Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 10

“Se pou nou imite Bondye” nan fason nou sèvi ak pouvwa nou genyen

“Se pou nou imite Bondye” nan fason nou sèvi ak pouvwa nou genyen

1. Antanke moun enpafè, nan ki pyèj anba anba li fasil pou nou tonbe?

GEN yon powèt ki t ap viv nan 19yèm syèk la ki te di: “Pa janm gen pouvwa san pa gen yon pyèj ki kache dèyè pouvwa sa a.” Pawòl sa yo fè nou wè danje anba anba ki genyen lè yon moun gen pouvwa: moun konn gen tandans mal sèvi ak pouvwa yo genyen. Malerezman, antanke moun enpafè, li fasil pou nou tonbe nan pyèj sa a. Anfèt, pandan tout listwa, ‘moun domine sou moun pou fè yo soufri’. (Eklezyas 8:9, Bib la.) Lè yon moun ap sèvi ak pouvwa l genyen san l pa demontre lanmou, sa lakòz anpil moun soufri.

2, 3. a) Ki sa k enteresan nan fason Jewova itilize pisans li? b) Ki sa pouvwa nou genyen an gendwa gen ladan l, e kòman nou tout ta dwe sèvi avè l?

2 Men, èske sa pa enteresan lefètke nou konnen Jewova, ki gen yon pisans ki san limit, pa janm mal sèvi ak pouvwa li genyen? Jan nou te wè sa nan chapit anvan yo, kit se lè Jewova ap sèvi ak pisans li genyen pou l kreye, pisans pou l detwi, pisans pou l pwoteje oubyen pisans pou l fè bagay yo tounen jan yo te ye anvan an, li toujou sèvi ak pisans li ann amoni ak objektif li. Lè nou medite sou fason li itilize pisans li genyen, sa fè nou anvi pwoche bò kote l. Konsa, sa ka fè nou “imite Bondye” nan fason n ap sèvi ak pouvwa nou genyen (Efezyen 5:1). Men, ki pouvwa konsa moun ki fèt ak pousyè ka genyen?

3 Nou pa dwe bliye lèzòm fèt “pòtre ak [Bondye]”, sa vle di nou gen menm kalite avè l (Jenèz 1:26, 27). Kidonk, nou menm tou nou gen pouvwa, menmsi li pa anpil. Pouvwa nou genyen an gendwa gen ladan l: kapasite nou genyen pou nou reyalize objektif nou ak kapasite pou nou travay. Li gendwa gen ladan l tou pouvwa oswa otorite nou gen sou lòt moun, enfliyans nou ka gen sou lòt moun, sitou moun ki renmen nou, e san nou pa bliye fòs nou genyen ak byen nou posede. Men sa yon salmis fè konnen sou Jewova: “Se ou menm ki sous lavi a.” ​(Sòm 36:9, Bib la). Donk, kit se dirèkteman, kit se pa dirèkteman, se nan Bondye tout pouvwa yon moun ka genyen soti. Se pou rezon sa a nou vle sèvi ak pouvwa nou genyen an pou nou fè l plezi. Kòman nou ka fè sa?

Lanmou enpòtan anpil

4, 5. a) Ki kalite ki enpòtan anpil k ap ede nou byen sèvi ak pouvwa nou genyen an, e kòman Bondye ban nou egzanp nan domèn sa a? b) Kòman lanmou ede nou byen sèvi ak pouvwa nou genyen an?

4 Yon kalite ki enpòtan anpil k ap ede nou byen sèvi ak pouvwa nou genyen an se lanmou. Bondye ban nou egzanp nan domèn sa a. Sonje nou te fè yon ti pale, nan chapit 1 an, sou kat kalite prensipal Bondye genyen yo, anpalan de pisans, jistis, sajès ak lanmou. Ki kalite ki pi enpòtan nan kat kalite sa yo? Repons lan se lanmou. Men sa 1 Jan 4:8 fè konnen: “Bondye se lanmou.” Wi, Jewova se lanmou, e kalite sa a parèt nan tout sa l fè. Donk, chak fwa li demontre pisans li, se lanmou ki pouse l fè sa, e lè l demontre pisans li se ede li vle ede moun ki renmen l yo.

