Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 7

Pisans pou l pwoteje: Li se “tout pwoteksyon nou”

Pisans pou l pwoteje: Li se “tout pwoteksyon nou”

1, 2. Yon ti tan apre Izrayelit yo te fin travèse lanmè Wouj la, ak ki danje yo te vin fè fas, e kòman Jewova te ankouraje yo?

YON ti tan apre Izrayelit yo te fin travèse lanmè Wouj la pou yo chape anba men Ejipsyen yo, yo te fè fas ak gwo danje pandan yo t ap antre nan zòn Sinayi a. Yo te gen pou yo fè yon vwayaj ki pa t fasil. Yo te gen pou yo vwayaje nan “gwo dezè ki bay kè kase a, ki gen sèpan ki gen pwazon nan bouch yo ak eskòpyon”. (Detewonòm 8:15.) Anplis de sa, yo te ka fè fas ak nasyon ènmi ki ta ka vin atake yo. Se Jewova ki te vin lakòz yo nan sitiyasyon sa a. Antanke Bondye yo, èske l t ap ka rive pwoteje yo?

2 Men sa Jewova te di yo pou ankouraje yo: “Nou te wè sa m te fè Ejipsyen yo yon fason pou m te ka pote nou sou zèl mwen tankou èg e pou m mennen nou vin jwenn mwen.” ​(Egzòd 19:4). Jewova te fè pèp li a sonje li te delivre yo anba men Ejipsyen yo. Nan yon sans, tankou yon èg, li te pote yo ale yon kote yo ka jwenn sekirite. Men, gen lòt rezon ki fè egzanp ‘èg k ap pote pitit li sou zèl li’ se yon egzanp ki byen montre jan Bondye pwoteje sèvitè l yo.

3. Poukisa egzanp ‘èg k ap pote pitit li sou zèl li’ a se yon egzanp ki byen montre jan Bondye pwoteje sèvitè l yo?

3 Èg sèvi ak gwo zèl li yo ki pisan pou l vole, men tou, li fè lòt bagay avèk yo. Lè l fè cho, nan mitan jounen an, femèl èg la ouvri de zèl li yo, ki ka mezire jiska de mèt, pou l pwoteje tipitit li yo ki frajil kont gwo solèy cho. Lè l fè frèt e van ap vante, femèl èg la vlope tipitit li yo ak zèl li pou l pwoteje yo kont van frèt. Menm jan yon èg pwoteje tipitit li, se konsa Jewova te pwoteje nasyon Izrayèl la ki pa t gen lontan depi l te pran nesans e li te yon boukliye pou yo. Toutotan pèp la te rete fidèl nan dezè a, yo t ap toujou ka al anba zèl pisan Jewova yo pou yo jwenn pwoteksyon (Detewonòm 32:9-11; Sòm 36:7). Men, èske jodi a nou gen bonjan rezon pou nou espere jwenn pwoteksyon nan men Bondye?

Bondye pwomèt l ap pwoteje sèvitè l yo

4, 5. Poukisa nou ka gen yon konfyans total nan pwomès Jewova fè nou pou l pwoteje nou?

4 Se sèten, Jewova kapab pwoteje sèvitè l yo. Li se “Bondye Toupisan an”. Tit sa a Bondye genyen an montre pyès moun pa ka reziste devan l (Jenèz 17:1). Menm jan pa gen anyen ki ka bloke gwo gwo lanm lanmè k ap deplase ak tout boulin sou lanmè, pa gen anyen ki ka bloke Jewova lè l ap sèvi ak pisans li. Piske Jewova ka reyalize nenpòt sa l vle, nou ka ap mande: ‘Èske Jewova vle itilize pisans li pou l pwoteje sèvitè l yo?’

