Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 8

Pisans pou l fè bagay yo tounen jan yo te ye anvan an: Jewova “ap fè tout bagay vin tounèf”

Pisans pou l fè bagay yo tounen jan yo te ye anvan an: Jewova “ap fè tout bagay vin tounèf”

1, 2. Ki bagay moun ka pèdi nenpòt lè jodi a, e ki efè sa gen sou nou?

YON timoun tonbe kriye akoz li pèdi yon jwèt li renmen anpil oswa akoz li kraze yon jwèt li renmen anpil. Sa fè w mal pou w tande jan l ap kriye. Men, èske w janm wè jan yon timoun kontan lè papa l oswa manman l jwenn jwèt ki te pèdi a oswa repare jwèt ki te kraze a? Pou paran an, jwenn jwèt la oubyen repare l pa t yon bagay ki difisil. Men, se pa ti kontan timoun nan kontan pou sa paran l fè a. Se vre, pou timoun nan, jwèt sa a te sanble pèdi nèt, men paran l te rive jwenn jwèt la ankò oswa li te rive repare l.

2 Jewova, pi bon Papa nou ka genyen an, gen pouvwa pou l repare sa pitit li yo sou tè a panse yo pèdi nèt. Byennantandi, nou pap pale de jwèt timoun. Nan ‘tan sa yo ki di e ki difisil pou moun sipòte’, bagay nou pèdi yo gen plis enpòtans lontan pase yon jwèt (2 Timote 3:1-5). Anpil nan bagay moun konsidere kòm bagay ki enpòtan, tankou kay, byen materyèl, travay e menm sante, se bagay yo ka pèdi nenpòt lè. Anplis de sa, nou ka santi nou dekouraje lè nou wè jan y ap detwi anviwònman an, sa ki fè yon seri bèt ak yon seri plant vin pa egziste ankò. Sepandan, pa gen anyen ki ka pi difisil pou nou pase lè lanmò pase pran yon moun nou renmen. Nan moman sa yo, nou ka santi nou dekouraje anpil e nou sanzespwa. — 2 Samyèl 18:33.

3. Selon Travay 3:21, ki bagay Jewova pral fè alavni k ap rekonfòte nou, e pa mwayen ki sa Jewova pral fè sa?

3 Se pa ti rekonfòte nou santi nou rekonfòte lè nou konnen Jewova gen pouvwa pou l fè bagay yo tounen jan yo te ye anvan an! Jan nou pral wè sa, gen bagay ki vrèman estrawòdinè Bondye pral fè pitit li yo ki sou tè a jwenn ankò. Annefè, Labib montre Jewova gen objektif pou l fè “tout bagay [...] tounen jan yo te ye anvan an”. (Travay 3:21.) Jewova ap fè sa pa mwayen Wayòm Mesi a. Se Jezi Kris, Pitit Gason l lan, k ap dirije Wayòm sa a, e gen prèv ki montre li kòmanse dirije Wayòm nan nan syèl la depi 1914 * (Matye 24:3-14). Ki sa Bondye pral fè nou rejwenn? Ann egzamine kèk gwo aksyon Jewova pral fè pou l fè bagay yo tounen jan yo te ye anvan an. Gen youn nan aksyon sa yo nou ka deja wè e nou ka deja viv, e gen lòt aksyon Jewova pral fè sou tout kò tè a alavni.

Vrè adorasyon an parèt ankò

4, 5. Ki sa k te rive pèp Bondye a nan ane 607 anvan epòk nou an, e ki espwa Jewova te ba yo?

4 Yon bagay Jewova deja fè vin jan l te ye anvan an se vrè adorasyon an. Pou n konprann sa sa vle di, ann fè yon ti pale sou istwa wayòm Jida a. Konsa, n ap vin byen konprann fason Jewova sèvi ak pouvwa li genyen pou l repare a. — Women 15:4.

5 Ann imajine jan Juif fidèl yo te santi yo nan ane 607 anvan epòk nou an lè Babilonyen yo te detwi Jerizalèm. Babilonyen yo te detwi vil Juif yo te renmen anpil la, e mi ki te antoure vil la te kraze. Sa k pi rèd la, bèl tanp Salomon te bati a, sèl kote sou tè a moun te ka vin adore Jewova, te kraze tou (Sòm 79:1). Yo te mennen moun ki te chape vivan anba destriksyon sa a ale ann egzil nan peyi Babilòn. Konsa, peyi a te vin tounen yon dezè kote bèt sovaj rete (Jeremi 9:11). Yon moun ki t ap gade te ka panse pa gen okenn espwa pou yo (Sòm 137:1). Men, Jewova, ki te predi destriksyon sa a depi byen lontan, te ba yo espwa bagay yo t ap tounen jan yo te ye anvan an.