5 Lefètke nou menm tou nou gen lanmou, sa ede nou pou nou byen sèvi ak pouvwa nou genyen an. Annefè, Labib fè nou konnen yon moun ki gen lanmou gen “byenveyans” lakay li, e moun sa a “pa chèche pwòp enterè l”. (1 Korentyen 13:4, 5.) Kidonk, lanmou nou gen lakay nou ap anpeche nou maltrete oswa toupizi moun nou gen otorite sou yo. Olye de sa, lanmou nou gen lakay nou ap pouse nou demontre respè pou lòt moun e l ap ede nou mete enterè yo ak santiman yo anvan enterè pa nou ak santiman pa nou. — Filipyen 2:3, 4.

6, 7. a) Ki sa lakrentif pou Bondye vle di, e poukisa kalite sa a anpeche nou mal sèvi ak pouvwa nou genyen an? b) Bay yon egzanp ki montre rapò ki genyen ant lakrentif nou gen pou Bondye ak lanmou nou gen pou li.

6 Gen yon lòt kalite, ki gen rapò ak lanmou, k ap ede nou pou nou pa mal sèvi ak pouvwa nou genyen an. Kalite sa a se lakrentif pou Bondye. Poukisa kalite sa a enpòtan? Men sa Bib la fè konnen: ‘Lè yon moun gen lakrentif pou Bondye, l ap evite fè sa ki mal.’ ​(Pwovèb 16:6, Bib la). Youn nan bagay ki mal nou dwe evite fè se mal sèvi ak pouvwa nou genyen an. Lakrentif nou gen pou Bondye ap anpeche nou maltrete moun nou gen otorite sou yo. Poukisa nou di sa? Youn nan rezon ki fè nou di sa se paske nou konnen n ap gen pou nou rann Bondye kont pou fason nou boule ak moun ki anba otorite nou (Neyemya 5:1-7, 15). Sepandan, lakrentif nou gen pou Bondye mande plis pase sa. Souvan, mo lè yo tradui l nan Bib la yo mete “lakrentif” pou li a vle di yon gwo respè pou Bondye. Bib la montre gen yon rapò ant lakrentif nou gen pou Bondye ak lanmou nou gen pou li (Detewonòm 10:12, 13). Lakrentif nou gen pou Bondye pouse nou aji yon fason ki pap fè l fache. Rezon ki fè nou aji konsa se pa paske nou pè pou Bondye pa pini nou, men pito se paske nou renmen l toutbon.

7 Ann pran egzanp yon tigason ki gen bonjan relasyon ak papa l. Tigason an ka wè jan papa l renmen l e jan papa l enterese nan li. Men, tigason an konnen tou ki sa papa l vle l fè, e li konnen si l fè dezòd papa l ap pini l. Se pa pè tigason an pè papa l ki fè l pa fè dezòd. Etandone li renmen papa l anpil, li pran plezi pou l fè kè papa l kontan. Se menm bagay la tou lè nou gen lakrentif pou Bondye. Lefètke nou renmen Jewova, Papa nou ki nan syèl la, nou pa vle fè anyen k ap fè ‘kè l tris’. (Jenèz 6:6.) Nou pran plezi pou n fè kè l kontan (Pwovèb 27:11). Se pou rezon sa a nou vle byen sèvi ak pouvwa nou genyen an. Ann egzamine kòman nou ka rive fè sa.

Nan fanmi an

8. a) Ki otorite yon mari gen nan fanmi l, e kòman li dwe sèvi ak otorite sa a? b) Kòman yon mari ka demontre li onore madanm li?

