jewova te montre Jòb rezon ki fè lèzòm dwe gen lakrentif pou Kreyatè a, Jewova te pale l de kèk bèt, tankou zèb, lyon, towo bèf sovaj, Beyemòt (oswa, ipopotam) ansanm ak Levyatan (sanble se kwokodil). Ki sa Jewova te vle montre? Si lèzòm rete bouch ouvè devan gwo bèt sa yo, ki pisan e moun pa ka rive donte, nou pa bezwen mande kòman yo ta dwe santi yo devan Moun ki kreye bèt sa yo! — Jòb, chapit 38-41.

16. Ki sa w twouve ki enteresan nan kèk zwazo Jewova kreye yo?

16 Nan Sòm 148:10, yo pale konsènan “zwazo ki gen zèl” tou. Fè yon ti reflechi sou tout kalite zwazo ki genyen. Jewova te pale Jòb de zwazo ki rele otrich la. Men sa Jewova te di l sou bèt sa a: “Nanpwen kavalye sou chwal ki ka pran devan l.” Anfèt, zwazo sa a mezire 2 mèt edmi wotè. Se vre, li pa ka vole, men, li ka kouri 65 kilomèt alè e chak pa l fè pèmèt li travèse yon distans 4 mèt edmi (Jòb 39:13, 18, Bib la). Yon lòt bò, zwazo yo rele albatwòs la pase pifò vi l ap vole sou lanmè. Zwazo sa a fò nan vole e, lè l ouvri zèl li yo, yo mezire 3 mèt longè konsa. Lè zwazo sa a ap vole nan syèl la, li ka fè plizyè èdtan ak zèl li ouvri san l pa bezwen bat yo. Gen yon lòt zwazo ki diferan nèt ak zwazo nou pale deja yo. Zwazo sa a se yon kalite wanganègès ki rele “calypte d’Hélène”. Li mezire 5 santimèt longè e li se pi piti zwazo ki egziste sou tè a. Li ka bat zèl li jiska 80 fwa chak segonn. Wanganègès yo gen plim yo k ap briye tankou ti bijou. Lè y ap vole, yo ka ret anplas menm jan ak yon elikoptè, e yo ka menm fè bak pandan y ap vole.

17. Ki gwosè balèn ble a, e ki pawòl kè nou pouse nou di lè nou fin reflechi sou bèt Jewova kreye yo?

17 Nan Sòm 148:7, yo fè nou konnen menm “gwo bèt lanmè” bay Jewova louwanj. Ann fè yon ti pale sou bèt moun kwè ki pi gwo bèt ki gen sou planèt nou an, anpalan de balèn ble a. “Gwo bèt” sa a, ki viv anba lanmè, ka mezire jiska 30 mèt longè oswa plis. Li ka peze menm pwa ak 30 elefan. Lang li sèlman peze menm pwa ak yon elefan. Kè balèn ble a menm gwosè ak yon ti machin. Gwo kè bèt sa a bat 9 fwa sèlman chak minit, tandiske kè wanganègès la ka bat anviwon 1 200 fwa chak minit. Gen omwen youn nan venn nan kò balèn ble a ki tèlman laj, yon timoun piti ta ka antre ladan l. Se sèten, kè nou pouse nou di pawòl nou jwenn nan fen liv Sòm nan ki di: ‘Se pou tout sa ki gen souf fè lwanj pou Jewova!’ — Sòm 150:6.

Sa nou aprann nan pisans Jewova genyen pou l kreye

18, 19. Ki kantite bagay vivan Jewova kreye sou tè a e ki sa sa li kreye yo aprann nou sou dwa li genyen pou l dirije a?

18 Ki sa nou aprann nan pisans Jewova genyen pou l kreye? Nou pa ka pa ret bouch ouvè devan tout kalite bagay ki gen nan kreyasyon an. Men sa yon salmis te di: “Ou fè anpil bagay, o Jewova! [...] Tè a chaje ak sa w pwodui.” ​(Sòm 104:24). Pawòl sa yo se verite! Gen byolojis (moun ki fè etid sou tout sa ki vivan) ki idantifye plis pase yon milyon espès k ap viv sou tè a. Genyen ki panse ka gen jiska 10 milyon espès, gen lòt ki panse ka gen jiska 30 milyon, e gen lòt ankò ki panse ka gen plis toujou. Pafwa, yon atis konn manke enspirasyon. Men, sa pa janm rive Jewova. Sa parèt aklè, kapasite Jewova genyen pou l imajine plizyè bagay e pou l fè yo vin egziste grasa pisans li pap janm fini.