5 Repons lan se wi. Jewova ban nou asirans l ap pwoteje sèvitè l yo. Men sa Sòm 46:1 fè konnen: “Bondye se yon refij ak yon fòs pou nou, yon èd ki fasil pou jwenn nan moman detrès.” Piske Bondye “pa ka bay manti”, nou ka gen yon konfyans total nan pwomès li fè nou pou l pwoteje nou (Tit 1:2). Ann fè yon ti reflechi sou kèk bèl pawòl Jewova di pou l montre jan li anvi pwoteje sèvitè l yo.

6, 7. a) Nan epòk biblik yo, ki sa bèje yo te konn fè pou pwoteje mouton yo? b) Ki konparezon nou jwenn nan Bib la ki montre jan Jewova gen gwo anvi pou l pwoteje timouton l yo?

6 Jewova se yon Bèje, “nou se pèp li e nou se mouton nan patiraj li”. (Sòm 23:1; 100:3.) Pami tout bèt Bondye kreye yo, mouton se youn nan bèt ki bezwen plis pwoteksyon. Nan epòk biblik yo, bèje yo te bezwen mete kouraj sou yo pou yo pwoteje mouton yo kont lyon, kont chen sovaj, kont lous e kont vòlè (1 Samyèl 17:34, 35; Jan 10:12, 13). Men gendelè tou, pou bèje yo te pwoteje twoupo a e pou yo te pran swen l, sa te mande tandrès. Lè yon femèl mouton t ap met ba yon kote ki lwen pak la, bèje a te konn ap veye sou li nan moman difisil sa yo. Annapre, li pran timouton ki fèk fèt la, ki san defans, e li mennen l nan pak la.

“L ap pote yo sou lestomak li.”

7 Lefètke Jewova konpare tèt li ak yon bèje, li ban nou asirans li gen gwo anvi pou l pwoteje nou (Ezekyèl 34:11-16). Sonje sa Bib la di konsènan Jewova nan Izayi 40:11, yon vèsè nou te egzamine nan chapit 2 liv sa a. Men sa vèsè sa a di: “Tankou yon bèje, l ap pran swen twoupo pa l la. Ak bra pa l l ap sanble ti mouton yo e l ap pote yo sou lestomak li.” Men, ki jan yon ti mouton t ap fè rive sou lestomak bèje a, anpalan de twal bèje a te konn mete pa anlè rad li? Ti mouton an te pwoche bò kot bèje a, li te ka menm pase tèt li dousman sou janm bèje a pou l atire atansyon bèje a sou li. Men, se bèje a ki te dwe bese epi pran ti mouton an pou l mete l sou lestomak li. Èske konparezon touchan sa a pa montre jan Gran Bèje nou an dispoze pwoteje nou epi tounen yon boukliye pou nou?

8. a) Kiyès Bondye pwomèt l ap pwoteje, e kòman Pwovèb 18:10 montre sa? b) Ki sa sa mande pou nou fè pou nou ka pran refij nan non Jewova?

8 Men, gen yon kondisyon pou Bondye pwoteje nou: l ap pwoteje nou sèlman si nou pwoche bò kote l. Men sa Pwovèb 18:10 fè konnen: “Non Jewova se yon fòtrès solid. Moun ki jis la kouri antre anndan l, e li jwenn pwoteksyon.” Nan tan biblik yo, pafwa yo te konn bati fòtrès nan dezè pou sèvi kòm kote pou moun pran refij. Men, pou yon moun ki te an danje nan dezè a te ka jwenn sekirite, li te dwe kouri al anndan fòtrès la. Se menm bagay la tou lè nou pran refij nan non Jewova. Pou nou jwenn pwoteksyon, nou pa dwe annik repete non Jewova paske nou kwè non sa a gen yon pouvwa majik. Men, nou dwe konnen Moun ki pote non sa a, nou dwe mete konfyans nou nan li e nou dwe viv ann amoni ak prensip li yo ki jis. Èske Jewova pa demontre bonte anvè nou lefètke l ap tounen yon fòtrès pou nou si nou pwoche bò kote l ak lafwa?