8 Ann reflechi sou wòl chak moun nan yon fanmi genyen. Men sa Efezyen 5:23 fè konnen: “Yon mari se chèf madanm li.” Kòman yon mari dwe sèvi ak otorite sa a Bondye ba li a? Labib fè mari yo konnen yo dwe viv ak madanm yo ‘dapre konesans e yo dwe onore yo tankou yon veso ki pi fèb’. (1 Pyè 3:7.) Mo grèk, lè yo tradui l, yo mete “onore” pou li a vle di “pri, valè, [...] respè”. Pou yo tradui lòt mo ki soti nan mo sa a, yo konn mete “kado” oswa “anpil valè” pou li (Travay 28:10; 1 Pyè 2:7). Yon mari ki onore madanm li pap janm bat li e li pap janm imilye l oubyen joure l, sa ki ka fè madanm li santi l pa vo anyen. Olye de sa, yon mari rekonèt madanm li gen valè pou li e li trete madanm li avèk respè. Nan pawòl li di madanm li ak nan fason l trete l, kit gen moun la, kit pa gen moun la, li montre madanm li gen anpil valè nan je l (Pwovèb 31:28). Yon mari konsa ap fè madanm li renmen l e madanm li ap gen respè pou li. Men, sa ki pi enpòtan an, mari sa a ap fè kè Bondye kontan.

Mari yo ak madam yo byen sèvi ak pouvwa yo genyen an lè yo demontre lanmou ak respè youn pou lòt.

9. a) Ki otorite madanm yo genyen nan fanmi an? b) Ki sa k ka ede yon madanm sèvi ak kapasite li genyen yo pou l ede mari l, e ki rezilta sa ap bay?

9 Madanm yo tou gen otorite nan fanmi an. Bib la pale de kèk medam, ki te gen gwo respè pou Bondye, ki te aji yon fason pou yo te ede mari yo aji byen e pou yo te ede mari yo korije fason yo te wè bagay yo, san yo pa t bliye wòl yo nan fanmi an (Jenèz 21:9-12; 27:46–28:2). Yon madanm ka pi entèlijan pase mari l oswa li ka gen lòt kapasite mari l pa genyen. Malgre sa, madanm sa a dwe gen “gwo respè” pou mari l e li dwe “soumèt” anba direksyon mari l “devan Seyè a”. (Efezyen 5:22, 33.) Yon madanm k ap chèche fè Bondye plezi ap sèvi ak kapasite li genyen yo pou l ede mari l olye li sèvi avè yo pou l rabese mari l oubyen pou l eseye dirije l. Yon madanm ki gen “bon konprann” byen kowopere ak mari l yon fason pou bagay yo ka byen mache nan fanmi an. Konsa, madanm sa a ap kontinye kenbe bon relasyon li genyen ak Bondye. — Pwovèb 14:1.

10. a) Ki otorite Bondye bay paran yo? b) Ki sa mo “disiplin” lan vle di, e ki jan yon paran dwe bay disiplin? (Gade nòt anba paj la tou.)

10 Bondye bay paran yo otorite tou. Men sa Bib la fè konnen: “Nou menm papa, pa irite pitit nou, men kontinye leve yo nan disiplin Jewova ak nan avètisman l bay.” ​(Efezyen 6:4). Nan Bib la, mo “disiplin” nan ka vle di “leve, fòme, bay enstriksyon”. Timoun yo bezwen disiplin. Lè yo jwenn bonjan enstriksyon ki klè e yo gen prensip ki di yo sa yo ka fè ak sa yo pa ka fè, sa ede yo gen kè kontan e sa ede yo reyisi nan lavi a. Labib montre gen yon rapò ant disiplin, oswa enstriksyon, avèk lanmou (Pwovèb 13:24). Kidonk, yon paran pa dwe janm mal sèvi ak “baton disiplin nan”, kit se nan domèn fizik, kit se nan domèn afektif * (Pwovèb 22:15; 29:15). Lè yon paran disipline pitit li yon fason ki twò di oswa li disipline pitit li san li pa gen lanmou nan kè l pou li, se mal li mal sèvi ak otorite li genyen an, e sa ka dekouraje pitit li anpil (Kolosyen 3:21). Men, lè yon paran byen disipline pitit li, sa fè pitit la konnen paran l renmen l e paran l enterese nan kalite moun l ap vin ye demen.