6-8. a) Ki sijè pwofèt ebre yo te pale souvan nan liv biblik yo te ekri yo, e ki jan se sèlman yon pati nan pwofesi sa yo ki te reyalize? b) Nan epòk nou an, ki jan sèvitè Bondye yo te wè plizyè pwofesi sou bagay Bondye t ap fè tounen jan yo te ye anvan yo reyalize?

6 Anfèt, pwofèt ebre yo te pale souvan de sijè ki gen rapò ak pwomès Jewova te fè pou l fè bagay yo tounen jan yo te ye anvan an *. Pa mwayen pwofèt yo, Jewova te fè Izrayelit yo konnen peyi yo a pa t ap yon dezè ankò, peyi a t apral vin gen moun ki rete sou li ankò e tè a t apral pwodui anpil manje ankò. Anplis de sa, Jewova t ap anpeche bèt sovaj ak ènmi Izrayelit yo atake peyi a. Jewova te pale de peyi a tankou l te yon vrè paradi (Izayi 65:25; Ezekyèl 34:25; 36:35). Sa k pi enpòtan an, Bondye t apral fè vrè adorasyon an parèt ankò e Izrayelit yo t ap rebati tanp lan (Mika 4:1-5). Pwofesi sa yo te bay Juif ki te ann egzil yo espwa e yo te ede yo andire 70 ane yo te pase kòm esklav nan peyi Babilòn.

7 Finalman, moman pou bagay yo te tounen jan yo te ye anvan an te rive. Apre Jewova te libere Juif yo anba esklavaj nan peyi Babilòn, yo te retounen Jerizalèm e yo te rebati tanp Jewova a (Ezra 1:1, 2). Toutotan Juif yo te rete atache ak vrè adorasyon an, Jewova te beni yo e li te fè tè a bay anpil manje. Li te pwoteje yo kont ènmi e kont bèt sovaj ki te anvayi peyi a pandan plizyè dizèn ane. Se pa ti kontan yo dwe te kontan pou yo wè jan Jewova itilize pouvwa li genyen pou l fè bagay yo tounen jan yo te ye anvan an! Men, evènman sa yo te reprezante sèlman yon pati nan reyalizasyon pwofesi ki te pale sou bagay Bondye t ap fè tounen jan yo te ye anvan yo. Gen yon pi gwo akonplisman ki t ap gen pou rive “nan dènye pati jou yo”, sa vle di nan epòk pa nou an lè Eritye wa David la, yon eritye Bondye te pwomèt depi lontan, t ava kòmanse dirije. — Izayi 2:2-4; 9:6, 7.

8 Yon ti tan apre Jezi te kòmanse dirije nan Wayòm nan nan syèl la nan ane 1914, li te dirije atansyon l sou sèvitè fidèl Bondye yo sou tè a pou l te ka pran swen yo nan domèn espirityèl. Menm jan Siris, wa peyi Pès la ki t ap ranpòte laviktwa sou ènmi l yo, te libere Juif yo anba esklavaj nan peyi Babilòn nan ane 537 anvan epòk nou an, se konsa tou Jezi te libere rès Izrayèl espirityèl la, sa vle di disip li yo, anba enfliyans Gran Babilòn nan, sètadi anpi mondyal fo relijyon an (Women 2:29; Revelasyon 18:1-5). Depi 1919 pou rive jounen jodi a, Bondye fè vrè adorasyon an parèt ankò nan mitan vrè kretyen yo (Malaki 3:1-5). Depi lè sa a, pèp Jewova a ap adore l nan tanp espirityèl li a ki pwòp, sa vle di dispozisyon Jewova pran pou gen vrè adorasyon. Poukisa dispozisyon sa a enpòtan pou nou jodi a?

Poukisa li enpòtan pou vrè adorasyon an te parèt ankò?

9. Apre apot yo te fin mouri, ki sa chèf Legliz lakretyente yo te fè e ki sa yo te aprann moun yo, men, ki sa Jewova fè nan epòk nou an?