“Bondye nou an [...] kapab delivre nou”

9. Nan ki sans Jewova pa annik pwomèt l ap pwoteje nou?

9 Jewova pa annik pwomèt nou l ap pwoteje nou. Nan tan biblik yo, li te fè yon pakèt mirak ki montre li kapab pwoteje pèp li a. Nan istwa Izrayelit yo, souvan Jewova te itilize “men” pisan li pou l pwoteje pèp li a kont nasyon ènmi yo ki te pisan anpil (Egzòd 7:4). Anplis de sa, Jewova te sèvi ak pisans li genyen pou l pwoteje a pou l ede plizyè moun.

10, 11. Etandone Jewova itilize pisans li genyen pou l pwoteje a, ki egzanp ki montre li itilize pisans sa a pou l ede moun?

10 Lè twa jèn Ebre yo, anpalan de Chadrak, Mechak ak Abednego, te refize met ajenou devan estati annò wa Neboukadnetsa te bay lòd fè a, wa a ki te vin fache anpil te menase pou l fè lage yo nan yon founèz dife ki byen cho. Men sa Neboukadnetsa, wa ki te pi pisan sou tè a nan epòk la, te di yo avèk anpil awogans: “Ki dye ki ka delivre nou anba men m?” ​(Dànyèl 3:15). Twa jèn Ebre sa yo te gen yon konfyans total nan pisans Bondye yo a genyen pou l pwoteje yo, men yo pa t met nan tèt yo se sa Bondye t apral fè. Se sa k fè yo te reponn wa a: “Si sa dwe fèt, Bondye nou an n ap sèvi a kapab delivre nou.” ​(Dànyèl 3:17). Anfèt, menm lè yo te chofe fou sa a sèt fwa plis pase jan yo te konn fè l la, li pa t difisil pou Bondye ki gen tout pouvwa a pwoteje yo. E li te pwoteje yo vre! Men sa wa a te oblije rekonèt: “Pa gen lòt dye ki egziste ki kapab delivre menm jan avè l.” — Dànyèl 3:29.

11 Anplis de sa, Jewova te demontre pisans li genyen pou l pwoteje a yon fason ki vrèman estrawòdinè lè l te pran lavi sèl Pitit li fè a mete nan vant yon fi juif ki te vyèj ki te rele Mari. Gen yon zanj ki te di Mari li t ap ‘vin ansent e li t ap fè yon pitit gason’. Men sa zanj lan te di l ankò: “Lespri sen ap vin sou ou, e pisans Trèwo a ap kouvri w.” ​(Lik 1:31, 35). Sanble, se premye fwa Pitit Bondye a te parèt san defans konsa. Èske manman ki t ap pote tibebe sa a nan vant li a t ap ba l peche ak enpèfeksyon l yo? Èske Satan t ap rive fè pitit sa a mal oswa touye l anvan l fèt? Jamè! Annefè, Jewova te mete yon pwoteksyon toutotou Mari, yon fason pou anyen, kit se te enpèfeksyon, kit se te fòs k ap fè moun mal, kit se te moun ki dèyè touye tibebe a, kit se te demon, pa t rive atake tibebe ki t ap fòme nan vant Mari a. Jewova te kontinye pwoteje Jezi pandan l jèn (Matye 2:1-15). Pèsonn pa t ka rive touye Pitit Gason Bondye a toutotan lè Bondye te fikse pou sa potko rive.