11. Kòman jèn yo ka byen sèvi ak otorite yo genyen an?

11 E timoun yo menm, kòman yo ka byen sèvi ak otorite yo genyen an? Men sa Pwovèb 20:29 fè konnen: “Bote jènjan yo se fòs yo”. Vrèmanvre, pi bon fason yon jèn ka sèvi ak fòs li genyen an se lè li sèvi “Gran Kreyatè” a (Eklezyas 12:1). Jèn yo dwe sonje aksyon yo fè gen efè sou paran yo (Pwovèb 23:24, 25). Lè jèn yo obeyi paran yo k ap sèvi Bondye, e lè yo mache nan chemen Bondye, sa fè kè paran yo kontan (Efezyen 6:1). Lè yo obeyi paran yo, sa “agreyab nan Seyè a”, sa vle di sa fè Bondye plezi. — Kolosyen 3:20.

Nan kongregasyon an

12, 13. a) Ki pwennvi ansyen yo dwe genyen sou otorite yo genyen nan kongregasyon an? b) Bay yon egzanp ki montre jan ansyen yo dwe trete moun nan kongregasyon an avèk tandrès.

12 Jewova mete gason alatèt kongregasyon an pou bay moun ki nan kongregasyon an direksyon (Ebre 13:17). Se Bondye ki kalifye gason sa yo e se li ki ba yo otorite pou yo pran swen kongregasyon an e pou yo ede l pwogrese. Èske sa vle di wòl ansyen yo jwe a ba yo dwa pou yo domine sou kwayan parèy yo? Non. Ansyen yo dwe wè wòl yo jwe nan kongregasyon an yon fason ki ekilibre e ki montre yo gen imilite lakay yo (1 Pyè 5:2, 3). Men sa Labib fè ansyen yo konnen: “Pran swen kongregasyon Bondye a, yon kongregasyon li achte ak san pwòp Pitit li a.” ​(Travay 20:28). Etandone Bondye mande yo pran swen kongregasyon an, yo gen bonjan rezon pou byen boule ak chak moun nan kongregasyon an e pou yo fè sa avèk tandrès.

13 Ann pran yon egzanp pou ede nou pi byen konprann: Yon bon zanmi w mande w pran swen yon bagay li genyen ki gen anpil valè. Ou konnen zanmi w lan te peye bagay sa a chè. Èske w pa t ap byen pran swen bagay sa a? Se menm jan an, Bondye mande ansyen yo pou yo pran swen yon bagay li genyen ki gen anpil valè, anpalan de kongregasyon an. Labib konpare moun ki nan kongregasyon an ak mouton (Jan 21:16, 17). Mouton Jewova yo gen anpil valè nan je l. Anfèt, yo tèlman gen valè pou li, li te achte yo ak san Jezi Kris, sèl Pitit li te fè a. Se pa ti chè Jewova peye chè pou mouton l yo! Ansyen yo, ki gen imilite lakay yo, pa janm bliye sa e yo trete mouton Jewova yo jan yo dwe trete yo.

Pouvwa ‘pawòl nou di’ genyen

14. Ki pouvwa pawòl nou di yo genyen?

14 Men sa Bib la fè konnen: ‘Pawòl nou di ka vle di lavi pou nou, li ka vle di lanmò pou nou.’ ​(Pwovèb 18:21, Bib la). Anfèt, pawòl nou di ka lakòz anpil dega. Èske sa pa janm rive w yon moun di w yon pawòl san reflechi oswa li fè w yon remak ki blese w? Men, pawòl nou tou ka ankouraje moun. Men sa Bib la fè konnen: ‘Pawòl moun ki gen bon konprann se remèd.’ ​(Pwovèb 12:18, Bib la). Wi, lè nou di bon pawòl pou ankouraje lòt moun, se kòmsi n ap pase remèd sou blesi yo genyen pou soulaje doulè yo. Ann egzamine kèk egzanp.