9 Ann egzamine sa k te pase nan listwa. Se vre, kretyen yo nan premye syèk la te jwenn anpil byenfè nan domèn espirityèl, men, Jezi ak apot yo te fè konnen vrè adorasyon an t ap vin kòwonpi e li t ap disparèt (Matye 13:24-30; Travay 20:29, 30). Apre apot yo te fin mouri, lakretyente te vin parèt. Chèf Legliz lakretyente yo te adopte yon seri ansèyman moun ki pa t ap adore vrè Dye a t ap anseye, e yo te adopte yon seri pratik moun ki pa t ap adore vrè Dye a t ap fè. Anplis de sa, etandone chèf Legliz sa yo ap anseye moun yo Bondye fè pati yon Trinite, yon ansèyman moun pa ka konprann, e yo aprann moun yo pou yo konfese peche yo devan prèt e pou yo priye Mari ak yon bann “sen” olye yo priye Jewova, sa vin lakòz yo fè Jewova parèt tankou yon Bondye nou pa ka pwoche bò kote l. Jodi a, apre plizyè syèk fin pase depi y ap anseye bann manti sa yo, ki sa Jewova fè? Lefètke monn n ap viv ladan l lan chaje ak anpil manti chèf Legliz yo ap anseye e li chaje ak pratik moun yo fè ki montre yo pa gen respè pou Bondye, Jewova oblije met bouch nan koze a e li fè vrè adorasyon an vin parèt ankò. San nou pa egzajere, nou ka di lefètke Jewova fè vrè adorasyon an vin parèt ankò, sa se pi gwo evènman ki fèt nan epòk nou an.

10, 11. a) Ki de bagay ki genyen nan paradi espirityèl la, e ki efè sa gen sou ou? b) Ki jan de moun Jewova ap rasanble nan paradi espirityèl la, e ki privilèj yo pral genyen?

10 Jodi a, nou ka di kretyen yo nan yon paradi espirityèl. Ki sa nou ka di paradi sa a gen ladan l? Paradi sa a gen de bagay ladan l. Premye bagay li gen ladan l se vrè adorasyon nou dwe bay Jewova, vrè Dye a. Se yon benediksyon Jewova ban nou lefètke adorasyon n ap ba li a pa kontamine ak manti. Epitou, bonjan manje espirityèl Jewova ban nou se yon lòt benediksyon sa ye, paske sa ede nou aprann konnen kiyès Papa nou ki nan syèl la ye, sa pou nou fè pou nou fè l plezi, e sa fè nou anvi pwoche bò kote l (Jan 4:24). Dezyèm bagay ki gen nan paradi espirityèl la se moun ki ladan l yo. Jan Izayi te anonse sa, “nan dènye pati jou yo”, Jewova ap anseye sèvitè l yo fason pou yo viv anpè. Antanke sèvitè Jewova, nou pa fè lagè ak lòt moun. Malgre enpèfeksyon nou yo, Jewova ede nou abiye ak “nouvo pèsonalite a”. Li beni efò nou fè yo lè li ban nou lespri sen l ki ede nou devlope bèl kalite lakay nou (Efezyen 4:22-24; Galat 5:22, 23). Lè w viv ann amoni ak lespri Bondye, ou ka di toutbon ou fè pati paradi espirityèl la.

11 Nan paradi espirityèl sa a, Jewova rasanble moun li renmen, anpalan de moun ki renmen l yo, ki renmen lapè e ki “rann yo kont yo bezwen [li]”. (Matye 5:3.) Moun sa yo pral gen privilèj pou yo wè travay ki pi estrawòdinè toujou Jewova pral fè pou l fè limanite ak tout tè a tounen jan yo te ye anvan an.

“Gade! Kounye a, m ap fè tout bagay vin tounèf”

12, 13. a) Poukisa ta dwe gen yon lòt reyalizasyon toujou ki pou fèt anrapò ak pwofesi sou bagay Bondye ap fè tounen jan yo te ye anvan yo? b) Jan Jewova te fè konn sa nan jaden Edenn nan, ki objektif li genyen pou tè a, e poukisa sa ban nou espwa?