12. Nan tan biblik yo, poukisa Jewova te konn fè mirak pou l pwoteje kèk moun?

12 Poukisa Jewova konn fè mirak pou l pwoteje kèk moun? Souvan, Jewova te konn fè mirak pou l pwoteje kèk moun paske l te vle pwoteje yon bagay ki pi enpòtan, anpalan de reyalizasyon objektif li. Pa egzanp, pwoteksyon Bondye te bay Jezi lè Jezi te timoun te yon bagay ki enpòtan anpil pou objektif Bondye te reyalize, sa ki t ap pèmèt lèzòm jwenn anpil byenfè. Plizyè istwa nou jwenn nan Bib la ki pale de pisans Bondye genyen pou l pwoteje a fè pati bagay “yo te ekri pou enstriksyon nou yo, yon fason pou nou ka gen esperans grasa andirans nou e grasa konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo”. (Women 15:4.) Anfèt, egzanp sa yo fè lafwa nou gen nan Bondye ki gen tout pouvwa a vin pi solid. Men jodi a, ki pwoteksyon nou ka atann n ap jwenn nan men Bondye?

Ki sa pwomès Bondye fè pou l pwoteje nou an pa vle di?

13. Èske Jewova oblije fè mirak pou l pwoteje nou? Esplike.

13 Èske pwomès Bondye fè pou l pwoteje nou an vle di li oblije fè mirak pou l ede nou? Non. Bondye nou an pa janm fè nou konnen nou pap jwenn okenn pwoblèm nan sistèm sa a. Anpil nan sèvitè fidèl Jewova yo ap fè fas ak gwo pwoblèm, tankou move sitiyasyon ekonomik, lagè, maladi ak lanmò. Jezi te fè disip li yo konnen aklè yo te ka touye yo pou lafwa yo. Se poutèt sa Jezi te montre yo jan li enpòtan pou yo andire nan tan lafen an (Matye 24:9, 13). Si Jewova te toujou itilize pisans li pou l fè mirak pou l delivre sèvitè l yo, sa te ka bay Satan rezon pou l pwovoke Jewova e pou l mete vrè rezon ki fè n ap sèvi Bondye a an dout. — Jòb 1:9, 10.

14. Ki egzanp ki montre Jewova pa toujou pwoteje tout sèvitè l yo menm jan an?

14 Menm nan tan biblik yo, Jewova pa t konn itilize pisans li genyen pou l pwoteje a pou l anpeche yo touye sèvitè l yo. Pa egzanp, Ewòd te fè touye apot Jak ozanviwon ane 44 epòk nou an, tandiske, yon tikras tan apre sa, Bondye te delivre Pyè “anba men Ewòd”. (Travay 12:1-11.) Apot Jan li menm, ki te frè Jak, te vivan toujou lè ni Pyè ni Jak te mouri. Sa klè, nou pa ka atann pou Bondye pwoteje tout sèvitè l yo menm jan an. Anplis de sa, ‘evènman moun pa prevwa rive nou tout nan moman moun pa t atann’. (Eklezyas 9:11.) Donk, ki jan Jewova pwoteje nou jounen jodi a?

Jewova ban nou pwoteksyon fizik

15, 16. a) Ki sa k montre aklè Jewova ap pwoteje sèvitè l yo fizikman antanke gwoup? b) Poukisa nou gen konfyans Jewova ap pwoteje sèvitè l yo jodi a e li pral fè sa pandan “gwo tribilasyon an”?

15 Premyèman, ann egzamine jan Jewova pwoteje nou fizikman. Antanke sèvitè Jewova, nou kapab atann pou nou jwenn pwoteksyon nan men Bondye antanke gwoup. San pwoteksyon Bondye, li t ap fasil pou Satan elimine nou. Fè yon ti reflechi sou sa: Pa gen anyen Satan, “chèf monn nan”, ta pi renmen pase elimine vrè adorasyon an (Jan 12:31; Revelasyon 12:17). Gen kèk nan gouvènman ki pi pisan sou tè a ki te entèdi travay predikasyon nou an e ki te eseye elimine nou nèt. Sepandan, pèp Jewova a te rete djanm e yo pa t sispann preche. Ki sa k te fè nasyon sa yo, ki pisan, pa t ka rive kanpe travay yon ti gwoup kretyen ki te parèt san defans t ap fè? Rezon an se paske nou te jwenn pwoteksyon anba zèl pisan Jewova yo! — Sòm 17:7, 8.