15, 16. Kòman nou ka sèvi ak pawòl nou pou nou ankouraje lòt moun?

15 Men sa 1 Tesalonisyen 5:14 fè konnen: “Pale yon fason pou nou konsole moun ki tris yo.” Menm moun k ap sèvi Jewova fidèlman konn santi yo dekouraje anpil pafwa. Kòman nou ka ede yo lè konsa? Nou ka ede yo lè nou felisite yo ak tout kè nou pou sa yo fè ki bon. Konsa, yo ka santi yo gen valè nan je Jewova. Piske Pawòl ki nan Bib la pisan, nou ka pale sou kèk nan pawòl sa yo avèk yo. Chèche Pawòl nan Bib la ki montre jan Jewova renmen moun ki gen “kè yo [k ap] fann” ak moun ki santi “lespri yo kraze”. (Sòm 34:18.) Lè nou sèvi ak pawòl nou pou ankouraje lòt moun, n ap imite Bondye nou an, Li menm ki gen anpil konpasyon e “ki konn konsole moun ki dekouraje”. — 2 Korentyen 7:6.

16 Anplis de sa, nou ka sèvi ak pawòl nou pou nou ankouraje lòt moun ki vrèman bezwen sa. Èske gen yon kretyen parèy nou ki gen yon moun li renmen ki mouri? Pawòl nou di ki montre nou konprann doulè l e ki montre jan nou renmen l ka ede l jwenn rekonfò. Èske gen yon frè oswa yon sè aje ki santi li pa itil? Pawòl ankourajan nou di moun sa a ka fè l konnen li gen anpil valè pou nou e nou renmen l. Èske gen yon moun ki gen lontan depi l ap soufri anba yon maladi? Lè nou rele moun sa a nan telefòn oswa nou ba l yon ti vizit, sa ka fè l kontan. Ala kontan Kreyatè nou an dwe kontan lè l wè nou sèvi ak pawòl nou pou nou “fòtifye moun”! — Efezyen 4:29.

Patisipe nan travay predikasyon an se yon bon fason pou nou sèvi ak pouvwa nou genyen an.

17. Ki pi bon fason nou ka sèvi ak pawòl nou pou nou ede lòt moun, e poukisa nou dwe fè sa?

17 Pa gen pi bon fason nou ka sèvi ak pawòl nou pou n ede moun pase lè nou pataje bon nouvèl sou Wayòm Bondye a avèk yo. Men sa Pwovèb 3:27 fè konnen: “Pa refize fè byen pou moun ou dwe yo sa, chak fwa ou gen pouvwa nan men w pou w fè sa.” Se yon obligasyon nou genyen pou nou fè moun yo tande bon nouvèl k ap pèmèt yo sove lavi yo a. Li pa t ap bon pou nou kenbe mesaj enpòtan sa a Jewova fè nou konnen an pou nou sèlman (1 Korentyen 9:16, 22). Men, jis nan ki pwen Jewova atann pou nou pataje mesaj sa a?

Ann sèvi Jewova ak “tout fòs” nou

18. Ki sa Jewova atann pou nou fè?

18 Lefètke nou renmen Jewova, sa pouse nou patisipe nan travay predikasyon an ak tout nou menm. Ki sa Jewova atann pou nou fè nan domèn sa a? Gen yon bagay Jewova atann pou nou tout fè, kèlkeswa sitiyasyon nou. Men sa Bib la fè konnen: “Kèlkeswa sa n ap fè, fè l ak tout nanm nou, tankou se pou Jewova, e non pa pou lèzòm.” ​(Kolosyen 3:23). Men kòmandman Jezi te di ki pi enpòtan: “Ou dwe renmen Jewova, Bondye w la, ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout lespri w e ak tout fòs ou.” ​(Mak 12:30). Se sèten, Jewova atann pou nou chak renmen l e pou nou sèvi l ak tout nanm nou.