12 Anpil nan pwofesi sou bagay Bondye t ap fè tounen jan yo te ye anvan an pa sèlman gen ladan l bagay ki t ap fèt nan domèn espirityèl. Pa egzanp, Izayi pale de yon epòk kote moun ki malad, moun k ap bwete, moun ki avèg ak moun ki soud pral geri e li te fè konnen menm lanmò pap la ankò (Izayi 25:8; 35:1-7). Izrayelit yo pa t wè pwofesi sa yo reyalize ak pwòp je yo nan epòk yo a. Byenke, nan epòk pa nou an, se nan domèn espirityèl nou wè pwofesi sa yo reyalize, nou gen bonjan rezon pou nou kwè pi devan pwomès sa yo pral reyalize, nan domèn fizik, sou tout tè a. Ki jan nou fè konn sa?

13 Nan jaden Edenn nan, Jewova te fè konnen aklè objektif li genyen pou tè a. Li te vle pou tout moun sou tè a viv ak kè kontan, pou yo gen bonjan sante e pou yo viv tankou yon sèl fanmi. Gason kou fi t ap gen pou yo pran swen tè a e pou yo pran swen bèt yo e pou yo fè tout tè a tounen yon paradi (Jenèz 1:28). Pou kounye a, se pa ni de ni twa bagay ki gen pou fèt anvan tè a tounen yon paradi. Men, nou gen asirans pèsonn pa ka bloke objektif Jewova genyen (Izayi 55:10, 11). Jezi, antanke Wa Jewova chwazi a, pral fè tout tè a tounen yon paradi. — Lik 23:43.

14, 15. a) Kòman Jewova pral fè “tout bagay vin tounèf”? b) Kòman lavi pral ye nan Paradi a e ki sa ou plis anvi wè ki fèt?

14 Imajine tout tè a ki tounen yon paradi! Men sa Jewova di konsènan epòk sa a: “Gade! Kounye a, m ap fè tout bagay vin tounèf.” ​(Revelasyon 21:5). Ann egzamine sa sa pral vle di pou nou. Lè Jewova fin itilize pouvwa li genyen pou l detwi sistèm mechan sa a, pral gen “yon syèl tounèf ak yon tè tounèf”, sa vle di pral gen yon nouvo gouvènman nan syèl la ki pral dirije yon tè tounèf ki gen moun ki renmen Jewova ladan l e k ap fè volonte l (2 Pyè 3:13). Bondye pral fèmen ni Satan ni demon l yo nan prizon (Revelasyon 20:3). Pou premye fwa depi plizyè milye ane, lèzòm ap resi libere anba move enfliyans Satan ak demon l yo, sa ki te lakòz koripsyon ak lahèn. Se pa ti soulaje lèzòm pral santi yo soulaje lè sa a!

15 Anfen, nou pral ka pran swen bèl tè sa a, jan Bondye te vle nou fè sa. Tè a gen kapasite pou l repare tèt li. Tout letan ak tout rivyè ki kontamine yo ap ka vin pwòp lè sa k ap kontamine tè a pa la ankò. Tout zòn ki te defigire akoz lagè yo ka vin bèl ankò lè pa gen lagè ankò. Ala yon plezi sa pral ye pou nou travay tè a! Konsa, n ap ede tè a vin yon bèl jaden, tankou jaden Edenn, k ap chaje ak tout kalite bèt ak plant! Olye lèzòm touye bèt ak plant san kontwòl, n ap vin anpè ak tout sa Bondye kreye yo. Menm timoun pap gen rezon pou yo pè bèt sovaj yo. — Izayi 9:6, 7; 11:1-9.

16. Nan Paradi a, lefètke Jewova ap fè bagay yo tounen jan yo te ye anvan an, ki efè sa pral genyen sou chak sèvitè fidèl li yo?

16 Anplis de sa, lefètke Bondye ap fè bagay yo tounen jan yo te ye anvan an, nou chak pèsonèlman ap ka santi efè sa ap gen sou nou. Apre Amagedòn, moun ki chape vivan yo pral wè mirak Bondye pral fè pou l geri tout moun sou tout tè a. Menm jan Jezi te fè sa lè l te sou tè a, li pral sèvi ak pouvwa Bondye ba li pou l fè moun ki avèg yo wè, moun ki soud yo tande e pou l fè moun k ap bwete yo ak moun ki malad yo jwenn bonjan sante (Matye 15:30). Moun ki aje yo pral gen menm fòs yo te genyen lè yo te jèn, y ap gen bonjan sante (Jòb 33:25). Kò yo ap vin djanm, pli ki nan kò yo pral disparèt, pati nan kò yo ak mis yo ki fin domaje akoz vyeyès ap vin anfòm. Tout moun ki pral viv sou tè a e ki fidèl pral santi peche ak enpèfeksyon yo gen nan yo ap disparèt tikras pa tikras. Se pa ti kontan nou pral kontan pou nou di Jewova mèsi poutèt jan l ap fè bagay yo tounen jan yo te ye anvan an! Kounye a, annou pale sou yon aspè ki pral bay bonjan kè kontan nan moman kote Bondye ap fè bagay yo tounen jan yo te ye anvan an.