16 E ki sa n ka di konsènan pwoteksyon Jewova pral ban nou nan “gwo tribilasyon” ki gen pou vini an? Nou pa gen rezon pou nou pè fason Bondye pral fè jijman l lan. Anfèt, “Jewova konnen ki jan pou l delivre moun ki gen atachman pou li yo anba eprèv, men, li konnen ki jan pou l rezève moun ki enjis yo pou jou jijman an pou l detwi yo”. (Revelasyon 7:14; 2 Pyè 2:9.) Annatandan sa rive, gen de bagay nou ka toujou gen konfyans Jewova ap fè. Premyèman, Jewova pap janm kite yo elimine sèvitè fidèl li yo sou tè a. Dezyèmman, li pral bay moun ki rete fidèl yo lavi ki pap janm fini an nan monn nouvo ki jis li a, e si sa nesesè, li ka menm resisite moun ki mouri fidèl yo pou l ba yo lavi sa a. Se sèten, moun ki mouri yo ki nan memwa Bondye ap ka jwenn lavi ankò. — Jan 5:28, 29.

17. Kòman Jewova pwoteje nou pa mwayen Pawòl li a?

17 Menm jounen jodi a, Jewova pwoteje nou pa mwayen Pawòl li a ki vivan. Pawòl sa a gen pouvwa pou l konsole nou e pou l chanje lavi nou (Ebre 4:12). Lè nou suiv prensip ki nan Bib la, nou ka jwenn pwoteksyon fizik nan kèk domèn. Men sa Izayi 48:17 fè konnen: “Mwen menm Jewova, mwen [...] anseye w pou byen w.” Pa gen manti nan sa, lefètke n ap viv ann amoni ak sa Pawòl Bondye a di nou, sa amelyore sante nou e sa fè nou viv pi lontan. Pa egzanp, etandone nou suiv konsèy ki nan Bib la ki mande pou nou pa fè fònikasyon e pou nou pirifye tèt nou anba tout sa ki sal kò a, sa fè nou pa tonbe nan pratik ki pa pwòp e sa fè nou evite yon seri abitid ki lakòz anpil moun, ki pa gen respè pou Bondye, soufri (Travay 15:29; 2 Korentyen 7:1). Ala rekonesan nou rekonesan pou pwoteksyon sa a Pawòl Bondye a ban nou!

Jewova pwoteje nou nan domèn espirityèl

18. Ki pwoteksyon Jewova ban nou nan domèn espirityèl?

18 Sa k pi enpòtan an, sèke Jewova pwoteje nou nan domèn espirityèl. Etandone Bondye ki plen lanmou an ban nou sa nou bezwen pou nou andire anba eprèv e pou nou kontinye gen bon relasyon avè l, sa montre li pwoteje nou nan domèn espirityèl. Konsa, Jewova ede nou prezève lavi nou pou nou ka viv, pa sèlman pou yon ti bout tan, men pou toutan. Ann fè yon ti reflechi sou kèk dispozisyon Bondye pran pou l pwoteje nou nan domèn espirityèl.

19. Kòman lespri sen Jewova kapab fè nou rete tennfas devan kèlkeswa eprèv nou ka rankontre?

19 Jewova se ‘Moun ki konn tande priyè a’. (Sòm 65:2.) Lè n santi presyon lavi a soti pou pote nou ale, nou kapab jwenn bonjan soulajman lè nou vide kè nou ba li nan lapriyè (Filipyen 4:6, 7). Byenke Bondye pa fè mirak pou l retire pwoblèm nou yo, li ka ban nou sajès nou bezwen pou nou fè fas ak pwoblèm sa yo, jan nou mande l sa nan priyè nou fè yo ak tout kè nou (Jak 1:5, 6). Anplis de sa, Jewova bay moun lespri sen lè yo mande l li (Lik 11:13). Fòs pisan sa a kapab fè nou rete tennfas devan kèlkeswa eprèv nou ka rankontre. Li ka ban nou “pisans ki depase yon pisans nòmal” pou ede nou andire jiskaske Jewova retire tout pwoblèm k ap fè nou soufri yo. E Jewova pral fè sa nan monn nouvo a ki toupre rive. — 2 Korentyen 4:7.