19, 20. a) Etandone nanm nan fè referans ak kè a, lespri a ak fòs yon moun, poukisa yo pale de kapasite sa yo apa nan Mak 12:30? b) Ki sa sa vle di pou nou sèvi Jewova ak tout nanm nou?

19 Ki sa sa vle di pou nou sèvi Bondye ak tout nanm nou? Mo nanm nan fè referans ak tout moun nan, sa vle di ni kò moun nan ni kapasite mantal li. Etandone mo nanm nan fè referans ak kè, lespri ak fòs, poukisa yo pale de kè a, lespri a ak fòs la apa nan Mak 12:30? Ann pran yon egzanp: Nan tan biblik yo, yon moun te ka vann tèt li sa vle di nanm li kòm esklav. Epoutan, esklav sa a te ka pa sèvi mèt li ak tout nanm li. Li te ka pa sèvi ak tout fòs li oswa tout kapasite mantal li pou l fè travay mèt li a mache (Kolosyen 3:22). Kidonk, li klè Jezi te pale de kapasite sa yo apa dekwa pou l te mete aksan sou enpòtans pou nou pa kite anyen fè nou pa sèvi Bondye ak tout nou menm. Pou nou sèvi Bondye ak tout nanm nou, sa mande pou nou sèvi ak tout fòs nou ak tout enèji nou toutotan sa posib nan sèvis n ap ba li a.

20 Èske sèvi Bondye ak tout nanm nou vle di nou tout dwe pase menm kantite tan nan travay predikasyon an e nou tout dwe depanse menm kantite enèji nan travay sa a? Non, sa pa t ap posib paske sitiyasyon ak kapasite chak moun pa menm. Pa egzanp, yon jèn ki an sante e ki djanm ka pase plis tan nan travay predikasyon an pase yon moun ki pa gen anpil fòs e ki pa fin gen bon sante akoz laj. Yon moun ki pa marye e ki pa gen fanmi sou kont li ka fè plis nan travay predikasyon an pase yon moun ki gen yon fanmi sou kont li. Si nou se moun ki an sante e nou nan yon sitiyasyon ki pèmèt nou fè plis toujou nan travay predikasyon an, se pa ti kontan nou ta dwe kontan pou sa! Byennantandi, nou pa ta dwe vin ap kritike lòt moun ni nou pa ta dwe ap konpare tèt nou ak lòt moun (Women 14:10-12). Olye de sa, nou dwe sèvi ak pouvwa nou genyen, sa vle di fòs ak kapasite nou genyen, pou nou ankouraje lòt moun.

21. Otank nou kapab, ki pi bon fason pou nou sèvi ak pouvwa nou genyen an?

21 Se Jewova ki bay pi bon egzanp nan byen sèvi ak pouvwa li genyen. Antanke moun enpafè, nou vle imite Jewova otank nou kapab. Nou ka byen sèvi ak pouvwa nou genyen an lè nou byen boule ak moun nou gen otorite sou yo. Anplis de sa, nou vle patisipe nan travay Jewova ban nou fè a ak tout nanm nou, anpalan de travay predikasyon an k ap pèmèt moun yo sove lavi yo (Women 10:13, 14). Pa bliye, Jewova kontan lè nou fè tout sa nou kapab, sa vle di nou bay tout nanm nou nan sèvis n ap ba li a. Èske w pa anvi fè tout sa w kapab pou w sèvi yon Bondye ki plen lanmou konsa? Se pi bon fason pou nou sèvi ak pouvwa nou genyen an.

^ § 10 Nan tan biblik yo, mo ebre yo te itilize pou “baton” an te vle di yon gòl, menm jan ak baton yon bèje te konn itilize lè l t ap bay mouton l yo direksyon (Sòm 23:4). Menm jan an tou, paran yo ta dwe sèvi ak “baton” yo genyen an, anpalan de otorite yo genyen an, yon fason pou bay pitit yo direksyon avèk amou, san yo pa fè sa yon fason ki di oswa ki brital.