Li bay moun mouri yo lavi ankò

17, 18. a) Pou ki rezon Jezi te repwoche Sadiseyen yo? b) Ki sa k te pase ki fè Eliya te mande Jewova resisite yon moun?

17 Nan premye syèk epòk nou an, gen kèk chèf relijye ki pa t kwè nan rezirèksyon. Yo te rele chèf relijye sa yo Sadiseyen. Jezi te repwoche chèf relijye sa yo. Men sa l te di yo: “Nou nan erè, paske nou pa konnen ni Ekriti yo, ni pisans Bondye.” ​(Matye 22:29). Pa gen manti nan sa, Labib montre Jewova gen pouvwa pou l bay moun mouri yo lavi ankò. Ki jan Labib montre sa?

18 Imajine sa k te pase nan epòk Eliya a. Gen yon vèv ki te gen yon pitit gason l ki te mouri e li te kenbe pitit la nan bra l. Pwofèt Eliya, ki te fè ladesant lakay vèv la pou yon bon ti tan, dwe te sezi lè l te wè pitit la mouri. Yon ti tan anvan sa, li te ede tipitit sa a pa mouri grangou. Petèt, Eliya te vin byen renmen tipitit la. Lè manman an wè tipitit la mouri, sa te ba l gwo lapenn. Tipitit gason l lan se sèl moun ki te rete ki te fè l sonje mari l ki mouri a. Petèt, vèv la te met espwa l sou tipitit gason l lan pou l pran swen l lè l vin granmoun. Men kounye a, vèv la te dekouraje, li te panse se Bondye k ap pini l pou erè li te fè. Eliya pa t ka wè vèv la vin gen plis soufrans toujou. Avèk jantiyès, Eliya pran kò tigason an nan bra manman an. Eliya monte anlè nan chanm li an ak kò tigason an, e li mande Jewova pou l resisite nanm tipitit la, sa vle di pou l bay tipitit la lavi ankò. — 1 Wa 17:8-21.

19, 20. a) Ki jan Abraram te montre li te gen lafwa nan pouvwa Jewova genyen pou l fè bagay yo tounen jan yo te ye anvan an, e ki rezon li te genyen pou l te kwè sa? b) Kòman Jewova te rekonpanse Eliya pou lafwa li te genyen an?

19 Eliya pa t premye moun ki kwè nan rezirèksyon. Plizyè syèk anvan sa, Abraram te kwè Jewova gen pouvwa pou l fè bagay yo tounen jan yo te ye anvan an, e li te gen bonjan rezon pou l kwè sa. Lè Abraram te gen 100 an e Sara te 90 an, Jewova te resisite kapasite yo te genyen pou yo fè timoun. Konsa, se grasa yon mirak Jewova te pèmèt Sara fè yon pitit gason (Jenèz 17:17; 21:2, 3). Pi devan, lè pitit gason yo a te vin gran, Jewova te mande Abraram pou l ofri pitit gason l lan kòm yon sakrifis. Abraram te demontre lafwa, li te kwè Jewova ka resisite Izarak, pitit gason li te renmen anpil la (Ebre 11:17-19). Yon lafwa solid konsa ka ede nou konprann rezon ki fè Abraram, anvan l te monte sou yon mòn pou l ofri pitit gason l lan kòm yon sakrifis, te bay sèvitè l yo garanti li menm ak Izarak t ap retounen ansanm. — Jenèz 22:5.

“Ou wè, pitit ou a vivan”!

20 Etandone Jewova pa t kite Abraram touye Izarak, pa t gen rezon pou Jewova fè yon rezirèksyon lè sa a. Sepandan, nan ka pa Eliya a, tigason vèv la te gentan mouri. Men, se te pou yon ti tan. Jewova te rekonpanse lafwa pwofèt la te genyen an lè l te resisite tipitit la. Annapre, Eliya te remèt tigason an bay manman l. Men pawòl Eliya te di anpil moun pap janm bliye: “Ou wè, pitit ou a vivan”! — 1 Wa 17:22-24.