20. Ki jan Jewova demontre pisans li genyen pou l pwoteje a pa mwayen sèvitè parèy nou yo?

20 Pafwa, Jewova demontre pisans li genyen pou l pwoteje pa mwayen sèvitè parèy nou yo. Jewova atire moun ki pran pozisyon pou li yo pou yo vin fè pati yon fanmi ki gen “tout frè nou yo” sou tè a (1 Pyè 2:17; Jan 6:44). Lanmou moun nan fanmi sa a demontre youn pou lòt ban nou bonjan prèv ki montre jan lespri sen Bondye gen pouvwa pou l pouse yo fè sa ki byen. Grasa lespri sen Jewova, nou pwodui fwi lespri a, sa vle di yon seri bèl kalite ki gen ladan l lanmou, byenveyans ak bonte (Galat 5:22, 23). Donk, lè nou nan pwoblèm e gen yon kretyen parèy nou ki santi l pouse pou l ban nou konsèy oswa pou l di nou bon ti pawòl pou ankouraje nou nan moman nou te bezwen sa, nou ka di Jewova mèsi pou fason sa yo ki demontre l ap pran swen nou.

21. a) Pa mwayen “esklav fidèl ki prevwayan an”, ki manje espirityèl nan bon moman Jewova ban nou? b) Ki byenfè w jwenn nan dispozisyon Jewova pran pou l pwoteje nou nan domèn espirityèl?

21 Jewova ban nou yon lòt bagay ankò pou l pwoteje nou: se manje espirityèl nou jwenn nan bon moman an. Pou Jewova ede nou jwenn fòs ki soti nan Pawòl li a, li bay “esklav fidèl ki prevwayan an” responsablite pou l ban nou manje espirityèl. Esklav fidèl sa a itilize piblikasyon ki enprime, sa gen ladan l peryodik Toudegad ak Réveillez-vous!, san konte reyinyon yo, asanble yo ak kongrè yo, pou l ban nou “manje nan bon moman”, sa vle di manje nou bezwen nan lè nou bezwen l lan (Matye 24:45). Èske sa pa deja rive w ou tande yon bagay yo te di nan yon reyinyon, tankou yon kòmantè yon moun fè, yon bagay yo te di nan diskou oubyen nan yon priyè, ki te fè w jwenn fòs ak ankourajman w te bezwen an? Èske sa deja rive w ou li yon atik yo te pibliye nan youn nan peryodik yo ki te gen efè sou lavi w? Pa bliye, Jewova pran tout dispozisyon sa yo pou l pwoteje nou nan domèn espirityèl.

22. Ki jan Jewova toujou itilize pisans li, e poukisa se pou byen nou lè l aji konsa?

22 Se sèten, Jewova pwoteje ‘tout moun ki chèche pwoteksyon anba zèl li’. (Sòm 18:30.) Jodi a, Jewova pa itilize pisans li pou l pwoteje nou kont tout malè ki kapab frape nou. Sepandan, li toujou itilize pisans li genyen pou l pwoteje pou l reyalize objektif li. Alalong, se pou byen pèp li a li aji konsa. Si nou pwoche bò kote Jewova e si nou rete nan lanmou li, l ap ban nou yon lavi pafè pou toutan. Grasa esperans sa a, nou kapab konsidere tout soufrans nou jwenn nan sistèm sa a kòm yon bagay ki la ‘pou yon ti tan e ki lejè’. — 2 Korentyen 4:17.