19 Fason Jewova sèvi ak pisans li pou l kreye aprann nou anpil bagay sou dwa li genyen pou l dirije. Tit “Kreyatè” a montre Jewova diferan nèt parapò ak tout sa ki egziste nan linivè paske tout sa ki egziste se “kreyasyon” Bondye. Bib la pa janm rele sèl Pitit Bondye fè a Kreyatè oswa Moun ki t ap kreye ak Bondye, byenke Pitit sa a te ‘bò kote Bondye e li t ap travay avè l’ pandan Bondye t ap kreye (Pwovèb 8:30; Matye 19:4). Olye de sa, Labib pale de Pitit sa a antanke Moun ki “fèt an premye nan tout kreyasyon an”. (Kolosyen 1:15.) Etandone Jewova se Kreyatè a, sa fè l gen bonjan dwa pou l demontre pisans li antanke souvren sou tout linivè. — Women 1:20; Revelasyon 4:11.

20. Nan ki sans Jewova pran repo lè l te fini ak travay kreyasyon li t ap fè sou tè a?

20 Èske Jewova sispann itilize pisans li pou l kreye? Bon, Labib fè nou konnen, lè Jewova te fini ak travay kreyasyon an nan sizyèm jou a, “li te kòmanse pran repo setyèm jou a nan tout travay li t ap fè a”. (Jenèz 2:2.) Apot Pòl te fè konprann setyèm “jou” sa a t ap dire plizyè milye ane. Setyèm jou sa a t ap kontinye nan epòk li a (Ebre 4:3-6). Men, èske mo “repo” a vle di Jewova te sispann nèt ak tout travay li t ap fè? Non, Jewova pa janm sispann travay (Sòm 92:4; Jan 5:17). Donk, repo li pran an vle di li te kanpe sou travay kreyasyon li t ap fè sou tè a. Sepandan, travay Jewova ap fè pou l akonpli objektif li pa janm kanpe. Travay sa a gen ladan l: enspire li te enspire sèvitè l yo pou yo ekri Bib la. Travay sa a menm gen rapò ak “yon nouvo kreyati” nou gen pou n egzamine nan chapit 19 la. — 2 Korentyen 5:17.

21. Ki efè pisans Jewova genyen pou l kreye a pral gen sou sèvitè fidèl li yo pandan tout letènite?

21 Lè jou repo Jewova a resi fini, l ap ka fè konnen tout sa li fè sou tè a “bon nèt”, menm jan l te di sa lè sis jou kreyasyon an te fini (Jenèz 1:31). Nou pa konnen fason Jewova pral itilize pisans san limit li genyen pou l kreye. Kèlkeswa sa l deside, nou ka sèten n ap toujou ret bouch ouvè devan fason Jewova itilize pisans li pou l kreye. Pandan tout letènite, nou pral aprann plis bagay sou Jewova grasa kreyasyon an (Eklezyas 3:11). Tank n ap aprann plis bagay sou Jewova, se tank n ap vin gen bonjan lakrentif pou li, sa vle di n ap vin pwoche pi pre Gran Kreyatè nou an.

^ § 2 Pou nou ka eseye konprann sa gwo distans sa a vle di, fè yon ti reflechi sou sa: Menmsi yon moun t ap kouri machin nan yon vitès 160 kilomèt alè san rete, lajounen kou lannuit, li t ap pran plis pase santan pou l rive fè distans sa a.

^ § 6 Gen moun ki panse, nan tan biblik yo, moun yo dwe te konn itilize yon fòm teleskòp (aparèy pou ede moun wè zetwal). Pou yo menm, si moun nan tan lontan yo pa t genyen l, kòman yo te fè konnen kantite zetwal ki genyen yo anpil e li prèske enposib pou moun konte yo? Rezònman sa a pa chita sou anyen e sa montre yo pa rekonèt Jewova ditou, li menm ki se Mèt Bib la. — 2 Timote 3:16.

^ § 7 Imajine konbyen tan sa t ap pran w pou w konte 100 milya zetwal. Si w t ap konte yon zetwal chak segonn e w t ap fè sa san kanpe, lajounen kou lannuit, sa t ap pran w 3 171 ane pou w fin konte yo.