21, 22. a) Pou ki rezon Bondye fè yo ekri istwa sou rezirèksyon nan Bib la? b) Nan Paradi a, kòman rezirèksyon an pral ye, e ki moun ki pral pèmèt sa fèt?

21 Istwa sa a se premye istwa nou li nan Bib la kote Jewova te itilize pouvwa li genyen pou l bay moun lavi ankò. Pi devan, Jewova te vin bay Elicha, Jezi, apot Pòl ak apot Pyè pouvwa pou yo bay moun mouri lavi ankò. Se vre, moun ki te resisite yo te mouri ankò. Men, istwa biblik sa yo ban nou yon bèl ide sou sa k ap tann nou pi devan.

22 Nan Paradi a, Jezi pral jwe wòl li antanke “rezirèksyon ak lavi a”. (Jan 11:25.) Li pral resisite plizyè milya moun, konsa li pral ba yo posiblite pou yo viv pou toutan sou tè a ki pral tounen yon paradi (Jan 5:28, 29). Imajine jan sa pral bèl lè bon zanmi ak fanmi lanmò te separe pandan anpil tan pral bay bèl akolad tèlman y ap kontan! Tout moun sou tè a pral louwe Jewova pou fason l sèvi ak pouvwa li genyen pou l fè bagay yo tounen jan yo te ye anvan an.

23. Ki pi gwo fason Jewova te demontre pisans li, e ki jan aksyon sa a ban nou garanti esperans nou genyen pou nou wè moun pa nou yo ki mouri pral reyalize pi devan?

23 Nou gen bonjan rezon pou nou kwè Jewova pral reyalize pwomès li fè yo. Lè l te resisite Jezi, Pitit Gason l lan, se te pi gwo fason li te demontre pisans li genyen an. Apre li te fin resisite Jezi, li te fè l vin yon zanj pisan. Konsa, se zanj sa a ki vin gen plis pisans apre Jewova. Apre Bondye te fin resisite Jezi, Jezi te parèt devan plizyè santèn moun (1 Korentyen 15:5, 6). Wè moun te wè Jezi apre l te fin resisite ta dwe sifi pou moun ki te gen dout Bondye te resisite Jezi vre. Jewova gen pouvwa pou l bay moun ki mouri lavi ankò.

24. Poukisa nou mèt gen konfyans Jewova pral resisite moun ki mouri, e ki espwa nou chak genyen nou pa dwe janm bliye?

24 Jewova pa sèlman gen pouvwa pou l bay moun ki mouri lavi ankò, men tou li gen volonte pou l fè sa. Jewova te enspire Jòb pou l fè konnen li gen gwo anvi pou l bay moun ki mouri lavi ankò (Jòb 14:15). Èske w pa anvi pwoche bò kote Bondye nou an, li menm ki vle sèvi ak pouvwa li genyen pou l fè bagay yo tounen jan yo te ye anvan an e k ap fè sa paske li renmen nou? Men pa bliye, rezirèksyon an se sèlman youn nan aspè nan kokennchenn travay Jewova pral fè pi devan pou l fè bagay yo tounen jan yo te ye anvan an. Toutpandan w ap pwoche pi pre Jewova, pa janm bliye bèl espwa w genyen pou w la lè Jewova pral “fè tout bagay vin tounèf”. — Revelasyon 21:5.

^ § 3 Epòk kote Jewova ap fè “tout bagay [...] tounen jan yo te ye anvan an” te kòmanse lè Bondye te etabli Wayòm Mesi a. Se yon eritye wa David, yon moun ki te fidèl, ki alatèt Wayòm sa a. Jewova te pwomèt David li t ap gen yon eritye ki t ap gen pou l dirije pou toutan (Sòm 89:35-37). Men, apre Babilonyen yo te fin detwi Jerizalèm nan ane 607 anvan epòk nou an, pa t gen yon desandan David ki te vin chita sou twòn Bondye a. Jezi, ki te vin fèt sou tè a e ki te yon eritye David, te reyalize pwomès Bondye te fè David depi lontan an lè li te vin wa nan syèl la.

^ § 6 Pa egzanp men non pwofèt yo ki te ekri sou sijè sa a: Moyiz, Izayi, Jeremi, Ezekyèl, Ocheya, Yowèl, Amòs, Obadya, Mika ak Sefànya.